Vèvenn

 ENPÒTANS VÈVENN 


   1- PWOTEKSYON 


Plante vèvènn nan kay la, l ap mete w sekirite kont nenpòt move lespri.✊ 


       2- NETWAYE 


Mete vèvenn nan dlo epi wouze tout alantou yon kay oswa yon kote sa ede w chase move lespri ak fòs ki mal. Mete vèvenn nan ak lansan nan yon dlo epi benyen avè l sa ede w pirifye tèt ou. 


W ap mete  fèy yo nan dlo a depi nan aswè a epi pran beny ou byen bonè nan maten, fè sa pandan 7 jou sa ede w debloke. 


   3- POU KALME EMOSYON EPI JWENN LAPÈ 


Gaye fèy vèvenn nan anndan kay la pou kenbe lapè, epi ou ka mare l sou tèt ou pou kalme emosyon yo ak lè w fè kolè oubyen sezi.

Ou ka bouyi l ou bwè tou. 


       4- CHANS 


Vèvenn nan ap ede w tou nan rityèl lajan ak pwosperite.  Si w plante plant sa nan jaden w oswa ou mete l nan kay ou, w ap gen chans e w ap toujou gen kontantman . Bwè li anvan ou dòmi, mete l anba kabann ou, oswa mete l nan kou w ap anpeche w fè move rèv. 


       3- ANDIRANS 


Pou w jwenn andirans pou pa fè bèk atè sou kabann, w ap leve anvan Solèy la leve nan premye jou Lalin Nouvèl la, chwazi kèk fèy vèvenn (toujou anvan solèy leve), peze ji li epi bwè l ak yon ti sèl.  


        4 - ÈD gerizon 


Vèvenn se tou yon zèb gerizon enpòtan.  Bwè ji Vèvenn li ap ede kò a e l ap anpeche lòt pwoblèm sante nan lavni. 


Pou ede nan rekiperasyon de yon moun k ap soufri ak yon doulè, ou ka mare rasin vèvenn nan kou moun a 90 cm nan yon fil blan.  Li dwe rete la jiskaske l rekipere l. 


      5- POU KONNEN SI YON MOUN KI MALAD ANPIL AP VIV OUBYEN SI L AP MOURI. 


Pou konnen si yon moun ki malad anpil ap viv oswa mouri, mete kèk Vèvenn nan men w epi peze l sou pasyan an, pou zèb la pa detekte.  Mande l kijan li santi l, si l santi li gen espwa lè sa a li ta dwe viv, si l santi l, li gen anpil chans pou l mouri. 


      6- SI YON MOUN DWE W LI DEREFIZE PEYE W. 


Si yon moun ou konnen te pran yon bagay nan men w oswa ou te prete l yon lajan li derefize peye w, lè w pral kote l pote kèk Vèvenn sou ou epi ale kote moun nan li sipoze peye w. 


            7- POU EDE PITIT OU POU L GRANDI AK ENTELIJANS 


Si w bezwen pitit ou grandi ak anpil entèlijans ou kapab mete fèy vèvenn nan bèso kote l ap dòmi an. 


              8- POU WÈ AVNI W. 


Bwè ji vèvenn chak lè lalin nan plenn, sa ap ede w wè kèk bagay nan rèv ou e w ap gen kapasite pou wè tout lènmi w yo e menm ke yo ta chwazi fè maji dèyè w w ap gentan wè sa. 


          9- POU KONSOLIDE RELASYON W E  ELWANYE W DE FO SANTIMAN. 


Boule chak aswè fèy Vèvenn nan fòm lansan. 

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka