Twonp bouche

 TWONP BOUCHE | Kis ak Fibwòm 


Dòz sa bon tou pou dezentoksike ou netwaye matris la, nan sans sa li bon pou moun ki gen ni fibwòm ni kis epi li ede debouche twonp yo; li ede kont kansè  men kansè matris espesyalman. Li bon tou pou gason ki spèm fèb. Sa se Dòz #2, chache dòz #1 an pou w fè l tou, swa anvan oubyen apre dòz sa. 


👉  Engredyan: Fèy Grayav + Fèy kowosòl 


PREPARASYON:

W ap lave 1 ponyen nan chak plant sa yo. Bouyi fèy gwayav melanje avèk fèy kowosòl nan 1 lit dlo (4 gode) ansanm pandan 10-12 minit. W ap pase yo nan yon paswa oswa grèf te pou ka separe fèy yo ak dlo a. 


POZOLOJI:

Bwè 1 ti tas pandan te a tou tyèd la 3 fwa chak jou (maten-midi-aswè), pandan 7 jou. 


Nòt: Si w gen kis ou ka fè l tou | bay mari w bwè nan dòz sa tou si n ap eseye fè timoun epi misye ta gen pwoblèm fètilite.  Toujou fè resèt yo ant  1-2 semen anvan w pase nan yon lòt dòz, pinga melanje resèt sou resèt, sitou si yo pa nan menm kategori. Fin fè youn epi ale nan lòt la: fini ak dòz #1 pou twonp bouche a epi vin fè dòz # 2 sa. 


👉  M ap gad si n p ap pataje pòs yo pou ede lòt moun vre. 


DIPLIS:

➡️  Nèg Spèm Fèb gen difikilte anfante fanm, pandan w ap eseye ansent lan bay nèg ou a dòz spèm fèb ki sou sit Medikaplant.org la. Sa ap ogmante chans ou paske nèg l ap pi fètil. Ou ka toujou fè mesye a fè yon tès spèm tou pou w ka byen dyagnostike l. Dòz sa ou li pi wo a bon pou spèm fèb tou, ou pa pataje l ak mesye w la. 


ENPÒTAN: 

Si ou se yon moun ki soufri "tansyon ba" (ipotansyon) trètman natirèl sa ou pa dwe fè l anpil paske fèy sa y ap desann tansyon w pi ba toujou, pandan tan sa, si tansyon moun nan te wo l ap byen bon pou li. Men sa pou w fè si w soufri tansyon ba: w ap jis fè l pandan 7 jou epi w poze pou 15 jou apre sa ou repedale 7 lòt jou; si w remake li ba w ti pwoblèm sispann pran l. Si doktè mete w sou medikaman pou w ansent deja pinga melanje dòz sa ak konprime gwosès doktè, se swa youn ou lòt. Si se ansent w ap eseye ansent pandan w ap debouche twonp ou konbat kis ak fibwòm yo, nan peryòd ovilasyon w w ap sispann pran dòz sa tou, w ap rete swiv si w pa ansent apre sa w ap rekòmanse l. 

👉  Pinga fè dòz sa si w nan pran okenn sipleman Coenzyme Q10 (CQ10).

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka