Vodou
vodou a.
Kisa li ye?
Ki kote l sòti?
Kisa ki yon vèvè?
Konbyen lwa ki genyen?
Konbyen Nanchon vodou a genyen?
Kisa vodou a ye?
Nenpòt moun ki monte sou wikipedya depi w tape " Vodou"
Y ap di w vodou a se yon relijyon ki sòti nam wayòm Dawome ki se aktyèl peyi bénin.
Wi, Vrèman vodou a pran nesans nan tè afrik nan ansyen wayòm Dawome ki vin peyi bénin kounye a.
Pou vodou a tale pram nesans nan wayòm Dawome se plizyè gwoup moun ak plizyè pèp ki ta pral regwoupe yo ansanm pou te bay vodou a nesans, tankou nou jwenn: Yoruba, Fon, Gouns, Ewe ki fòme gwoup sa yo nan Pèp ki rele " Adja".
Gwoup moun sa yo te konn pratike sa yo rele " Animisme". Ki vle di nan chak sa ki egziste nan lanati gen espri ladan l, gen yon dye ladan l, tankou pye bwa yo, dlo, wòch, van, dife, se ansanm pratik sa yo ki pral melanje ki pral bay vodou a nesans nan tè afrik.
E mo vodou a ki kote l sòti?
Mo vodou a sòti nan yon tèm ki se " Vodoun" Ki se yon mo nou jwenn nan lang youn nan gwoup moun sa yo m sot site la ki se "Fon" yo.
Ki donk vodoun nan sòti nan lang fon.
Lè ewopeyen yo te debake an afrik, espesyalman fransè yo li te difisil pou yo te kenbe mo "Vodoun" nan se vodou yo te plis kenbe.
Li pral chanje sivan rejyon an.
Tankou:
Nan peyi bénin yo kenbe Vodoun
Nan peyi Togo yo kenbe vodou
Nan peyi Ayiti yo kenbe Vaudou
Nan peyi etazini yo kenbe Voodoo.
Kisa mo vodou a siyifi?
Mo vodou a siyifi " Espri, dye, Mistè, sa m pa wè yo.
Kisa k pral fè vodou a kite afrik pou vin ateri an amerik, espesyalman Ayiti?
Vodou a pral kite afrik pou vin an amerik se Akoz esklavaj, kote yon ekip ewopeyen debake an afrik yo pran yon pakèt nèg nwa ak fanm nwa, yo mete chenn nan pye yo, yo anbake yo nan yon bato ki te rele " Negriye" yo vin debake yo ayiti pou vin sèvi tankou esklav, men lè sa peyi a pa t rele Ayiti.
Kòm se pa listwa nou vin fè ann antre nan sijè prensipal la.
4 avril 2003 sou gouvènans Jean Bertrand Aristide genyon arete ki te pibliye nan jounal Monitè peyi a, kote nan arete sa vodou a vin yon relijyon ofisyèl nan peyi a, nan atik 5 arete sa li bay prèt vodou yo dwa kote yo kapab fè maryaj, antèman, batèm san pwoblèm.
Nan peyi bénin tou yo rekonèt vodou a kòm yon relijyon animis, kote chak 10 janvye nan peyi bénin se fèt nasyonal vodou.
Pou anpil lòt moun yo pa konsidere vodou a kòm yon relijyon, moum sa yo plis wè vodou a kòm yon tradisyon, yon mòd de vi.
Genyon lòt gwoup moun ki konprann vodou a kòm yon "Syncrétisme" ki vle di li pran yon ti pati nan Plizyè relijyon.
Selon Marx Bauvoir ki se yon gran prèt vodou malerezman ki travèse nan peyi alada.
Li di: Vodou a se yon relijyon, paske li relye moun avèk bondye.
Selon Erold Josué
Li di: Vodou a se yon mòd de vi, vodou plis ke yon relijyon, anndan mòd de vi a gen relijye ladan l.
Kisa ki dye vodouyizan yo?
Pou Yoruba yo rele dye a " Olodumare ou olorun" se li ki mèt syèl la, men pa gen okenn moun ki kapab gen aksè ak li dirèk, si w bezwen pale ak dye sa wap oblije pase pa lòt antite, lòt espri ki an kontak ak lòm, yo rele lòt espri sa yo " ORISHA.
Pou pèp "EWE" a avèk "FON" dye pa yo a rele " Mawu" se li menm ki kreye mond lan.
Rive sou zile Dayiti a dye sa yo pral chanje non tankou "Olodumare ou Olorun" nan pral rele " Gran mèt, Bondye, gen kèk rejyon yo toujou kenbe "Olorun" nan.
Pou vodouyizan yo pa gen moun ki ka pale ak dye sa, e se la yo pral vini ak mo "Lwa", se yo ki reprezante dye sa, yo nan tout sa ki egziste nan lanati tankou pye bwa yo, sous dlo yo, van, dife, tè a.
Toujou pou vodouyizan yo chak lwa yo genyon misyon.
Legba se li menm kap ouvri baryè.
Kouzen zaka se lwa agrikilti
Ogou se lwa lagè
Ezili Freda se lwa lanmou.
Èzili Dantò se lwa ki la pou pwoteje fanm ak timoun.
Danmbala se lwa konesans ak sajès. Etc...
Tout lwa yo ansanm fòme ss nou rele panteyon vodou a.
Anndan l nou jwenn diferan rit.
Tankou rit rada, petwo, Kongo, ibo/igbo.
M sonje m te pale de rit rada deja nan yon pòs ke m te fè, li se rit ki pi ansyen an, li sòti Dawome ak kèk lòt peyi an afrik de lwès tankou Guinée, Gana, Togo.
Ale li dènye pòs m pibliye maten an kote m bay yon lis non lwa ki nan rit rada.
Rit Petwo a li menm li pran nesans nan koloni an, men kèk lwa ki fè pati l
Èzili Dantò, Marinèt pye sèch.
Rit Kongo a sòti nan sant afrik, kote w jwenn peyi Kongo, Gabon, Cameroun.
Men kèk lwa ou jwenn ladan l.
Simbi Ganga, Simbi Andezo, Amine Danwezo.
Rit Ibo ou Igbo li sòti Nijerya, se yon rit ou plis jwenn nan fineray ak kèk sosyete sekrèt.
Men kèk lwa ou jwenn andann l.
Ibo lele, Lanman-Ibo, Danmbala Ossange.
Gen plizyè lòt rit ankò ke m pa site,
Pa bliye sa ou kapab jwenn yon lwa nan plisyè rit.
Konbyen lwa ki genyen?
Selon Alfred Métraux li di: Li lwa yo tèlman anpil, pa eseye ale konte yo paske w pap ka fin konte tèlman gen anpil lwa.
Selon Rachelle Bauvoir ak Didier Dominique yo di gen 401 lwa.
Gen lòt moun ki di gen 101 lwa.
Nan yon liv ke Jean Kerboul ki rele " Le vodou Magie ou religion " li di gen plis ke 4000 lwa.
Chak lwa sa yo reprezante pa yon bagay ki rele vèvè ki sòti nan Dawome, men yo te remake nan piramid an ejip.
Se kisa vèvè a ye?
Vèvè a se Senbòl lwa yo, lwa yo pa sèvi ak imaj, nan koloni an Esklav yo pa t ka adore lwa yo, si yon blan kolon ta vin sòti dèyè yon esklav kap sèvi lwa m pa bezwen di w lwa sa ap pase move moman anba chaplèt, men kòm esklav yo te entèlijan yo kache dèyè imaj sen yo pou yo te sèvi lwa lè konsa prèt katolik yo kontan yo panse se sen yo ke esklav yo ap adore epi se la yo pa fò a wi, se sa k fè gen anpil moun ki di yo se vodouyizan ki toujou konsève imaj sen katolik lakay yo.
Eske te konnen Ou pa dwe pale nan saw pa konnen
Ou tande anpi moun ap diw Vodou gen Djab ladanl me Djab yo
Lo yon kretyen ap pale de de Djab li pa konn si se de Fos lap pale
Menw saw dwe konnen antanke Vodouyizan Ki ap alyene
Vodouyizan Ki kolonize
Vodouyizan Ki pa limite nan Matris yawe
Vodouyizan Ki pap sevi blan nan do Zansét yo
Se pouw konnen se lew tande yap pale de Ezili nan Vodou se de matyè a yap pale
La terre ( la mère de l humanité, la vierge noire , la terre mère , la femme et sa dimension mystique)
Pale de Ogou se pale de Dife ( la force du feu éternel, l énergie du feu 🔥)
Pale de Agoue se pale de fos dlo / pale de Eneji dlo a )
Pale papa loko, de Agaou, se pale de Van sakre a / fos van an
Wi se fos sa yo Ki tè bay nou libete
Paske Zansét yo te konnen kijan pou yo itilize fos sa yo kont kolon yo
Yo tè itilize Fos Ezili Ki se tè fos fanm nan
Strateji fanm nan , mistik fanm nan ,
Mwen pap ka bay esplikasyon sou sa pou m pa sevi kenn nanm nan fe Sa yo rele mal la ppu gran mesi
Yo te itilize fos tè pou yo te ka fe mawonnaj la pi byen pa Sa nou rele zonbifikasyon an
Yo antere esklav yo devan zye kolon yo nan lannuit yap Level paske depiw mouri kolon pap voye cheche w ni mete chyen deyèw
Lew fi n mouri kounya depi yo rankontre w yo kouri se law pwal jwenn non sila ( Zonbi )
💧💦💦💧💦💧💦💧💦💧
Yo te itilize fos dlo a ; mete pwazon nan manje yap bay kolon yo
Mete pwazon nan dlo yap bwè
Mete pwazon nan basen yap benyen yo
Wi yo fe batay la ak strateji
Yo tè itilize fos van an
Yo te konn pran bèt ki fi n mouri yo fe poud avek yo epui simen yo sou tout do kay
Lage yo devan tout plantasyon kolon yo
Epui nenpot ti van Ki leve poud la Gaye
Nan vizaj tout kolon yo nan rad yo saw tande a yo tonbe malade , yap tonbe tankou grenn lapli . 💧💦💧💦💦💧
Yo te Itilize pouvwa Ogou yo
Ki se dife 🔥🔥🔥
Se ak dife yo te konn fe zam yo
Ranmase debri Fonn yo pou yo fe zam
Pa bliye pifo nanm Ki te soti o Kongo yo se te des initiés, des intellectuels se te des forgerons
Se té des soldats des armées de terre et de l'air.
Yo te konnen kijan pou yo itilize konesans yo Dabo
Yo te itilize dife a pou boule plantasyon yo
Boule kay kolon yo
Sakaje tout rekolt kolon yo
Boule yo le yap domi
Se sak te fé komanse kite peyi a avan menm Zansét yo tè fe denye batay final la
Oui le feu est sacré
Vodou pat janm ti grimas yap rakonte sou li yo
Chimen resistans lan se yon chimen nanm li te ye
Ranse ak Vodou se ranse ak tout fos sakre ki te pemet Zansét yo batay
Comentarios
Publicar un comentario