Soufle nan bouboun

 SOUFLE NAN BOUBOUN |


Se yon sijè ki fè pale de li nan moman an, nou deside eklèsi abone yo sou li. Eske soufle nan koko ka touye yon fanm vrèman?

Jan nou tande sa, se yon koze ki fè anpil pale dènye tan sa yo, men se yon bagay ki vrèman serye kote tout moun ap eseye tout bagay pou satisfè dezi, ofri eksitasyon ak reyalize fantasm. Wi soufle nan koko trè danjere. Wi soufle nan koko gen risk pou touye yon fanm.

Jeneralman lè yo soufle nan tou koko a, lè a pase nan iteris la, glise nan twonp yo pou al loje nan kavite abdominal la. Pratik sa pwodwi yon prezans anònal lè nan kavite abdominal la ki pral pwovoke yon PNEMOPERITWÀN. Nan ka sa si yo pa gentan efektye yon operasyon rapid, endividi a ka mouri.

Toutfwa, se pa di yo di nou kenbe souf nou lè n'ap fè TIBÈF. Pou gen risk PNEMOPERITWÀN lan, fòk endividi a ta pran san'l soufle nan koko a tankou l'ap soufle yon blad epi anpeche lè a resòti. Li enpòtan pou'n evite yon moun soufle volontèman tankou l'ap soufle yon blad nan tou koko a. Toutfwa yon moun k'ap pran souf pandan l'ap fè yon tibèf pa danjere pou fanm lan

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka