Zonyon Dilin

 Zonyon delis: Zonyon dilin 


Non syantifik: Pancratium Caribeum

Fransè: oignon 🧅 de Lys, Lilly blanc, Lis blanc, Pancratier blanc, Pancrais des Antilles 


Ansyen yo te konn itilize l pi souvan men jenerasyon jodiya preske pa konnen l. Anpil moun souvan rele l zonyon dilin (de lys), lè konsa anpil moun pa konn ki kalite zonyon y ap pale. Li diferan ak zonyon popilè nou itilize nan kizin ayisyen an: zonyon (Allum Cipa). 


Si w gen maleng ki pa vle geri, ou graje de twa zonyon dilin, ou mete l masere nan lwil maskreti oswa lwil olive extra vyèj pandan 3 jou, ou fin lave maleng nan ak yon ti dlo pèmaganat, lese l seche pou kont li epi ou pase l sou li kou pomad, l ap panse l byen vit. Bay moun nan enfizyon bab panyòl oswa ji militon blan graje 3 fwa pa semèn nan maten ajen, sote jou. 


Menm pat zonyon delis la melanje ak lwil maskreti oswa oliv la, ou ka fè ti chofe l tou piti, lese l tyèd pou w itilize kont zòrèy fè mal. 


Si yon moun vle rann yon pwazon, oswa vomi yon bagay ou ka bwè 1 ti gode enfizyon zonyon delis la: koupe yon bò ki mwens pase yon mwatye zonyon, koupe l an ti moso pi piti epi mete tranpe nan yon demi gode dlo cho pandan 7 minit. Bwè l apre sa epi souke vant ou byen souke. Ou ka fè sa ant 3-4 fwa si w poko vomi. Si w vle l pi efikas ou ka itilize poud moutad (se pa miskad non) pou ka vomi po rapid. 


Grenn anfle, varikosèl, timè: Nan Medsin popilè ayisyen an tou, nou konn graje zonyon delis la, melanje l ak lèt bèf frèch plis mi biswit oubyen pen oswa kabich, ou bouyi l sou ti dife lan pandan w ap fè ti branche l pou l vin ba w yon pat. Veye pou l pa boule. W ap itilize yon moso twal blan pwòp, mete pat zonyon delis la landan l pou w depoze sou pati ki afekte a. Menm dòz sa bon pou emowoyid tou men pou konn lòt dòz ou efikas sou emowoyid.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka