Enpòtans kalbas

ENPÒTANS KALBAS 


PYE KALBAS SON GWO PYE BWA SAKRE LI YE NAN VODOU A KI VLE DI ANPIL BAGAY POU NOU.  E LI SE REPOZWA KÈK LWA TOU. TANKOU LWA GRANN YO ECT. NAN KALBAS GEN ANPIL DIMANSYON GEN GWO GEN PITI SELON REGLEMAN AN. KALBAS FÈ ANPIL GWO BAGAY NAN KILTI A. 


CHAK PYE KALBAS OU WÈ NAN YON LAKOU LI PLANTE SOU YON REGLEMAN OK. 


PA MOUTE SOU LI KONSA JIS POU PA VIKTIM. PASKE GEN ANPIL PYE KALBAS SE REPOZWA LWA YO KE YO YE. GEN ANPIL LWA SE LA YO RENMEN RETE. ANN PA AJI MAL AK PYE BWA SA. 


NAN VODOU YO BA L ANPIL NON: YO RELE L BÒL GINEN, ASYÈT LWA OUBYEN KWI LÈ YO FANN LI AN WONDÈL LI VIN PRAN FÒM YON (BÒL YO METE MANJE) 


POU NOU MENM VODOUYIZAN KALBAS GEN ANPIL ITILITE,  SE AVÈK LI NOU MANJE NAN SEREMONI LWA YO (DANS).  SE AVÈK LI NOU DEPOZE MANJE KÒM OFRANN POU N RESEVWA LWA ZANSÈT NOU YO NAN VODOU A. NOU ITILIZE L KÒM RESIPYAN POU N FÈ TOUT KALTE BEN-Y. 


YO FÈ TCHA TCHA AVÈK LI TOU POU DANSE KANAVAL AK RARA. 


YO FÈ LANP AVÈK LI LÈ LI NAN DIMANSYON KWI POU LIMINEN. 


YO KONN METE MANJE KALFOU LADAN L AK SIMITYÈ KONSA YO KONN METE MAYI GRIYE LADAN L. 


KOTE ATIZAY LI: YO FÈ VALIZ AK LI, ZANNO, PÈnS POU CHEVE FI YO, YO FÈ CHENN AK LI,  KONSA TOU YO KONN FÈ ANPIL GWO DEKORASYON AK KALBAS NAN ANPIL AKTIVITE KILTIRÈL YO.  


LI JWE YON GWO WÒL TOU NAN MIZIK AYISYEN AN TANKOU: KONPA DIRÈK LA AK TWOUBADOU. YO FÈ KÈK ENSTRIMAN MIZIKAL AVÈK LI. 


ASPÈ MISTIK LI. YO SÈVI AK LI KÒM KWA KWA POU RELE KÈK LWA KI SOU RIT PETWO TANKOU DANTÒ (BORAN)  AK LÒT LWA KI SOU RIT GEDE YO.  NAN KOZE INISYASYON VODOU LI JWE YON GWO WÒL KAPITAL TOU. 


SE AVÈK LI YO METE MANJE POU ANPIL LWA NAN VODOU A . YO SÈVI OFRAND AVÈK LI TOU POU LWA YO. YO FÈ LANP LEGBA LADAN L TOU, YO FÈ LANP KALFOU NAN KWI A TOU. YO METE OFRAND LWA GEDE YO LADAN L TOU POU AL DEPOZE NAN SIMITYÈ ELATRIYE. 


YO KONN METE FARIN LADAN L POU LÈ Y AP TRASE VÈVÈ (WOULE FARINN).  POU FINI AK DIMANSYON MISTIK LA YO KONN FÈ REPOJWAZ LWA AVÈK LI, SE SA K FÈ W AP WÈ GEN ANPIL BITASYON KI GEN ANPIL PYE BWA SA SOU LI KISE PYE KALBAS LI VLE DI ANPIL BAGAY PASKE LI SE YON GWO FÒS MISTIK SOU DEMANBRE A. 


ANN GADE KOTE MEDISINAL LI. 


FLÈ KALBAS LA BON ANPIL POU MOUN KI FÈ TANSYON. FÈY LA BON POU TI MOUN KI GEN MAL MOUTON. YO KONN ITILIZE MATYÈ KI KONN ANNDAN L POU FÈ TRETMAN MOUN KI GEN MALADI SOU PÒ YO. 


JI KALBAS LA BON POU MOUN KI GEN GRATÈL TOU.  YO SÈVI AK LI TOU POU MOUN KI PRAN NAN REFRADISMAN. 


YO SÈVI AVÈK LI TOU POU MOUN KI BOULE NAN SOLÈY. 


KOTE LENGWISTIK LI: YO KONN FÈ L TOUNEN YON JOUMAN LÈ YON MOUN DI W (TÈT OU SE KAKA KALBAS KI LADAN L)  SA VLE DI OU SON TÈT VID NAN LANGAJ LANG AYISYEN AN. KISE YON (PWOVÈB AYISYEN) 


NOU JWENN PYE KALBAS PRÈSKE NAN TOUT PEYI A . SE YON PLANT AMERENDYEN TAYNÒS YO TE KONN ITILIZE AN POU FÈ KÈK SÈVIS. (TRETMAN MALADI). 


KALBAS SE YON PLANT KI BIYO DEGRADAB SA VLE DI LI K AP DETWI RAPID LI PAP BAY ANVIWÒNMAN PEYI A OKENN PWÒBLÈM. LI TOUNEN MANJE BÈT AK FÈ FIMÈ TOU POU GRANDI PLANT YO. 


JOUNEN JODI A MWEN PANSE SI SOSYETE A TE SÈVI AK KWI KI FÈT AK KALBAS YO POU N METE MANJE NAN YO NAN PLAS ASYÈT KATON YO.  KONSA NOU T AP RIVE PWOTEJE ESPAS IMEDYA N AP VIV YO.  NOU PA T AP PLEDE SAL LARI A AK ASYÈT AN FWÒM YO KISE ASYÈT KATON YO. 


MWEN ANKOURAJE NOU MANJE NAN KWI PASKE LI BON POU SANTE NOU,  TOU LWIL KI NAN MANJE YO AP RETE LADAN L LÈ YO METE MANJE NAN KWI A SA AP EDE W JERE KOLESTEWÒL. 


FRÈ M SÈ M YO CHAK FWA NOU PLANTE YON PYE BWA NAN SOSYETE A SE LAVI NOU PLANTE POU SILA K AP VINI YO OK. 


ANN PLANTE LAVI POU N KA JWENN PLIS OKSIJÈN POU N RESPIRE LAVI KI NAN ESPAS TAN AN. KONSA VODOUYIZAN YO AP RIVE BAY PATISIPASYON PA YO NAN KANPAY KONT CHANJMAN KLIMATIK LA NAN MOND LAN.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel