Leson enpòtan

 Manje lenmò


▪︎Kafe dous.

▪︎Kafe anmè. 

▪︎Chokola.

▪︎Labouyi farin frans.

▪︎Labouyi kè mayi. 

▪︎Pitimi blanch ou ak pwa wouj.

▪︎Diri blan ak sèl.

▪︎Diri blan san sèl. 

▪︎Diri ak pwa wouj. 

▪︎Yon vè lèt bouyi natirèl. 

▪︎Yon gode dlo kokoye.

▪︎W'ap pran nannan an tou mete sou tab la. 

▪︎Yon gode dlo sikre. 

▪︎Te jenjanm. 

▪︎Te anmè. 

▪︎Laye sèk pou marasa. 

▪︎Pen fre. 

▪︎Pen boukannen. 

▪︎Kasav. 

▪︎Kleren. 

▪︎Siga tabak. 

▪︎Fèy tabak. 

▪︎Tabak an poud. 

▪︎Pip

▪︎W'ap fè yon kwiy ak viv boukannen ak aransèl boukannen ak bon piman rache met sou li. 


Ou ka mete manje ak bwason ou konnen nenpòt manb nan fanmiy lan te renmen tou. 


W'ap fè yon lanp nan yon lanp tèt gridap, oubyen nan yon zoranj si. 


Bat pou lanp lan pa janm etèn. 


W'ap ekri non tout mò nan fanmiy ou mete lanp sa si se nan lanp tèt gridap la, si se nan zoranj si W'ap mete papye a anba zoranj si a.


Tab lenmò dwe dire 9 jou.


W'ap fè kafe mete sou tab la chak maten, pa bliye paran nou yo te renmen kafe cho.


W'ap mete pen fre tou chak maten, pa bliye gran paran nou yo te renmen pen fre.


Ou ka itilize vèvè inivèsèl pou tab mò yo. Oubyen vèvè nou rele vèvè ginen an. 


W'ap trase yon sèk, W'ap fè yon kwa anndan sèk la pou pwent kwa a touche sèk la nan kat pwent yo. 


W'ap mete yon balèn oubyen yon chandèl nan tèt vèvè a, W'ap mete kafe dous ak anmè a yonn nan chak pwent, W'ap mete yon gode dlo nan lòt pwent la. 


W'ap mete laye a nan mitan vèvè a. 


Ou ka trase l ak sann dife, poud chabon, oubyen farin mayi.


Si ou gen konesans pou fè l ou ka fè afè w pou kont ou. 


Si ou ka peye yon pè savan pou chante kèk kantik pou ou, ak pou envite mò yo vin resevwa li pa pwoblèm.Yon pye tabak plen benefis men konsa l danje tou. 


- Bwa tabak la ka sèvi nan fè tretman fredite men se konnen n pou fè l. 


- Poud tabak la pa menm afè ak fèy la ni bwa a paske li deja transfòme. 


-Bout tabak gen zafè pa l, non sèlman mistik men ansyen yo itilize l paske l ka trete sinizit . 


- Poud tabak pa fèt pou moun bwè. 


- Moun mete poud tabak sou yo pou kwape move zè, wonga ak malfektè. Yo mare l ou mete l nan yon bagay epi pote l nan pòch yo ou sou yo pou poud ak kout pyès pa travèse yo. Li gen fòs pa l vre. 


- Se pa san rezon yo rele poud tabak la poud Ginen, byenke yo konn bay tè simityè non sa tou pafwa nan pratik la. 


- Tabak pa jwe, li ka debalanse tanperati kò w menm jan l ka regilarize l. 


- Granmoun ayisyen lontan te byen metrize plant sa, yo te konn kiltive l, depi nan nouris rive nan mano tabak la. 


- Tabak la tèlman pa jwe, lè w fè jounen nan travay nan jaden tabak, ou pa la ale nan dlo konsa. Granmoun konn ba w vapè nan yon chanm, epi rad ou travay la pou wete sou ou. Sinon w ap malad la pou la, lafyèv move move. 


- Fèy tabak la gen byenfè pa l, ou ka trete kèk maladi tèt ak doulè e fredi tou. Grese l ak lwil maskreti pou sinèji a. Chofe l, aplike l topikalman. 


- Lè pye tabak l ap grandi li koumanse boujonnen ou kase tèt la, la plus founi la pi pou l ba w plis grenn. 


- Lavèy w ap kase l fòk ou prepare l, toufe ak bay vapè, gen tout yon pwosesis byen elabore pou kilti tabak la. 


- Lè w te prepare grenn yo, fè twou a, ou wouze, plante, wouze, kouvri l ak pay fèy kokoye oswa lòt bagay ki ka kouvri yo. Wouze nan maten epi rekouvri, jis boujonnen epi nouris yo pran fòs yon bon semans. W ap ka transplante yo nan tè ki prepare pou jaden an. Yon pye nan chak twou.Siyifikasyon Lè w reve ou gen lwa nan dòmi.


Si w wè lwa monte w w ap fè tretman pou moun 


Sa vle di w se yon moun yo bezwen chita travay. 


SI W WÈ LWA MONTE W PANDAN W NAN LARI OUBYEN PANDAN W AP PASE NAN YON KAFOU. 


Sa vle di w genyon lènmi k ap voye atake w nan lari, atak la kapab mystik oubyen fizik, lè sa w ap mande lwa bitasyon w pou yo pwoteje w plis, konsa tou lwa ka monte w pandan bann chanpwèl bare w sa vle di yo montre w yo la avè w, ou konn menm wè w wè w ap vole men se Agawou ki konn plis ba w pouvwa sa. 


SI W WÈ LWA MONTE W NAN LANMÈ. 


Sa vle di espri dlo yo fè w konnen yo avè w, yo kanpe bò kote w, w ap gen pou achte bagay yo pou yo, yo vle w sèvi yo, w ap gen pou fè demand ak yo, w ap mete dlo nan yon kivèt blan epi w ap limen balèn blan w ap pale ak yo. 


SI W WÈ LWA MONTE W PANDAN W WÈ W NAN BITASYON W, SWA W AP AK YON BALÈN KENBE NAN MEN W OUBYEN W AP FÈ YON BAGAY. 


Lè sa se espri Bitasyon w ki konn bezwen prezans ou nan bitasyon an, kapab tou se ou menm yo chwazi pou responsab bitasyon an kòm gid. 


SI W WÈ LWA MONTE W NAN LYE KOTE W AP TRAVAY LA. 


Sa vle di ou genyon moun nan travay la k ap chèche fè w mal, lè sa w ap gen pou pale ak lwa pou l vin montre w ki moun k ap fè w mal la, e l ap fè w wè moun nan lan dòmi. Lè sa w ap kapab fè plis pridans e mande lwa yo pou yo toujou pwoteje w, toujou jete ti kafe pou yo. 


Lè w wè ou gen lwa lakay ou 


Pandan lwa monte w nan dòmi li kapab fè w wè ki lwa li ye, swa li site non l, oubyen li ka fè w wè ki koulè mouchwa ki nan tèt ou, koulè rad ki sou ou, e se avèk sa yo w ap kapab wè ki lwa ki sou ou, pi souvan si w wè lwa monte w ou chita ou pa pale sa vle di lwa sa bezwen w sèvi l, li fè w wè se li ki mèt ou, w ap gen pou devwa achte bagay li yo, avan li vin monte w la l ap gentan pale avè w nan lòt rèv kote l ap di w tout sa w ap gen pou achte pou li, se tèt di li wè w ap fè ki fè l chwazi monte w la, sa se dènye faz la li fè w wè l monte w, si w fè tèt di li pap bon pou ou. 


Men kisa w ap fè lè w fin achte bagay li yo, w ap pale avè l ak yon balèn epi yon gode dlo, w ap di l vin pale avè w ankò, w ap depoze gode dlo a bò tèt ou ak balèn nan atansyon wi pou pa mete dife nan kay la wi. 


SI W WÈ LWA MONTE W NAN SIMITYÈ. 


Si w wè se nan mitan simityè a a ou ye, sa vle di espri gede yo bezwen prezans, w ap gen pou fè ti kafe pou yo, ou kapab fè sa lakay ou, oubyen ale nan simityè a, men si w wè se devan bawon ou ye ou wè w pale epi lwa monte w sa vle di genyon moun ki ale fè w mal devan bawon, w ap gen pou ale nan simityè sa w ap mande bawon pou l toujou pwoteje w e pou l montre w moun sa nan dòmi.


Jodia mpral pale'w de yon gwo lwa ki gen anpil valè nn lavi spirityèl chak ayisyen, nan kwono katolik la lwa sa aliyen sou imaj St Expédie. 


Se li menm ki papa epi chèf tout gede yo BAWON se lwa ki senbolize pasaj la vi ak lanmò,menm lè wap pran tout prekosyon pou pa mouri. 


Depi premye ak 2 novanm rive ou paka pa pnse ak lanmò,gen yon pawòl ki di si kafou pa bay simityè pap jwenn,BAWON, KALFOU, GRAN BWA, SIMBI MAKAYA se 4 gwo tonton lwa ki fòme kare majik la, 


Mwen ka di tou a yo 4 yo fòme yon eskòt majisyen BAWON se nonm GRANN BRIJIT ki senbolize la justice la maternité et qui supervise les morts ,non nou tande pi souvan yo se BAWON LAKWA ki senbolize kijan chak moun t viv sou ti bout tè sa epi kay etènèl yo lè yo antre nn tonb yo pou kont yo BAWON SIMITYÈ ki se premye moun ki anteren nn nenpòt simityè BAWON SIMITYÈ a tou se li menm ki anpeche mò yo soti nn simityè a e ki anpeche vivan yo antre nn simityè a nou gnyn BAWON SAMDI oubyen BAWON SANMDI or BAWON SAMADI ki se premye pitit Aganman Ibo ki se yon lwa andwojin,se li menm tou ki mèt lavi ak lanmò an mèm tan. 


Nou gen BAWON KRIMINÈL ki se yon lwa vanjè ki jije ak pini mò yo,gen BAWON KARA BAWON KALFOU BAWON LENTO BAWON LORAN VYE BAWON ak yon pakèt lòt ankò,depi yon moun gen lwa sa li pap kite piman'l li pap kite wonm li atè,yo renmn manje bagay ki boukanen epi yo renmn bwè kola, jou li se lendi, vandredi, samdi, yo fete li premye ak 2 novanm ki se fête des morts nan legliz katolik la sa nou rele fête la Toussaint an, se lwa sa tou ki bay otorizasyon pou fè zonbifikasyon. 


Dans la culture moderne notamment BARON apparaît dans las princesse et la grenouille non li se Doktè Facilié,avan sa tou nn ane 1973 li t parèt nn yon fim ki rele Live And Let Die ki vle di vivre et laisser mourir,janm te di a se li menm ki bay otorizasyon pou fè zonbifikasyon, daprè sa listwa rakonte siw gn yn moun ki mouri ou pata renmn malfektè pran zonbi moun sa ou dwe fè ofrann ak BAWON SAMDI pou'l ka pwoteje nanm moun sa. 


Se yon lwa banbochè ki renmn plezi anpil esak fè yo defini li tou kòm symbole de la sexualité et de la fertilitéDAT SAYO ENPOTAN NAN SELEBRASYON GEDE 


💜🖤💜🖤💜🖤💜💜🖤💜🖤💜🖤💜🖤💜🖤💜🖤💜🖤 


1e ak 2 novanm, se yon dat enpòtan pou chak ayisyen ki pataje e pratike kwayans vodou. Yo komemore fanmi yo ki mouri deja e remèsye tout lwa pwotektè mò yo tankou fanmi lwa bawon yo: bawon simityè, bawon samdi, bawon lakwa, bawon kriminèl, grann brijit, elatriye. 


Jou sa yo se jou plizyè kwayan vodou reyini nan simityè, nan peristil oubyen nan lari pou manifeste espirityalite yo ki makònen ak kilti yo atravè seremoni tradisyonèl kote vodouyizan ap danse, jete dlo, manje piman…  


Lwa gede se lwa ayisyen selebre prensipalman nan jou sa, yo reyini nan pye bawon, limen bouji pou lapriyè, fè demann, depoze boutèy wonm, kafe, mayi griye, elatriye. 


Se yon fèt tou ki gen yon enpòtans kapital nan kilti nou. Yo konsidere l kòm eritaj relijye chak ayisyen. Se yon aktivite festif ki montre sa n genyen kòm idantite, kòm valè kiltirèl ak espirityèl.Kiyès ki Baron an , kisal reprezante nan vodou aa? 


Baron se yon esprit ki ap jere Mort nan simityè ke nou kadi li se yon gadò nan simityè kote lè Mort a vini fol salyel poul pale ak Guede poul ka Fouye tou pou mete Mort a 


Se li menm tou lè yon moun preske Mouri pou yo rele nan tretman saa poul al negosye pou moun saa pou lot lwa yo ka jwen pasaj pou yo Travay, misye plis kwè nan mal ke byen paske kèl tou nwa  


Selimenm tou ki relye kafou latè ak kafou mond invizib 

Pouw pale ak li se pouw fin relel nan bariyè pou legba baw pase apre pouw al kotel 


Note byen :baron reprezante pa yon gwo kwa nwa nan simityè a 


1bawon lakwa , bawon samedi ,bawon simityè ,bawon kriminel 


2 bawon bwè rhum babancourt 5 etwl et fimen tabac ampil 

3 abimanl se nwa , e chapo nwa kigen yon rel blan ladanl ,li dim li se neg ki pi Fre nan mond lan paske se moun prop ki mete koulè nwa 

4 li manje banan boukanen epi aransel ak ampil piman 


Mezanmi baron gen madanm wi hmmmmm , madan baron se grann Brigitte li menm depi yo voyel nan zafè kraze relation fanm ak Gason se poppop na tounen souli 


Depiw Mouri se baron ki menenw jije misye pakonn Toro li menm 🤣🤣🤣☆Dyò Bawon☆...... 


Demand pou lè ou bezwen asistans zansèt ou. 


Limen bouji nwa oubyen lanp tèt gridap Jou samdi oubyen lendi. 


Sèvi wonm bitasyon blan, kwi aran sèl ak patat boukannen, piman. 


Bawon Samadi, Bawon simityè, Bawon lakwa Nèg gedeviwelo, nèg 3 wou, 3 pens, 3 pikwa, Nèg ki gen pouvwa sou tout nanm ki travèse. Ou kanpe djanm devan simityè se ou k'ap veye pòt kote nanm pase, pòt ki separe limyè ak fè nwa. 


Tanpri mwen gen bezwen ... ki travèse jou ki te ... Ba li pèmisyon pou li tande mwen. Mwen mande pasaj pou li travèse ede mwen ou trè pwisan Bawon Kòmande nanm yo ki deja travèse pou vini pote mwen sekou. 


Mwen fè'w demand sa-a, nan non Gede Wensou Kensou Mazaka Lakwa. 


Kwasenmbo...Si w' ta gen yon moun ki pèdi kilòt li epi ki vin gen malèz : 


• W'ap fè li mete yon kilòt nwa sou li pandan 7 jou, sou setyèm jou a w'ap fè li ale nan yon pye sen fanm. Lè w' tounen, fè li lave kilòt la ak yon moso savon san sèvi, l'ap bwè premye dlo a epi l'ap benyen ak rès la. Premye dlo a se san savon.


Priyè Dantò. 


Priyè pou mande Dantò asistans, ak lè ou angaje. 


Limen balèn ble oubyen lanp lwil maskreti jou madi oubyen 

samdi.

Sèvi diven wouj, diri jòn ak pwa nwa, wonn kou kochon, poulèt 

poul nwa, banann peze. Gato ble. 


Nan Lafwa, lesperans ak la charite

Pa pouvwa Mèt syèl la, Mèt tè a, Mèt dlo a, Mèt dife a. 


Manman Ezili Dantò, mwen, pitit ou, ap rele ou Jodi a. 


Sou bitasyon manman kite fè manman mwen. 


Sou bitasyon papa kite fè manman mwen. 


Manman Ezili Dantò pitit ou ap rele ou.


Ou menm ki soti sou bitasyon manman ki fè papa mwen.


E papa ki te fè papa mwen.


Panche zòrèy ou Mètrès Dantò

Tande plent mwen manman.


Jodi a mwen pote tout pwoblèm yo devan ou. 


Se ou sèl mwen genyen kòm defansè depi tout tan. 


E pou tout tan k ap gen tan. 


Pa kite mwen wont devan lenmi yo manman Dantò. 


Pa kite pèsonn griyen dan sou mwen.


Mande mwen sa mwen te kwè?


Mwen priye ou konsa paske mwen kwè nan lanmou. 


Ou genyen pou chak pitit ou

Ki mache sou prensip ak règleman.


Bilolo bilolo bilolo.Djò Ézili Dantò. 


Demand ak Mètrès Dantò pou nou jwenn asistans, ak lè nou angaje. 


Limen balèn ble oubyen lanp lwil maskreti jou madi oubyen samdi. 


Sèvi diven wouj, diri jòn ak pwa nwa, wonn kou kochon, poulèt poul nwa, banann peze. Gato ble. 


Pa pouvwa Enèji Kreyatris la ki kreye Linivè ak 4 fòs kosmik yo. 


Manman Ezili Dantò, mwen, pitit ou, ap rele ou jodi a, sou bitasyon manman kite fè manman mwen, sou bitasyon papa kite fè manman mwen. Manman

Ezili Dantò pitit-ou ap rele'w, ou menm ki soti sou bitasyon manman ki fè papa mwen e papa ki te fè papa mwen, panche zòrèy ou Mètrès Dantò, tande plent mwen manman, jodi-a mwen pote tout pwoblèm yo devan ou Se ou sèl mwen genyen kòm defansè depi tout tan pou tout tan k'ap gen tan. 


Pa kite mwen wont devan lènmi yo manman Dantò, pa kite pèsonn griyen dan sou mwen, mande mwen sa mwen te kwè? 


Mwen fè'w demand sa paske mwen kwè nan lanmou ou genyen pou chak pitit ou ki mache sou prensip ak règleman. 


Bilolo Bilolo Bilolo...Grann ezili 


Se dantò sou dimansyon granmoun.


Lwa grann yo regroupe an eskòt. 


Grann ezili

Grann silibo

Grann tesifreda.

Etc...


Tout lwa grann yo souvan viv nan dlo paske yo rele lwa blan.Vèvè Èzili Dantò.


Èske Nou Te Konnen Vèvè Dantò Se Avèk Poud Chabon Dife Li Trase?


Yo Fè Seremoni Sila Atè a Pou Reprezante Lwa Èzili Dantò, Ki Sou Rit Petwo. Eske Nou te Konnen Tou Poud Chabon Bwa a, Valab Pou Vèvè Eskòt Baron ak Gede yo Tou ? Pou Vèvè Dantò a ou ka Ajoute Yon ti Poud Digo Ble Ladan l pou Fè l Bèl. Men Baz Vèvè Dantò a Se Poud Chabon Bwa ak Poud Digo Se Konsa Seremoni Sa Woule Nan Anpil Lakou Vodou Aysiyen. 


Nb: Gen Kote Yo Konn Fè l Avèk Poud Kafe Tou. Selon Regleman Kay La.Èzili Je wouj 


Èzili Je wouj sòti anndan rit petwo a, li sou 3e dimansyon nan estòk lwa Ezili yo.

Li sou dimansyon gad.

Nou gen Èzili Dantò ki se Rèn, Mètrès nan estòk Èzili yo. Li menm li sou dimansyon lwa sèlman sa vle di pou travay avè l ou pap bezwen jouke l.

Èzili boran sou 2ème dimansyon estòk Èzili a, li menm li sou dimansyon lwa e gad, sa vle di pou travay avè l fòk ou jouke l.


Èzili je wouj se yon espri lè l desann ki brigan anpil, li tankou ogou paske depi l desann se ak kouto l li annafè, e nan jouk kote w jouke l ou sipoze mete yon kouto manch fè ak yon kouto manch bwa pou li.


Li manje diri kole ak pwa nwa ou pwa wouj, wonn kou kochon, li manje tchaka tou lè w ap jouke l ou sipoze fè tchaka pou li, men ou sipoze mete 4 pye kochon an, nen kochon an, zòrèy kochon an, san kochon genyon travay w ap fè avè l nan jouk la sa ki dwe rete kòm sekrè, men tout moun k ap jouke l ap konn kisa pou yo fè ak san. Li bwè diven wouj, men si se sou rit bitasyon w ou ka ba li kola wouj.

Koulè li se wouj, men si w ap jouke l se wouj e nwa w ap ba l pote menm jan ak bosou, Sousou, Lenglensou, Towo kriminèl, Djab an dèy elatriye.Lwa yo nan Vodou Ayisyen an. 


Kilès lwa yo ye ak kote yo soti nan vodou Ayisyen an?


Nan vodou Ayisyen, lwa yo (ke moun pafwa rele "mistè" ou "zanj") se lespri diven ki sèvi kòm medyatè ant moun ak Bondye Siprèm nan, ke yo rele Bondye oswa Gran Mèt la. Yo se fòs natirèl, prensip, ak zansèt divinize ki gen yon enpak dirèk sou lavi chak jou.


☆Orijin ak Tip Lwa yo.


Orijin lwa yo se yon melanj de kilti ak istwa pèp Ayisyen an, ki soti nan plizyè sous diferan:


▪︎Rasin Afriken yo.


Majorite lwa yo soti nan tradisyon relijye nan Afrik Lwès, espesyalman pami pèp Fon (ki soti nan sa ki rele kounye a Benen) ak pèp Yoruba (ki soti nan Nijerya). 


Sa gen ladan lwa tankou Papa Legba, ki soti nan divinite Eshu-Elegba nan Yoruba, ak lwa tankou Damballah Wedo, ki soti nan divinite Dan nan Fon.


Lespri sa yo te travèse Atlantik la avèk esklav yo, epi yo te evolye nan yon nouvo fòm nan Ayiti.


▪︎Enfliyans Endyen Tayino yo.


Pandan koloni an, Ayisyen yo te rankontre lespri endijèn Tayino yo, ki te premye moun ki rete sou zile a. Gen kèk pratik ak kwayans vodou ki gen tras enfliyans Tayino, byenke sa pa osi pwononse ke enfliyans Afriken an.


☆Sintèz ak Katolisis.


Pou kache pratik vodou yo anba je mèt esklav yo, ki te pèsikte yo, esklav yo te kòmanse idantifye lwa yo ak sen katolik. Pa egzanp, Ogou Feray (yon lwa vanyan gason) vin idantifye ak Sen Jak Majeur, ak Ezili Dantò vin idantifye ak Manman Mari nan mòn Kármèl. Sa te kreye yon sistèm kote vodou ak katolik melanje, sa yo rele senkretism, ki trè prezan nan vodou Ayisyen jodi a.


Lwa yo divize an fanmi, chak fanmi gen pwòp karakteristik, rit, ak koulè pa yo:


☆Fanmi Rada


Sa a se fanmi ki pi ansyen an, ki soti dirèkteman nan tradisyon Afriken yo. Lwa Rada yo asosye ak lespri ki gen kè poze, byenfè, ak nativite. Yo respekte tradisyon ak lòd. Kèk lwa nan fanmi sa a se Papa Legba, Loko Atisou, Ayizan, ak Damballah Wedo.


☆Fanmi Petro

   

Fanmi Petro a se yon gwoup lwa ki te fòme nan Ayiti menm, pandan epòk esklavaj la. Yo asosye ak revolisyon, rezistans, ak lafòs. 


Lwa Petro yo gen yon enèji ki pi rapid, pi pwisan, epi pafwa pi danjere. Yo sèvi avèk yo pou jwenn jistis ak pouvwa. Ezili Dantò, Ti Jan Petro, fè pati fanmi sa a.


☆Fanmi Ibo

   

Lwa Ibo yo reprezante lespri pèp Ibo ki soti Nijerya, ki te esklav nan Ayiti. Yo gen yon enèji ki pi vivan epi yo ka aji ak yon lespri lib.


☆Fanmi Kongo ak Nago

   

Fanmi sa yo se yon pati nan divizyon lwa yo, ki soti nan divès gwoup etnik Afriken. Lwa Kongo yo se yon pati enpòtan nan vodou Ayisyen an, e lwa Nago yo asosye ak pèp Yoruba a e souvan gen rapò ak pouvwa ak fòs.


Womble Zili. 


PA POUVWA 

RÈN ÈZILI DANTÒ

ÈZILI MAPYANG 

ÈZILI JE WOUJ

ÈZILI BALYANG 

ÈZILI 7 KOUT KOUTO

ÈZILI KATAPLOU

ÈZILI LAFLANBO

ki se RÈN LATÈ

Rèn Bizango 

Makanda 

Blengendeng 

Wete po mete po 

Chanje po 

Fanm ki janbe rivyè pyel pa mouye

Fanm KAPLAWOU ki KATA KATA SEDO SEKA mwen kriye Bilolo pou nou tout ki nan Lakou a.

Nan non 7 pik MAKAYA, Simbi MAKAYA, 

MAKAYA bonmba Eskalye bonmba

Simityè bonmba Sanmannan pwen yan.


Bilolo Bilolo Bilolo !!! 


Mete limyè nan Chato Lwa yoÈZILI DANTÒ 


jou li se madi et samdi

Manje li se: Diri kole a pwa nwa, bannann peze avèk griyo vyann kochon, kafe dous, sigarèt mantwole.


Li renmen rezen wouj tou avèk zoranj dous. 


Bwason: Cinzano, Tia Maria, Grand-Marnier, vin rouge sucré, sirop de grenadine de couleur rouge. 


Koulè li se : Ble wayal ou wouj. 


Pafen: Florida, Rêve d’or. 


Mouchwa li se Ble Wayal avèk rouj, Bouji li se blewayal ak wouj tou, Li Renmen Ponya li, Bouke flè sitou wouj yo.


pyè presye li se: Ajan. 


Li trete sèvitè li byen depi w respekte regleman pa l la, li jalou anpil moun ki sèvi l pa dwe ale nan relasyon jou pa l la.Lanp pou Èzili Dantò. 


Pou 'w antre an kontak dirèk ak Dantò ki di Madan Lenba pou'w pale ak li w'ap bezwen: 


▪︎Yon ti chodyè 3 pye.

▪︎Lwil maskriti.

▪︎Grès kochon.

▪︎Yon diven wouj.

▪︎7 piman bouk si se yon bagay prese prese w'ap mande'l ki vle di yon bagay ki cho w'ap mande'l.

▪︎Poud presipite wouj.

▪︎3 kalite pwav (pwav towo, pwav ginen, pwav manje ki vle di pwav yo konn fè manje a)... 


W'ap pran ti chodyè a avan'w sèvi ak li w'ap lave'l ak tè ki vle di w'ap foubi'l ak tè apresa'w rense'l ak dlo tyèd ke'w pran ti florida ou ajoute ladanl, apresa w'ap siye chodyè a ak yon ke wòb ou oswa 

pwent chemiz ou/mayo'w ou oswa yon mouchwa ke'w te gen pou metrès la deja...


Wap pran ti chodyè sa a w'ap vide lwil kochon an apresa ou ajoute lwil maskreti a apresa'w mete 3 

kalite pwav yo apresa'w mete 7 piman yo apresa'w mete presipite wouj la. w'ap fè yon mèch koton ak le pouce ak le majeur ou (pa kite index ou touche ak mèch la) epi w'ap mete'l chita nan mitan 

chodyè a...apresa limen'l prezante'l 4 fasad epi apresa depoze'l atè vide 3 gout diven atè epi chita, fè demand ou pale ak metrès la, konsantre'w sou sa w'ap fè a libere lespri'w de tout vye panse negatif. 


N.B : Pa bliye avan'w fè travay sa ou dwe benyen ak dlo lanmè oswa si'w pa gen dlo lanmè ou pran dlo ou ajoute sèl san sèvi ladan'l pou'w kapab pirifye'w epi netwaye kay ou byen pwòp vide florida nan kay la fè kay la santi bon, si'w pa gen florida sèvi ak bazilik epi chanje dra sou kabann lan. Se swa dra a koulè blan oswa koulè metrès la renmen an... si'w byen fè'l ou kapab tou wè metres la je klè . 


Pa bliye pou ouverture travay sila ou dwe toujou mande pasaj ak Legba, met gran chimen, mèt kafou, mèt bitasyon.Ezili dantò


Ezili danto nan latibonit yo relel madan madan lenba nan nò peyi a yo relel madan borang


 Ezili borang C yon lwa ki pran fom koulev. Ezili nan langaj "fon" ki vle di fanm. Ezili nan twa etap ak plizye dimansyon 


Le fanm nan gen mari ak pitit li gen responsabilite c etap ezili danthor.


Le fi a jèn c etap ezili freda.


Le fanm nan vinn granmoun c etap grann èzili.


Ezili dantò pou tout peyi a. Jou mardi ezili dantò, yon mouchwa ble mare tet li yon ti pitit sou bral lè sa u di ayibobo pou li.


Le ezili sou rit petwo li gen yon ponya nan menl ak bouch li plen san li mare tet li ak yon mouchwa nwa yo salyel sou rit sa bilolo 


Lel sou rit petwo c la ren chanpwel 


Nan nò peyi a ezili borang c yon lot bagay jou li c merkredi, Nan ba lenbe lel manifeste u k wel ak de kouto nan menl oubyen yon manchèt le sa li sou rit Petwo.


Madan borang sou rit petwo mache mwatye moun mwatye bet ki c koulev c yon lwa ki bay anpil lajanEziie Dantò 


Èzili se yonn nan lwa ki pi komen nan vodou. Li asosye ak jistis, pwoteksyon, biznis, abondans, pwosperite.


Se yon divinité ki asosye nan relasyon fanm ak gason. Nan zafè fètilité li se yon jeni. 


Pwoteksyon timoun, ledikasyon ak Kòman pou leve pitit ou. 


Yo souvan reprezante l avèk yon ti bebe nan men dwat li, avèk yon ponya nan men goch, ki senbolize pwoteksyon, nan zafè Jistis Yo Souvan reprezante l ak yon epé nan men goch, yon balans nan men dwat.


Vèvè li reprezante ak yon kè epi yon ponyan pèse kè a, ki siyifi vanjans. 


Nan rit bizango, Èzili Dantò se yon rèn sou non Je Wouj...


Li se yon lwa ki manifesté sou eleman tè ak difé.


N'ap jwenn lwa sa sou plizye dimansyon, men divinite sa prezanté sou 3 gwo dimansyon kote yo vini nan yon sikonstans espesifik, dimansyon jenn fanm, li se ezili freda, dimansyon manman pitit, li se ezili dantò, dimansyon grann, li se grann èzili. 


Nan eskot èskot èzili nap jwenn : 


Èzili dantò; pwoteksyon, jistis, souvan akonpanye ogou feray, ogou badagri, ogou yanmsan. 


Èzili jé wouj : vanjans, rèn lagè, souvan akonpanye ogou jé wouj, ogou fè aleman, ogou misan, ogou lélé . 


Èzili balyann : gerizon, wanga fèy nan bwa souvan akonpanye mèt granbwa ilé. 


Èzili danwezo: manifestasyon pwisans dife, lwa boukan dife, ak gerizon nanm, souvan akonpanye, simbi danwezo . 


Èzili danpetro : manifestasyon pwisans tè a , souvan akonpanye tijan petro, mèt brize. 


Èzili mapyangé ou mapyang : riz ak estrateji , souvan akonpanye badè-koulélé, ak sobo-naki . 


Èzili 7 kout-kouto: Rèn lagè, vanjans, souvan akonpanye, ogou balizay, ogou badagri . 


Pou'm site sa yo sèlman, nan eskòt ezili an nap jwenn plizyè dimansyon ak atribisyon. 


Bilolo🔥Bag Dantò. 


Pyè safi ble - bag alyans Ezili Dantò 


(Pierre saphir bleu) Rekonèt kòm pyè presye ki pi pwisan. Li pòte richès, popilarite, ak siksè nan lavi itilitè a. 


Pou pi bon rezilta astwolojik, yon pyè mwayèn klere oubyen safi ble fonse. Li rekòmande pou’w itilize ‘l avèk metal ajan. Dwèt preferab pou’w pote bag sa se nan dwèt mwayèn (twazyèm dwèt) nan men travay la. 


Twazyèm dwèt nan menw lye avèk eleman dife, planèt Saturne e li son sant enèjetik ki se twazyèm chakra solèy plèksus ou, sant enèjetik sa jwe yon gwo wòl fondamental nan developman pouvwa pèsonèl ou. Gon rezon manbo a jwe yon gwo wòl nan vi nou e di nou yon bò l se dlo, lòt bò l se dife…. 


Metal ajan reprezante bon konprann, pite, ak trankilite. Metal ajan aktyèlman se yon ajan fò antibyotik ki ede nan batay kont enfeksyon. Lè'w mete yon bag an ajan, li ogmante nan bote'w.  


🎶alon bèl fanm se Ezili o…🎶 


Metal ajan lye avek laline nan, yo kwè ke'l son miwa nanm nan ki ede 'w wè tèt nou tankou lòt moun wè w. 


Metal ajan reprezante espwa, pèseverans, renmen san kondisyon, meditasyon, vizyon mistik, sansibilite, jantiyès, ak kapasite Sichik e li senbolize fòs sibtil. 


Pyè safi ble asosye avèk planèt _Saturne_ Pyè safi ble rekòmande pou moun ki soufwi faz difisil nan epòk planèt _Saturne_ lye direkteman avèk siy astwolojik ou. 


Dimansyon madanm nan lye avèk koulè mouchwa ble, wouj, e nwa lè l mande alyans sa. 


Benefis Pyè safi ble:

• Siksè nan biznis, travay, ak pwojè endepandan.

• Disiplin, Pasyans, ak Detachman.

• Ranfòse lespri, zo ak sans ou. 


🎶Ezili o fanm chans mwen rele li pou we…🎶 


🎶se marye m marye ak lwa m, mwen paka divòse ankò…🎶 


Lè madanm nan mandew yon bag ajan Pyè ble safi se

Abobo Abobo AbobDantò ak Freda. 


Nan Mitoloji vodou nou an, nou leve nou jwenn yo di nou gen 2 imaj, yonn se Dantor, yonn se Freda ..., yo di nou Dantò ak Freda se Matlòt, yo goumen pou nèg...


Danto se te restavèk Freda, Dantò pran nèg la ki se Ogou ... lè freda konnen li batay ak dantò, li ba li pote 3 Mak, depi lè sa Dantò sove. Li tou ledmi ak Freda. Depi lè a yonn pa vle wè lòt... Nou menm nou leve nou pranl konsa nou kontinye viv ladanl, nap chache evolye ladanl ... hummm. 


Poukisa yo kreye Mith sa? Se Fason pou yo montrew ke blan siperyè nwa ... Nwa pa konn posede anyen. Nwa se volè, Nwa se pi move nasyon sou latè ... Se yon travay Sikolojik kap fèt sou ou, se fason sa yo aprann ou rayi tèt ou epi frè ak sèw. Se fason pou yo aprann ou konte sou yo, pa janm fè efò ak tèt ou. Se 2em fason yo te konprann pou kenbe nou esklav se te nan mantal nou...men si nou te fè bon sans nou travay nou tap konprann yon bagay.

   

Nou tap konprann imaj yo ban nou pou Freda oswa Dantò a se Sen . Santa Barbara ak santa Doloresa se kretyen vivan ki tap viv pami moun sou tè a, nan Pakou lavi yo ki te ede anpil moun nan fason pa yo epi Legliz katolik romèn Kanonize yo apre lanmò yo...sa vle di mete yo nan pantheon Senkretizasyon an. 


Sa vle di Legliz katolik bati anpi li sou Mò ...Nap konprann tou ke legliz katolik aprann nou Adore Mò yo, kilt ansestral yo nap konprann kote yo soti, se nou menm ankò ki bay legliz tout pouvwa sa, nan adore Lwa yo atravè sen malgre se yo ki t enpoze nou sa nan peryòd esklavaj.   


Eske Lwa nou te moun, èske yo tap viv sou latè ??? (Atansyon!!! M'pa di gad non).


Non .. Lwa yo pat janm moun , yo pat ap viv sou tè a. Lwa yo se Espri, Divinite Gadyen ki la pou ede Lavi a, le mond kontinye Chimenl ... 


Lwa yo se branch ki soti nan Bondye Lavi a ... Divinite a se espri ki plase pi wo a, lap veye le mond, Yon peyi , yap pataje Limyè ki vle di konesans ki pou ede jwenn lespri kreativite lakay ou pouw fè Mond lan oubyen peyi ou ye a fonksyone ...


Nan pi ba dimansyon ki se Gardyen yo, yo la pou yon peyi, yap veye sou tout sa Bondye lavi a t kreye, Tankou Pye bwa, sous dlo, forêt yo, moun ect...


Lwa yo pa gen Imaj , yo pa gen Fòm, yo pa gen sèks. Yo se Enèji, yo se van, yo se dlo, yo se dife, yo se latè, yo chè de poul ou konn santi, yo se pawòl kap sot nan bouch ou, yo se Emosyonw ect ... 


Senbolik Lwa yo se Vèvè ak Eleman yo ...


Yon Vèvè se yon Imaj Senbolik ou yon figi jewometrik ki gen ladanl anpil Kòd pouw kominike ak Yon Lwa ...


Ou klase Lwa yo Daprè 4 eleman Naturel ki fè Alyans pou Lavi a kontinye wout li ki se : Dlo, Dife, Van ak Tè. Wap jwen Lwa yo a travè Eleman sa yo.


Danto ak Freda pa ennmi jan Moun yo ki kreye Mit la dil la. Okontrè yo se Konplemantarite. Lè m di Konplemantarite sa vle di yonn pa fonksyone san lòt ... yo Sè, chak gen travay pa yo, yo fè Sou La Nati, ak Lavi nou menm èt imen.


Freda reprezante Lajounen, sa vle di Solèy , Dantò reprezante Lannwit sa vle di Lalin. San Lajounen pa ka gen Lannwit ... se sak fe anpil fwa lè nou al Kay Gangan li diw siw fè pou yonn fòk ou fè pou lòt la... Men kòm edikasyon anpil Vodouvi pa fèt, lap diw Ou fè pou Dantò, ou pa fe pou Freda, lap fè Jalouzi, se pa jalouzi lap fe mezanmi, se rityèl ou an ki jis pa konplè, paske fòk ou rèspèkte prensip Konplemantarite a...


Nan Lavi tout etre Humain gen Freda ak Danto ... depiw Jèn de 16 ans a 25 ans ou nan stad Freda, sa vle di ou nan Laj foli, ou pa tandew pa wè se damouw vinn damou, ou pa pran ou pa bay konsèy sa w ap fè se li ou wè ak konprann, dis kenz mil dola se dlo pou ou paske w pa redi travay pou li, wap jwen tout kalte fanm ak gason filew epi yo gen mwayen, chans ou Upgrade, Wa pa papaw Prezidan pa bopèw, premyè dam pat bèlmèw ou santi ozanj.


Eben ou nan stad sa. Freda se Lajwa, lanmou, la beaute, la richès san redi... epi li renmen fleur sa vle depi lanati ap fleri Freda la ... Freda se Eleman Dlo. Ou liminen pou li nan yon Bòl ou asyèt blan.


Tandike lè w kòmanse pran frap lavi a, ou pa gen pèsòn pou edew , se ouk pou debrouyew bay tèt ou lavi ak tout fanmiw, lèw gen pitit nan menw se ouk pou okipel , lèw ap travay ou vinn konn kòman pouw depanse chak grenn dola, ou antre nan Stad Dantò w, lè Ou vin Mature .. Ezili Dantò se Senbòl Maturite .. se sak fè liminasyonl fèt nan yon ti chodyè 3 pye, ki siyifi baz kay la, 3 wòch dife.


Lèw gade pye ti chodye 3 pye a wap wel fet tankou yon triangle ki vle di dimansyon de Lòm, lèw grandi ou kòmanse responsab ... Dantò se Eleman Tè, yo rele l : La Matrice Universelle: Manman Lavi ... ou Limen Lwil Maskreti pou li ... koule li se Bleu Digo.oye 🕯💦

◦ 

🕯🕯🕯🕯🕯🕯🕯Èzili dantò 


Kòman ou ka rekonèt Èzili Dantò nan yon peristil?        


Se sèl lwa sa ki gen rob tradisyonèl ayisyèn ke tout fanm nan peyi dayiti kapab swiv pou yo fon ròb pou yo mete, ou santi ayisyanite a nan li lè'w wèl. 


Tèt li mare ak mouchwa ble a. 


Ki odè Dantò renmen? 


Se lew pran sant bazilik, ti bonm, sitronèl, florida, rèv dò, ponpeya ou santi dantò nan kay la. 


Lè'w an detrès lènmi barew anwo, lènmi bare'w anba, ponya ki konn nan men manman Dantò a wap pranl ou siyale avèl 4 fasad epi wap tande vwa manman an k'ap baw direksyon. 


Ou konn swaf ou grangou ou pa konn sa pouw fè ou pran boutèy diven wouj manman dantò a ou jete 3 kout devan pòt kay la, wap tande vwal kap pale andan’w epi swaf ou a ap pase. 


Kisa Dantò manje? 


Yon poulèt poul nwa, ou byen yon ronn kou kochon, diri jòn, pwa nwa, bannan, patat, yanm ou pa bezwen fè sèvis lakay ou pouw manje manje yo. 


Jou madi a ou levew prepare manje sa yo ou envitel vin manje ak ou epi grangouw fini. 


Bwè kola ak la fanmi an epi dantò ap vin bwè avèw. 


Manman inivèsèl, fanm sedwizant, fanm respektyèz, fanm lanmou, fanm sansib, fanm karesan, fanm ki pa nan diskriminasyon, fanm ki renmen ou 


Ou se nanm nou manman.Dantò ak Freda. 


Nan Mitoloji vodou nou an, nou leve nou jwenn yo di nou gen 2 imaj, yonn se Dantor, yonn se Freda ..., yo di nou Dantò ak Freda se Matlòt, yo goumen pou nèg...


Danto se te restavèk Freda, Dantò pran nèg la ki se Ogou ... lè freda konnen li batay ak dantò, li ba li pote 3 Mak, depi lè sa Dantò sove. Li tou ledmi ak Freda. Depi lè a yonn pa vle wè lòt... Nou menm nou leve nou pranl konsa nou kontinye viv ladanl, nap chache evolye ladanl ... hummm. 


Poukisa yo kreye Mith sa? Se Fason pou yo montrew ke blan siperyè nwa ... Nwa pa konn posede anyen. Nwa se volè, Nwa se pi move nasyon sou latè ... Se yon travay Sikolojik kap fèt sou ou, se fason sa yo aprann ou rayi tèt ou epi frè ak sèw. Se fason pou yo aprann ou konte sou yo, pa janm fè efò ak tèt ou. Se 2em fason yo te konprann pou kenbe nou esklav se te nan mantal nou...men si nou te fè bon sans nou travay nou tap konprann yon bagay.

   

Nou tap konprann imaj yo ban nou pou Freda oswa Dantò a se Sen . Santa Barbara ak santa Doloresa se kretyen vivan ki tap viv pami moun sou tè a, nan Pakou lavi yo ki te ede anpil moun nan fason pa yo epi Legliz katolik romèn Kanonize yo apre lanmò yo...sa vle di mete yo nan pantheon Senkretizasyon an. 


Sa vle di Legliz katolik bati anpi li sou Mò ...Nap konprann tou ke legliz katolik aprann nou Adore Mò yo, kilt ansestral yo nap konprann kote yo soti, se nou menm ankò ki bay legliz tout pouvwa sa, nan adore Lwa yo atravè sen malgre se yo ki t enpoze nou sa nan peryòd esklavaj.   


Eske Lwa nou te moun, èske yo tap viv sou latè ??? (Atansyon!!! M'pa di gad non).


Non .. Lwa yo pat janm moun , yo pat ap viv sou tè a. Lwa yo se Espri, Divinite Gadyen ki la pou ede Lavi a, le mond kontinye Chimenl ... 


Lwa yo se branch ki soti nan Bondye Lavi a ... Divinite a se espri ki plase pi wo a, lap veye le mond, Yon peyi , yap pataje Limyè ki vle di konesans ki pou ede jwenn lespri kreativite lakay ou pouw fè Mond lan oubyen peyi ou ye a fonksyone ...


Nan pi ba dimansyon ki se Gardyen yo, yo la pou yon peyi, yap veye sou tout sa Bondye lavi a t kreye, Tankou Pye bwa, sous dlo, forêt yo, moun ect...


Lwa yo pa gen Imaj , yo pa gen Fòm, yo pa gen sèks. Yo se Enèji, yo se van, yo se dlo, yo se dife, yo se latè, yo chè de poul ou konn santi, yo se pawòl kap sot nan bouch ou, yo se Emosyonw ect ... 


Senbolik Lwa yo se Vèvè ak Eleman yo ...


Yon Vèvè se yon Imaj Senbolik ou yon figi jewometrik ki gen ladanl anpil Kòd pouw kominike ak Yon Lwa ...


Ou klase Lwa yo Daprè 4 eleman Naturel ki fè Alyans pou Lavi a kontinye wout li ki se : Dlo, Dife, Van ak Tè. Wap jwen Lwa yo a travè Eleman sa yo.


Danto ak Freda pa ennmi jan Moun yo ki kreye Mit la dil la. Okontrè yo se Konplemantarite. Lè m di Konplemantarite sa vle di yonn pa fonksyone san lòt ... yo Sè, chak gen travay pa yo, yo fè Sou La Nati, ak Lavi nou menm èt imen.


Freda reprezante Lajounen, sa vle di Solèy , Dantò reprezante Lannwit sa vle di Lalin. San Lajounen pa ka gen Lannwit ... se sak fe anpil fwa lè nou al Kay Gangan li diw siw fè pou yonn fòk ou fè pou lòt la... Men kòm edikasyon anpil Vodouvi pa fèt, lap diw Ou fè pou Dantò, ou pa fe pou Freda, lap fè Jalouzi, se pa jalouzi lap fe mezanmi, se rityèl ou an ki jis pa konplè, paske fòk ou rèspèkte prensip Konplemantarite a...


Nan Lavi tout etre Humain gen Freda ak Danto ... depiw Jèn de 16 ans a 25 ans ou nan stad Freda, sa vle di ou nan Laj foli, ou pa tandew pa wè se damouw vinn damou, ou pa pran ou pa bay konsèy sa w ap fè se li ou wè ak konprann, dis kenz mil dola se dlo pou ou paske w pa redi travay pou li, wap jwen tout kalte fanm ak gason filew epi yo gen mwayen, chans ou Upgrade, Wa pa papaw Prezidan pa bopèw, premyè dam pat bèlmèw ou santi ozanj.


Eben ou nan stad sa. Freda se Lajwa, lanmou, la beaute, la richès san redi... epi li renmen fleur sa vle depi lanati ap fleri Freda la ... Freda se Eleman Dlo. Ou liminen pou li nan yon Bòl ou asyèt blan.


Tandike lè w kòmanse pran frap lavi a, ou pa gen pèsòn pou edew , se ouk pou debrouyew bay tèt ou lavi ak tout fanmiw, lèw gen pitit nan menw se ouk pou okipel , lèw ap travay ou vinn konn kòman pouw depanse chak grenn dola, ou antre nan Stad Dantò w, lè Ou vin Mature .. Ezili Dantò se Senbòl Maturite .. se sak fè liminasyonl fèt nan yon ti chodyè 3 pye, ki siyifi baz kay la, 3 wòch dife.


Lèw gade pye ti chodye 3 pye a wap wel fet tankou yon triangle ki vle di dimansyon de Lòm, lèw grandi ou kòmanse responsab ... Dantò se Eleman Tè, yo rele l : La Matrice Universelle: Manman Lavi ... ou Limen Lwil Maskreti pou li ... koule li se Bleu Digo.Èzili BALYANG 


Èzili BALYANG se yon lwa ki nan fanmi Èzili yo, men nou pa souvan tande pale de li nou plis pale de Èzili Dantò Dantò e Èzili Freda. 


Èzili BALYANG abite nan Forè, ki fè pati lwa petwo yo e lwa ki asosye l se Marinèt pye sèch. 

Se yon lwa ki gen anpil pouvwa e ki enpòtan tou nan kilti vodou a, li reprezante tout machann fèy yo e fanm saj yo.


Se pye Mapou ki repozwa lwa sa ki se Èzili BALYANG lan.

Menm jan Èzili boran reprezante pa yon gwo koulèv nwa ebyen Èzili BALYANG li menm li reprezante sou fòm yon gwo koulèv vèt, e li renmen lyann anpil sitou lyann panye.


Jou li manifeste se madi ak samdi tou.


Li se yon lwa ki gen anpil sekrè.

Koulè li se wouj e vè. 


Lè l manifeste sou yon moun li pale tankou yon moun ki gen baboukèt nan bouch li e fòk ou jwenn anpil lyann pou mare moun sa pou mete sou moun sa e l ap manje lalwa.


Ezili BALYANG ak Marinèt te jwe yon gwo wòl tou nan endepandans peyi a.


Lè pou esklav yo t ale òganize seremoni bwa kayiman se li menm ki te di se nan rache a pou yo fè l koz blan yo te konsidere nou kòm bèt ki donk bèt se nan raje sa rete se la pou n fè l e jou swa sa anpil lapli t ap tonbe tout alantou forè a kote seremoni an t ap fèt la, sou lòd ogou Chango anpil kout loraj e zèklè t ap fèt, Rivyè yo te ankri e sa te vin fè blan yp panike e yo pa t ka mete tèt yo deyò pou te vin kontwole sa k ap pase 

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka