Tanbou Asòtò
TANBOU ASÒTÒ
Asòtò se yon tanbou ki wo anpil, li fèt an bwa, li kouvri ak po bèf, yo itilize'l anpil nan *culte vodou* yo.
Wòl li ala fwa senbolik e mizikal.
Pou jwe esntriman wo sa ou dwe monte sou yon gwo tabourè, gen moun ki konn monte sou yon pye bwa paske tay entriman an pafwa konn mezire plis ke 2 mèt.
Nan seremoni yo inisye yo gen koutim fè vironn asòtò a pandan y'ap danse epi y'ap sote yonn aprè lòt pou yo frape manbràn tanbou a ak yon bagèt.
Tanbou asòtò yo souvan dekore ak efiji dye vodou yo ou byen lwa yo.
Gen posibilite pou tande son tanbou sa nan plizyè kilomèt, yo te konn itilize tanbou sa pandan revolisyon ayisyen an pou yo voye mesaj kòde.
Jacques Roumain se yonn nan ra ekriven ki te entèrese ak enstriman enigmatik sa., An 1994 li konsakre yon etid konplè sou enstriman sa: *“Le sacrifice du tambour-assotor”.*
Comentarios
Publicar un comentario