Ti chodyè 3 pye

 Kisa ti chodyè 3 pye #Dantò 👑🍍🌿🐝🗡 an senbolize ou vle di ? 


Èzili Dantò di Madan Lenba,Boran pou moun nan nò.

Li se 1 Rèn nan eskòt lwa Petro(Gad) ki gen Dantò,Manbo Nansi,Mapiang,Balyann,Severin,Marinèt....

Koulè prensipal li se ble ak wouj,gen dimansyon li pote jon solèy,ble syèl ak ble maren ak wouj e nwa.

Sou regleman petro ou gad li manje kochon,sou regleman Mètrès fran li manje kabrit...

Depi wap pale de panteyon lwa Dantò yo pami objè rityèl nou wè se ti chodyè 3 pye ak ponya,diven wouj,anana,boutèy tranpe li,florida ....

An nou rete sou koze ti chodyè 3 pye an,kisa li senbolize ou reprezante,

Nan chanm Èzili Dantò a travè chante sa mwen te fini pa aprann signifikasyon senbolis chodyè 3 pye an.

Nan Tradisyon Vodou an Ayiti senbolis chodyè 3 pye reprezante Manman chodyè yo te konn kwit manje pou tout moun manje ak 3 wòch dife ,ki se yonn nan premye fason zanzèt nou yo te konn kwit manje.

🎵🎶 Èzili Dantò eya dantan kay lan🎵Madan Lenba eya dantan eee.

Èzili Dantò senbolize E reprezante Metrès dantan tou. 


Mpare poum li anpil wi 


Chodyè  3 selon  reprezante 3 bitasyon  

Papa 

Manman

Pitit 

Li reprezante  kafou 3 

Li reprezante  3 pilier   ak yon kouronn ou 3 roch dife ou byen yon foyer dife ki manje sou li , li se yon fos 3 ki égal fanmiy  , li se marassa  3 . 

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka