Diferan tip de ougan

 Pou m reponn anpil kesyon nou poze m fòk nou konprann ansanm kisa ki yon makousen, Yon inisye, yon Ougan / manbo , yon medium ak yon Gid. 


Yon makousen se yon eritye ki resevwa eritaj zansèt bitasyon l yo kite pou li. 


Yon eritye Pa oblije Ougan manbo pou sa. 


Yon eritye sèvi ak leve jwenn yo epi Li mete yo an aplikasyon. 


Bitasyon an gendwa se lwa Petwo ki fòs  bitasyon an, eritye sa ap travay avèk fòs lwa Petwo yo pou l ede tèt li, fanmi l, zanmi l, komin li elatriye... 


Lè w se yon inisiye ou se yon moun k al adapte w ak lòt fòmil rityèl ki nan lavi a, pou fòs pa w la ka ogmante.


Ekzanp si mwen se yon eritye rit petwo mwen ka al inisye nan yon lakou rada pou m konnen regleman rada yo.


Fason Yon lakou sèvi diferan de lòt lakou a pou m Konn regleman lòt lakou a, mwen oblije inisye nan lakou sa. 


Yon lòt ekzanp Ankò, Mason se yon sèk enpòte sa vle di relijion sa pa kreye sou tè Dayiti pou m Vin Yon Mason fòk mwen inisye nan masonnri.

 

Mwen se Ayisyen pou m Vin pwotestan fòk mwen inisye (batize).


Pou m Vin katolik fòk mwen inisye (batize).


Si m pa t janm batize mwen vle marye nan legliz katolik mwen oblije inisye (batize) pou m Ka marye legliz katolik. 


Men Lè w inisye Pa vle Di ou se yon  asongwe pou sa.


Ason an se yon ensiy  tankou mwen kapab di ason se yon badj ki pwouve ke ou gen  konesans sou rit la kou a. 


Mwen Pap pale de machann kwakwa vlope ak grenn kolye yo, ki annik jwenn yon moun sou Rezo sosyo yo, Li fèmen l nan Yon bout kay Li Di se djevò pran lajan moun nan, gonfle l ak manti aprè 9  jou yo di moun nan men kòman pou l danse lwa. 


Non se pa de moun sa yo m ap pale paske 9 jou paka ba w konesans sou rit yo. 


1) Ou dwe yon eritye pou w Konn regleman nati a.

2)Ou dwe yon inisye nan yon lakou.


Pou met lakou a wè ou Konn regleman lakou a tout Bon vre, lè sa li ba w yon ensiy ki pwouve ke ou Konn regleman lakou a, ou vin yon Pitit lakou a. 


Men tout sa yo paka fè w Ougan/manbo. Yon Moun fèt tou Ougan, manbo. 


Paske yon Ougan manbo se yon moun ki gen regleman nati a nan men l. Se yon Moun ke lwa yo kòmanse prepare l depi nan vant. 

Yon Ougan manbo se yon nanm ki vini tou prepare. 


Pa gen okenn Moun sou latè ki ka fè yon moun vin Ougan manbo. 

Yon Ougan manbo se yon Moun ki gen prensip lavi a. 


Pou yon Moun Konn sa k ap pase l, fòk li chèche yon medium, Pouki di l men sa k bloke l. 


Nb : yon medium pa oblije yon Ougan manbo. 


Yon medium se yon don clairvoyance.


Moun nan Konn gen don an li jis pa konn kòman pou l travay Li. Lè sa Li bezwen yon Bon Gid ki pou gide l. 


Amwalaye tchyovi Dafrik yo.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Leson

Lwa Petro

Sortir votre potentiel