Ti jan Petro

 TI JAN PETRO. 


Mwa juin se Mwa ti jan Petro

TI Jan Petro se yon antite nan panteyon vodou an. 

Lwa Ti Jan se yon Lwa gèrye, se yon lwa cho, se lwa nan rit petro 

Li sou Gede tou. Li asiste Papa gede Nimbo.

Li renmen abiye li an nwa, yon rad nwa byen long(poul santi li Wa), yn chapo nwa ak mouchwa mov nan koul. (Selon lakou a)

pi souvan lèw reve Ti Jan petro se yon ti bout tonton nwè, do touni, ak yon ti bout pantalon sou li, pye a tè ak yon baton ki gen flam poul kleren chemin li, li konn paret sou fòm yon koulèv vèt ak dife kap soti nan bouch li, li renmen mache lannwit plis ke lajounnen, li toujou sou chemin an, li konn akonpanye ak Dantò, ak marinèt pye chèch, ak Avadra,li konn dèyè Chwa feray lan, li konn ak ponya nan menl tou. 


Saint Jean ak Ti Jan Petro se 2 bagay diferan, paske Saint Jean se pou egregò oksidan bouro a, Ti Jan se nan Panteyon vodou Ayisyen dafrik lan. 

men jan mwen konn toujou di nou an, espri yo pa gen fòm se jis se sous enèji yo ye, se ou ki resipyan enèji an, se fòm ou ba li an, li pran, sa vle si ou se yon wangatè ou pa prepare lespri w ase, oubyen ou prepare lespri ou selon oksidan an, lwa yo ap pran fòm espri ou, ou ka toujours wè St Jan, nan dòmi ou, pou Ti jan petro, paske lè lwa yo manifeste nan yon moun tou, li pran plas

( âme)  ki se nanm moun nan li mete nanm moun de kote, li itilize espri moun nan ak kô moun nan, moun konpoze 3pati : espri, nanm, epi kô.

yon vodouvi, oubyen yon moun ki konn gen lwa dwe prepare espri li, travay sou têt li pou li elimine tip de panse sa yo, Lwa yo pa Sen, Sen yo pa lwa, se 2 egregò diferan, si gen melanj, sak melanje an devwal se afebli lòt lan. 


Yo toujou di Ti Jan se pitit Dantò, Ti Jan se yon Lwa pwisan yo souvan itilize l pou vanjans, li te vanje de kolon, li te pwopaje dife nan chan kann, kafe, kakawo, avèk kay kolon an nan gè ki pou te libere nou nan kont fransè yo, li te dèyè chwal Feray e li fè gwo tretman tou. Li rete nan bwa. Makandal te sèvi ak Ti Jan Petro, ak Damballah, ak Marinèt pye chèch ak Gran bwa ile, se espri sa yo ki te pwoteje esklav mawon yo nan raje yo te kache an, se Makandal tou ki te itilize ak Ti Jan petro epi Ati sole pou te anpwazone rivyè an, men anpwazone rivyè yo, son bagay ki te ede touye yon paket blan, li te bay esklav yo sekrè, men sa Lwa sa yo te di Makandal pou di esklav yo, si Kolon yo voye nou vin dèyè dlo pou yo, pran l kote solèy kouche, si se pou nou pran l kote solèy leve sou pèmisyon Ati Sole, epi pa gade dèyè bwè dlo sa san nou pa di anyen, men si dlo nou pote pou Blan, yo di nou goute l, mete nou nan pozisyon kote solèy leve, mande Ati Sole pasaj, se pa nou kap bwè se espri ki ak nou an k ap bwè l, pou jis kounye a pratik sa rete, gen moun ki paka pran nan pwazon.

Yo konsidere li tankou yon gran majisyen e yon pratikan maji ta dwe asiste pa Lwa sa.

Jou Ti Jan se, lendi, Mèkredi ak Samdi. li akonpanye madanm li se Marinèt pye sèch ou bwa sèch. Marinèt se yon lwa ki danjere anpil, li kriyèl e enprevizib. li pa nan griyen dan, li te nan batay pou lendepandans lan, nan anlve nanm kolon yo, oubyen nan bwè san Fransè yo, se Lwa ki plis apateni ak rit Bizango a ki se yon lòt fòm ekstrèm rit petro a.

Seremoni fanm sa fèt nan nwit byen ta, li renmen poul nwa/ mouton boukannen, kochon boukannen. 


Gen kèk kote yo venere papa ti Jan sou rit Zandò tou, sonje gen rit, gen nanchon, gen fanmi lwa. Nou pap melanje yo. 


Anndan fanmi jan an, ou jwenn anpil jan sou plizyè rit, tankou: 


Nan rit Dahomey gen : Jean Faro Danthor 


Nan rit Rada gen : Jean Bazile 


Nan rit Nago gen : Jean Faro, Jean Paul Nago 


Nan rit petro gen : Jean Petro, Jean Danthor, Jean Barak 


Nan rit Makaya gen: Jean Brake 


Nan rit Boumba gen: Jean Boumba 


Nan rit sosyete gen : Jean Boukan 


Nan rit Kita gen : Jean Kita, Jean brital, Jean san krent danje, Ti Jean rasin 


Nan rit Zandor gen: Jean Zandor 


Nan rit Guédé gen : Jean guiyon, Jean Krab, Jean Laurent, Jean Zinga, Jan zombi, Jean Simon Brutus. 


Papa tijan se lwa ki pote dife, manje dife, danse nan dife, se dife a menm. 


Sonje ke sous dife menm se *solèy la* se sak fèm toujou di nou Gadyen eleman feu nan vodou a se *Ati Sole* se pa janm Ogou jan moun yo fè konprann lan. 


Enèji sa a nou venere li 365 jou men nan epòk kote solèy la rive nan zenit li


Ti jan petwo vodouivi senkretiz relel jan batis

Ou jwenn lwa jan tout kote nan dlo nan dife nan dlo anba tè



Lwa ti jan fe pati skot lwa fawo yo. 


Lwa ti jan spesyalizel nan fe spedisyon anpil anpil 


Papa ti jan petwo c  don petwo 


Pami lwa ki nan skot jan u jwe 


Jan fawo

Jan simon britis

Jan zonbi 

Jan danto

Jan petwo

Jam brage

Jan bazil 


Anpil nan skot lwa jan yo manje kochon menm jan ak tijan 


Men jan fawo manje mouton 


Gen yon mitoloji voudou ki di ti jan petwo c yon lwa blan ki vini nan batay pike ak kako 


Le wap touye mouton jan fawo depil kriye anterel 


Lwa ti jan petwo sanble ak kouzen zaka anpil fok u konn lwa pou idantifyel li fimen menm jan eli gen chapo 


Gen kote yo salye tijan yo asawo 


Koule ti jan c jon ak wouj 

Ble ak jon

Jon ak vet

Gen lot kote c kaki ak wouj ou jon sa pral depan de regleman kote a



Lwa ti jan petwo fe tretman anpil anpil li konn bolet li byen 


Li yon moun dwew li pa vle peyew u k voye ti jan al touche pou u 


Ti jan petwo byen ak ezili danto anpil gen mitoloji ki di c kouzen ak kouzin yo ye 


Ti jan gen yon sel madanm c marinet pye sech

C sel fanm ki k kalmel lel fache

Lwa ti jan ak marinet renmen dife anpil 


Jan zonbi ak jan simon britisc lwa gede yo ye yo manje tout bagay 


Ti jan bwe rhum oubyen kleren blan sa pral depan de reglwman 



Ti jan renmen bay maleng


Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka