Ti Jan

 Lwa Ti Jan. 


Lwa Ti Jan se yon Lwa Ginen, Ras Petro. Li renmen dife, tafya, sigarèt ak florida. 

Anpil Hougan/Mambo sèvi avèk li paske li wè lwen. 

Li se yon Lwa, sou rit Guédé, lè l monte nan tèt yon moun li mande pase poud nan figi l ak koton nan nen l. Li asiste Papa Gede Nibo.

Li renmen abiye an nwa, yon rad nwa byen long (poul santi li Wa), yon chapo nwa ak mouchwa mov nan kou l. (Selon lakou a)

Yo toujou di Ti Jan se pitit Dantò, se pa vre. Li se Kouzen l. Ti Jan se yon Lwa pwisan yo souvan itilize l pou vanjans, e li fè gwo tretman tou. Li rete nan bwa. Yo konsidere li tankou yon gran majisyen e yon pratikan maji ta dwe asiste pa Lwa sa.

Jou Ti Jan se Lendi, Mèkredi ak Samdi.

Madanm li se Marinèt pye sèch ou bwa sèch. Marinèt se yon lwa ki danjere anpil, li kriyèl e enprevizib m te pale de li sou paj kilti lakay la, Moun pa jwe ak fòs sila konsa, se Lwa ki plis apateni ak rit Bizango a ki se yon lòt fòm ekstrèm rit petro a.

Seremoni fanm sa fèt nan nwit byen ta, li renmen poul nwa/ chèvrèt boukannen.

Gen kèk kote yo venere papa ti Jan sou rit Zandò tou, sonje gen rit, gen nanchon, gen fanmi lwa. Nou pap melanje yo. 

Anndan fanmi jan an, ou jwenn anpil jan sou plizyè rit, tankou;

Nan rit Dahomey gen : Jean Faro Danthor

Nan rit Rada gen : Jean Bazile

Nan rit Nago gen : Jean Faro, Jean Paul Nago

Nan rit petro gen : Jean Petro, Jean Danthor, Jean Barak

Nan rit Makaya gen: Jean Brake

Nan rit Boumba gen: Jean Boumba

Nan rit sosyete gen : Jean Boukan

Nan rit Kita gen : Jean Kita, Jean brital, Jean san krent danje, Ti Jean rasin

Nan rit Zandor gen: Jean Zandor

Nan rit Guédé gen : Jean guiyon, Jean Krab, Jean Laurent, Jean Zinga, Jan zombi, Jean Simon.

Papa tijan se lwa ki pote dife, manje dife, danse nan dife, se dife a menm. 

Sonje ke sous dife menm se *solèy la* se sak fèm toujou di nou Gadyen eleman feu nan vodou a se *Ati Sole* se pa janm Ogou jan moun yo fè konprann lan. 

Lwa tijan manje kochon, gen kote se bèf, pa etone. Siw ta wè yo bal bouk kabrit nan kèk lakou

Comentarios