Wilson
Wilson Lekòl Vodou:
gad lan se yon proteksyon li kapab amulet yon talisman men gad lan pa fin yon proteksyon total men paske dèye moun gen mon men lè se ou ki kreye kad ou ou pa di moun ki gad ou genyen paske se ou ki konn kijan ou mare bourik ou
1)Gad pou lakou
pwoteksyon pou kay/ timoun/ lakou :
• W’ap bezwen yon fèy yo rele fèy ti chyen, gen kote yo rele li fèy santi kri.
W'ap pran yon ponyen fèy ti chyen, yon aransèl, yon pake bwa pen, yon digo
le diable, kanpe lwen, jijiri/wowoli. W'ap pale avèk fèy la, bwa pen an, grenn
digo a, kanpe lwen an. Depi move zè ap travèse lakou w' l'ap rete la.
• Pou w' fè arèt sa pou lakou l'ap mande pou w' fè 4 pwent lakou a, lè se nan
lakou gen rasin ou ta dwe mete ladan l'. Egzanp : 1 moun ki mal rantre nan
lakou a, depi li mal rantre l'ap tonbe sere nòmal, moun nan gen dwa rantre
nan lakou a li pa wè kote pòtay la ye pou l soti.
• Pou kay ak timoun : W’ap pran bwa pen an ou fòme yon kwa avèk fil wouj (fil
akoud), lè w' fin fòme kwa a ou pran fèy ti chyen an yon ba vètikal, yon ba
orizontal, nan ba orizontal la ou mete fèy ti chyen an ou pale avèk li, ou di
poukisa w' mete l' epi ou pase fil wouj la menm jan w' te fè ak bwa pen an, lè
w' fin pase fil la ou pran grenn aransèl la, ou gen yon egwi nan men w', ou
pale ak aransèl la ou di tout je ki pa bon w'ap pete yo nèt, lè w' fin pale avèk
aransèl la ou pete 2 grenn je yo avèk egwi a, epi ou pran aransèl la ou mete l'
nan ba vètikal la tou ou plwaye l' avèk fil. Lè w' fin plwaye l' avèk fil la ou
siyale l' 4 fasad epi ou mete l' atè, apre sa ou pale avèk kanpe lwen an, ou pale
avèk digo le diable la. W'ap genyen yon ponyen gwo sèl, 1 grenn sitwon, w'ap
koupe l' jete tèt la, aprè ou pran yon yon sachè nwa ou mete tout sa yo epi ou
kwoke l' nan mitan kay la oubyen nan yon ti kwen nan kay la.🦉🦉🦇
2)Gad lakou
a)4 plim poul tou nwa mete chak plim yo nan 4 kwen lakou an move je vòlè pap ka antre
B)Yon manch gro pilon ki te konn pile deja
nap sèlman pranl metel kanpe yon kote nan lakou a nenpòt moun ki vin vòlè ebyen nap jwenn li tou kanpe nan lakou an 🦉🦉🦇
3)Gad Pou Lakou
Yon recho dife ak 3mo Pouvwa ABEL EBEL IBEL,Yon Vè Dlo Lapli Transparan
Nap limen dife a lèl byen rouj nap pran Yon bèl bout chabon ki byen rouj sou nom ABEL nou lagem nan vè dlo a Yon 2e Sou Nom EBEL nou lagel nan dlo a yon 3e Sou Nom IBEL ou lagem nan vè dlo a apre nou al anterel devan baryè a nou di mw mete nou la kòm gad pou Siveye lakou an......🦉🦉🦇
4)Gad Pou Lakou
kaka bèf,yon grenn chosèt ou jwenn nan lari,yon boutèy nwa,Premye pipiw pipi lèw fenk leve, ou mete tout bgy yo nan boutèy la epi ou mete boutel la nan yon kwe lakou a oubyen nan kay la.
5)Gad Pou Lakou
Pou 2zombi ap siveye lakou a pou ou
Yon zo mò femur goch Fi
yon zo mò femur dwat Gason
3koule fil
yon Orezon saint Andre
yon papye blan
Nap kwaze zo yo sou fòm yon x epi nap pase 3koulè fil yo poul ka rete sou fòm x lan apre nou ekri demand proteksyon an sou papye blan ak nom ou bay gad lan epi ou ekri sou orezon st Andre a menm jan epi ou fouye yon trou nenpot kote nan lakou a ou antere yo
nenpot moun ki antre nan lakou a pou fe dezòd zombi ap kale moun sa epi moun ki move je ap toujou we gen 2moun kap soveye lakou.🦉🦉🦇
6)GAD POU LAKOU
yon ti sèkèy
7sitron
yon gode pwa blan
yon gode pwa plenn to
yon gode pwa bè
yon gode pwa rouj
6ba Savon lave
3Aran sèl
6Egiy Grèf
Yon bwat ti Egiy
21 tèt lay
21 bwat alimèt
bwa sèkèy
bwa sèd
pwapen
sèl,piman,3kalite pwav,3 diven
yon bèt vivan tankou: poul nwa,kòk rouj,yon chat nwa ect.....
Nap pran 2ba savon nou mete yon aran sèl nan mitanl epi nou pike 2egiy grèf ladanl yonn anlè yonn anba nap fesa pou 3 aran yo nap fourel andedan ti sèkèy la epi nou foure lot egiy yo nan siron yo epi nou mete bwa sèkèy bwapen bwa sèd yo ankwa nou ekri demand lan nan papye blan epi nou bouye yon trou devan baryè a nou mete papye blan avan epi nou mete ti sèkèy lan nou mete lot bgy yo apre pou bèt nap chwa a nap touyel sou ti sekey la nsn trou a ak demand... mete 3 diven epi mete tout res bgy yo epi bouche tou a. 🦉🦉🦇
7)GAD POU LAKOU
1 po nèf ( po yo konn mete flè), 5 kòb penich, 1 militon blan batize l'
jan w' vle sou non ke w' ka jere, chache 7 grenn nan tout sa moun ka manje, 1
kokoye.
• Préparation : w'ap pran tout ti grenn sa yo mete andedan je kokoye a, mete li chita
nan mitan po a sou pawòl ou, pa bliye site non tout moun ki nan fanmi an, paske si
gen moun nan fanmi an ki dezòd ki ka vin pran afè w' , se lè kou l' kase w'a fè
antèman l'. Wap di ak espri ke w' plase andedan l' lan, ou remèt li tout lakou sa, sil
pa fè travay li se li k'ap wè l', ou ka bat li menm si w' pèdi yon kiyè men avan w'
bat li fòk ou poze tout moun lakay ou kesyon èske yo pat retire tèl ou tèl bagay
pou ou. Wa banm rezilta.
• Pou militon an ak 5 kòb la.
Se yon gad pou bòne lakou, w'ap mete militon an atè dirèkteman, li pral vin gen
lyann si w' vle l' pran pou kou pye militon, oubyen ou kite l' pouri nan tè, men
imedyatman ou mete santi m' nan ladan l' epi ou batize militon an, men avan sa
fòk ou pase militon an nan tout espas ke w'ap bòne a, kòm kwa w'ap rasanble tout
fòs ki byen, tout fòs ki mal pou mete nan yon sèl espas nan militon an, pou w' di
ou boukle tout perimèt sa ak militon an nan non … (se ou ki pral konn ki non espri
ou pral mande pou ede w' fè travay la) epi ou bòne lakou w'/jaden w' jan w' vle a sesi ou kapab mande l' pou l' kenbe moun lan pou ou/ touye l', ou kapab mande l'
sa w' vle.
8)GAD POU LAKOU
Yon kouto digo ou metel domi nan bouch yon mò nan mòg nan demen ou pranl ou anterel devan baryè a Nenpot moun ki vin fe mal nan lakou sa lap mouri.🦉🦉
9)GAD POU LAKOU
Pou w' prepare yon chita tann pou vòlè nan lakou w' :
1 ti chèz pay (san machande), 1 ti kòd pit, 1 mouchwa nwa.
Préparation : w'ap pran 4 ti wòch sou nom ouvle epi mare yo nan chak pwent
mouchwa yo, epi mare l' nan chèz la, apre bay kòd la ne ak nom ou te pranl lan epi fè yon
twòkèt avè l' epi mete anba chèz la epi mete chèz la nan yon kote nan lakou a epi
di nom ou bal la nan mitan chèz la epi demand ou.
Résultat : nenpòt mou. Ki ta rantre vin lakay ou ki manyen yon afè w', w'ap vin
jwenn li chita sou chèz la ap tann ou siw bezwen fel ale ou mande nom ou bay pasej pou sa. 🦉🦉🦇
10)GAD POU LAKOU
Si w' ta bezwen fè yon aransò siveye yon kay
3 moso twal (blan wouj nwa), 3 koulè fil akoud (blan, wouj, nwa), 1
aransò.
Préparation : W’ap vlope aransò a ak 3 moso twal yo epi w'ap mare l' ak 3 koulè fil
yo. Apre w’ap pale avèk aransò a, w'ap di pou ki rezon ou mete l' la. 🦉🦉🦇
11)GAD LAKOU
Pou nou kenbe vòlè nan lakou nou
Yon pye lalwa,yon Mamit sèl,2mezi jijiri Edmi,7grenn digo ledyab,3grenn miskad,2grenn kanpe lwen,Yon Tòti,Yon recho defe
Nap Fouye yon trou nap fe 7som penitans sou tou a aprè dife a nan trou a apre lage tòtia ak lot bagay yo nan tou a ou bouche tou a ou plante pye lalwa sou li men anba lalwa ou mete 3 senkòb
Nenpot moun ki vin vòlè wap vin jwenn li nan lakou a. 🦉🦉🦇
12)GAD POU LAKOU JADEN
Yon kwi ou jwenn nan ranvwa ou peye epi ou pral,Yon grenn ze peyi
ou al kouve ze a nan simityè pou 3 jou lèw al pranl ou metel anba kwi a lew rive lakay ou ou mete l anba kwi an anko pou 3 jou aprè ou ale nan jaden an devan barye a ou anterel ou bal yon nom epi ou site nom tout moun ki ka antre nan jaden an
ebyen nenpot moun ki antre nan jaden an lap mouri. 🦉🦉🦇
Gad pou pwoteje yon moun
Sa nap gen bezwen:
1 kok wouj
1 jilet
7 priz tè nan kafou
7 priz tè nan mache
7 priz tè nan simetyè
7priz tè dlo dous
7 priz tè lanmè. , 7 fèy de dlo douz, 7 prens lanmè.
Farinn
Men sa nap fè:
N ap pran jilet la nap fè yon kwa nan bwa goch nou. Nap pran san nou metel nan yon kiyè nou griye’l, lè nou finn griye’l moun nap pran san nou mete’l nan yon kiyè nou griye l lè nou finn griye’l nap fè yon pat farinn, aprè nou mete san ladanl, ou pran tè yo ou mete yo ladanl tout tè yo net. Ou fè tout fè yon boul oubyen boulet ou bay kok la manje’l. Pandan wap bay kok la manjel wap di: a pati de jodi a entel, entel pa gen moun sou latè kap ka fel anyen. Wap ka bay gad sa nenpot non tankou Gad ogou se ou menm kap konnen. Lèw fini ou lage kok la.
Lèw finn lage kok la wap pran 7 nan nenpot fey ak yon ti fòmol ak alkali al nan yon kafou ou benyen oubyen ou fè yon kwa lakay ou, ou kanpe sou li ou benyen. Men ki gen kwa Gad la wap marel ak yon mouchwa wouj ou simen tabak ladanl pou San pa koule.
Mw bay enpòtans chak beny yo ak sa yo reprezante, ak ki lè ou dwe itilize yo, ak sa wap gen bezwen:
1. Beny Pou Fòs ak Kouraj
- *Sèvi pou*: Fè moun respekte ou, bay fòs, chase blokaj.
- Pi bon moman*: Lalin plen.
- sa wap gen bezwen :
absinthe
avoine
cumin
gingembre girofle (clous de)
pin
poivre de la Jamaïque vétiver
- Efè: Mete ou sou ou, ogmante kapasite ou pou domine sitiyasyon.
2. Beny Lanmou ak Atirans
- Sèvi pou: Atire lanmou, ogmante cham, fè moun renmen ou.
- Pi bon moman: Lalin k ap monte.
- sa wap gen bezwen:
coriandre
cumin
damiana estragon
jasmin
orchidée primevère vétiver violette
- Efè: Fè ou plis atiran e fè relasyon fleri.
3. Beny Lajan
- Sèvi pou: Atire lajan, elimine blokaj ekonomik.
- Pi bon moman : Lalin k ap monte.
- sa wap gen bezwen :
bergamote dents de lion fenouil
ginkgo
patience
rue
salsepareille
thym
- *Efè*: Fè lajan vin jwenn ou pi fasil.
4. Beny Chans
- Sèvi pou : Atire chans nan tout sa w ap fè.
- Pi bon moman: Lalin k ap monte.
- sa wap bezwen :
enouil
genévrier
gui
hysope
laurier
oranger
origan.
- *Efè*: Ogmante opòtinite epi fasilite siksè.
5. Beny Pou Lespri ak entwisyon
- Sèvi pou: Louvri twazyèm je, devlope kapasite espirityèl.
- Pi bon moman : Lalin k ap monte.
- sa wap gen bezwen
acacia
armoise
basilic
euphraise
iris
lavande
lin
nénuphar.
- Efè : Fè ou plis konekte ak lespriw ak vizyon enteryè.
6. Beny Pwoteksyon:
- Sèvi pou: Pwoteje kont move lespri, jalouzi, maji nwa.
- Pi bon moman : Lalin k ap monte oswa plen.
- sa wap gen bezwen :
basilic
cèdre eucalyptus hysope
laurier millepertuis
oranger pin sauge
- Efè: Fè yon kouch pwoteksyon alantou ou, chase enèji negatif.
7. Beny Kalmi ak Trankilite
- *Sèvi pou*: Mete lespri ou poze, chase move chans ki ap repete.
- Pi bon moman: Lalin plen.
- Sa wap gen bezwen:
anis
basilic
camphre eucalyptus lavande
sel
tilleul
- Efè: Bay lape, bese tansyon ak laperèz.
Enpòtan
Kijan pou prepare beny yo
1. Bouyi fey yo nan dlo.
2. Kite l refwadi, koule’l.
3. Benyen ladan li oubyen vide l sou kò ou.
4. Panse pozitif pandan wap benyen an.
5. Pa siye kò ou ak sèvyèt, kite l seche poukont li.
Beny sa yo se zouti sakre pou netwaye lespri, atire benediksyon, epi konekte ak fòs lespri yo nan Vodou. Fè yo ak respè ak entansyon.
*LANP MAJIK – SENBÒL LIMYÈ AK POUVWA ENTERYÈ*
*Definisyon:*
Lanp majik se yon objè senbolik oswa rituel ki sèvi pou *atire limyè espirityèl*, *gidans*, ak *pouvwa mistik*. Nan anpil tradisyon, lanp la reprezante *lavi, konsyans*, oswa *yon pòt sou mond envizib*.
*ORIJIN MISTIK YO:*
- *Nan mit ak lejand:* Tankou lanp Aladin, li souvan parèt kòm yon objè ki ka *reyalize swè*, men li mande *entansyon klè* ak *respè pou pouvwa li*.
- *Nan tradisyon ezoterik:* Lanp yo itilize pou *rit netwayaj*, *meditasyon*, ak *envokasyon*.
*KÒMAN YO ITILIZE LANP MAJIK?*
1. *Limen lanp la ak entansyon*
– Chwazi lwil oswa sir ki koresponn ak sa ou vle (eg. lwil lavann pou lapè, lwil piman pou fòs).
– Pandan w ap limen li, di entansyon ou:
*"Mwen limen limyè sa a pou klere chemen mwen epi chase fènwa andedan ak deyò."*
2. *Mete l nan yon espas sakre*
– Anndan kay, kote w ap medite oswa priye.
– Ou ka mete foto, kristal, oubyen zèb sakre bò kote li.
3. *Pa sèvi ak li pou manipilasyon*
– Lanp majik pa fèt pou fè move maji, men pou konekte ak *Sèl sa ki sakre* epi *limen lespri w*.
*SENBOLIS LANP LA:*
- *Flanm nan*: Konesans, lespwa, gidans
- *Lwil la*: Sakrifis, lafwa
- *Limen lanp la*: Reyalize chanjman, rele limyè sou ou
*Remak:* Gen kèk lanp ki prepare espesyalman pou rityèl ezoterik (tankou lanp 7 lwil, lanp zanj gad, elatriye).
*LANP MAJIK NAN VODOU*
*Lanp majik* se yon metòd popilè nan vodou pou *mande favè espesyal nan men lespri yo*. Yo konn fèt ak *resipyan diferan*, epi yo ranpli ak *lwil espesyal*, prepare ak engredyan ki gen rapò ak *swa ou vle reyalize*.
*Mèch lan* sispann nan mitan lanp lan, pafwa sou *kat jwèt* oswa menm sou *zo*. Apre sa, yo mete lanp la sou yon *lotèl* ki bati pou *Loa* a, ansanm ak *vévé* ki koresponn ak li.
An lòt mo, chak *lanp vodou fèt pou onore yon Loa* an patikilye, pou li kapab *tande epi reponn demann moun ki fè rityèl la*.
*KÒMAN POU SÈVI AK LANP LA*
Pratikan an dwe:
- *Envoke Loa a chak jou*, menm lè chak fwa
- *Ajoute lwil* chak fwa li fè envokasyon an
- Asire lanp la *rete limen san rete*, jiskaske Loa a reponn
Sa vle di ou dwe kenbe kominikasyon ak lespri a vivan, jiskaske ou *resevwa favè ou te mande a*.
*KONSEY FINAL*
Pran tan ou pou fabrike lanp sa yo ak *respè ak entansyon klè*, epi ou pral remake vit ke sa *vo tout efò ou*!
*LANP NWA*
*Aksyon*: Pou reponn ak atak, repouse ènmi, chase move lespri ak enèji negatif.
Engredyan ak Akseswa:
- *po krab* oswa *kalbas vid*
- *Mèch*
- *2 zo kwaze* (zo poul fè l travay byen)
- *Yon objè ki reprezante ènmi w yo.
*Pou lwil lan:*
- *Piman Chili*
- *Lwil maskreti (
- *tè nan simityè* oswa nan kafou
- chabon an poud
- *Mercurochrome* (oksid mèki wouj)
*KONFEKSYON LANP LA*
*Lanp nwa* a fèt pou:
- *Retire ènmi sou ou*
- Fè vwazen tèt di sispann chachè w kont
- *Exosize move enèji*
*Agwe*, Loa lanmè a, se *lespri gad lanp sa a*.
*Etap yo:*
1. *Pran po krab la* oswa *kalbas la *, epi mete lwil la ladann (melanje tout engredyan yo).
2. *Sispandi mèch lan* sou *2 zo ki kwaze* sou ouvèti lanp lan.
3. *Chak vandredi*, pou *7 semèn*, ranpli lanp lan ak lwil ankò.
4. Apre 7 semèn, *mete lanp lan nan dlo* (lanmè, rivyè, oswa lòt sous dlo) pou *Agwe* resevwa ofrann li.
Nan banm nouvel
*LANP CHAM*
*Aksyon*: Pou *atire*, *sedwi*, oswa *chame* yon patnè lanmou oswa yon kolèg travay.
*Engredyan ak Akseswa:*
- *Kokoye koupe an de* (sèvi ak yon mwatye)
- *Mèch*
- *Kat jwèt: pran Dame kè a
- *Lwil oliv*
- *leman
- *Ti moso mwel tet ti mouton (reprezante volonte moun ou vize a)
- *Siwo kann*
- *Sik*
- *Miel*
- *Dlo de woz*
- *Pètal jasmen*
*KONFEKSYON LANP LA*
*Lanp cham* itilize pou:
- *Atire lanmou*
- *Fè moun ou vle vin pi ouvè oswa sansib pou ou*
- *Ajoute cham ant ou menm ak yon moun ki difisil oswa frèt*
*Erzulie Freda*, Loa lanmou, bote, ak delikas, se *lespri gad lanp sa a*.
*Etap yo:*
1. Mete *sèvo a* ak tout lòt engredyan yo *andedan mwatye kokoye a*.
2. *Mèch lan* dwe pase *atravè kat Dame kè a, epi sispann li sou lanp lan.
3. *Chak jou*, pandan ou ap fè *lapriyè* oswa *envokasyon*, mete *lwil oliv* sou lanp lan.
4. *Kenbe lanp la limen san rete* jiskaske ou wè ke *souwè ou a reyalize*.
*Nòt*: Rityèl sa fèt ak respè, pa pou manipilasyon. Li pi efikas lè entansyon ou sène epi w ap chèche koneksyon senp ak limyè.
*LANP TRAVAY*
*Aksyon*: Pou *jwenn travay*, *ouvè opòtinite*, oswa *bay pwosperite nan biznis*.
*Engredyan ak Akseswa:*
- *Kalbas* oswa *mwatye kokoye*
- *Mèch*
- *2 zo kwaze*
- *Ti moso twal wouj oswa blan*
- *7 ti zegwi*
- *Lwil oliv*
- *7 gout lwil maskreti
- *Lwil de woz*
- *Moso kè bef ou ka pran vyanm nan men moso kè a ap pi bon* de preferans
- *Tèt alimèt*
- *7 gout diven wouj*
- *Moso grès kochon (lard)*
*⚠️ Remak:* 7 dènye engredyan yo dwe achte *chak yonn nan 7 boutik diferan*.
*KONFEKSYON LANP LA*
*Lanp travay* sèvi pou:
- *Ouvri chemen travay*
- *Bay soutyen espirityèl nan biznis*
- *Atire kliyan, chans ak opòtinite*
*Papa Legba*, Loa kle ak chemen, se *lespri gad lanp sa a*.
*Etap yo:*
1. *Pike 7 zegwi yo* sou twal la, epi mete l *nan kalbas la* oswa *kokoye a*.
2. *Ajoute tout lòt engredyan yo* (sòf mèch ak zo yo).
3. Sispann *mèch lan sou 2 zo kwaze*, mete sou rebò veso a.
4. *Chak jou*, fè *lapriyè ak Legba*, epi *brase lwil la dousman* pandan w ap envoke l.
*4. LANP ETERNÈL*
*Aksyon*: Pou *favorize fè pitit*, bay *fètilite*, pwoteksyon ak sante pandan gwosès.
*Engredyan*:
- Kalbas (vye oswa sèk, byen vid)
- Mèch
- Kat “Dame PIK”
- Lwil oliv
- Lwil maskreti
- Kannèl
- Janjanm (gingembre)
*Loa gad la*: *Ezili Dantò*, manman ki pwoteje fanm ak pitit.
*Rit*:
1. Mete *tout engredyan yo* (eksepte mèch ak kat la) *anndan kalbas la*.
2. Pase *mèch la nan kat "Dame PIK" la*, epi mete sou kalbas la.
3. Limen lanp la epi *chak jou*, pandan lapriyè ou, ajoute yon ti *lwil oliv*.
4. *Kenbe lanp sa limen san rete*, osi lontan ou bezwen pwoteksyon ak lapè nan kesyon gwosès oswa pitit.
*5. LANP DIFE*( lampe de feu)
*Aksyon*: Pou voye madichon sou yon moun ou rayi oswa ki fè ou enjistis.
*Engredyan*:
- Kalbas (vye kalbas vid)
- Mèch
- 2 zo kwaze
- Pousyè simityè
- Pwav Kayèn
- Patchouli
- Vétiver
*Loa gad la*: *Bosou*, nonm ak tèt bèf twa kòn nan.
*Rit*:
1. Mete tout engredyan yo (eksepte mèch ak zo yo) nan mwatye kalbas la.
2. Sispandi mèch la sou 2 zo kwaze yo.
3. Limen lanp la.
4. Chak samdi, pandan ou fè envokasyon oswa madichon, ajoute lwil oliv nan lanp la.
5. Kenbe lanp lan limen san rete jiskaske ou vle madichon an fini.
Comentarios
Publicar un comentario