Sosyete sekrèt
Sosyete sekrèt
Jodi nap pale de yon sijè ki vrèman sansib, nou pral pale Makanda, Bizango, Chanpwèl, Blengendeng, Zobop, Sosyete des convrés.
Ki kote Sosyete sa yo sòti?
Rezon ki fè gen Sosyete sekrèt sa yo se akoz esklavaj, si nou ale pi lwen se mawonnaj ki ta pral bay nesans ak plizyè Sosyete sekrèt sa yo, Lafrans te mete zansèt nou yo nan esklavaj, e se akoz esklavaj ki ta pral fè gen mawonnaj, e se akoz mawonnaj ke Sosyete sekrèt sa yo ta pral pran nesans.
Premyè Sosyete sekrèt m pral pale w la se " Makanda".
Sosyete sekrèt sa ta pran l pran nesans pa yon esklav ki te rele "François Makandal.
Mackandal se yon kongo gwoup ki te plis renmen mawon an, pandan misye nan mawon anba raje a li ta pral monte gwoup li pou l te kontrekare kolonb yo, kote l ta pral prepare pwazon, kout poud kont blan yo.
Daprè listwa sitwayen sa ki te rele François Makandal la pa t jwe, an bon kreyòl misye te konn dedouble li te konn tounen bèt pou l te fè blan yo pè lannwit.
Ebyen selon Van Wing byen bonè bonè 20 janvye 1758 blan fransè mete men sou sitwayen sa ki se te yon senegalè sou plas dam okap nan ri 18 yo boule l tou vivan sou konplisite legliz katolik.
Lè sitwayen sa fin mouri kèk lòt esklav ki te ansanm avè l pran tèt gwoup la, pou m site Racine Jean, Zengo Mavoungou, Jérôme Poteau, Telemaque Congo, Lamour Derance, Romaine Rivière.
Jiskaprezan nan kèk zòn nan peyi a gwoup Makanda toujou ap frape.
Kounye a nou pale w de Bizango.
Sosyete Bizango a pote non moun ki te kreye l la ki se Bakala Bizango Bazin, sitwayen sa te kouzen François Makandal, nan zafè mistik sitwayen sa se te mèt, Bakala te sòti nan zòn bwakayiman nan zòn kote seremoni 14 out 1791 lan te fèt la.
Selon Michel Laguerre Bizango a ta pral jwenn orijin li nan yon gwoup Gèrye ki t ap viv sou zile Bisagos ki tou prè Senegal nan blòk Gine Basawo.
Nou prale pou Chanpwèl.
Selon Max Bauvoir li pa sòti an afrik se Taynos yo ki te òganize yo ki te kreye l pou te kontrekare espanyòl yo, e aprè esklav afriken yo ta pral vin mete men sou li.
Non Chanpwèl la varye sivan zòn lan, gen kote yo di Sanpwèl, Santrèl.
Se Sosyete ki pi popilè nan peyi dayiti.
Youn nan pèsonaj kle nan Sosyete sa se " Amesythe".
Dam sa chak swa nan vil okap ki te rele Kap fransè alepòk se chante nan yon lang kikongo ki se lang peyi kongo pale, kote l te konn entèpele espri "Mbumba".
Selon listwa se yon esklav aprè Makandal ki te fonde l.
Nou pral pale w de Blengendeng ou Vlabendeng.
Rezon ki fè yo rele sosyete a Blengendeng lan se akoz yon chèn yo toujou ap trennen dèyè yo lè yo pran lari lannwit.
Se Romaine Rivière li genyon ti non ki rele Romaine La prophétesse ki te kreye Sosyete sa.
Gwoup sa te konn ap fonksyone nan pati sid peyi a tankou Leyogàn, ti gwav, jakmel etc...
Nan lòt sosyete yo gen Anperè, men anndan Blengendeng lan pa gen Anperè men pito Mèt ou Kapitèn.
Kounye a nou pral pale w de Zobop.
Zobop la yo pa fin konsidere l kòm yon sosyete, yo plis konsidere l kòm yon kò anndan sosyete yo, se sa k fè yo souvan rele l "Kò dè Zobop ".
Zobop sa la pou l ale gade lari a avan sosyete yo pran la, li jwe wòl sèvis Ransèyman.
Yo ba zobop la lòt aspè tou yo di se lè plizyè gwoup desid mete tèt yo ansanm yo tou rele yo zobop.
Kounye a nou pral pale w de sosyete des convrés.
Sosyete sa se Telemaque Ferou ki te kreye l nan sid peyi a, rezon ki fè misye te kreye sosyete sa se paske gen yon kolon fransè ki te touye yon gran frè misye devan l, gran frè a te rele Maseba Convré, pou misye vanje pou frè l li te touye yon blan fransè tou, ou konnen si l fin touye blan fransè a l ap oblije mawon, ebyen misye te pran tout fanmi l tankou Laura se pa sè Laura ki te di l ap prezidan ayiti a non, li te pran Zabribay, Akola epi yo pran mòn pou yo y al nan mawon, e pandan sitwayen sa nan raje a li ta pral kreye Sosyete sa pou l kontrekare blan fransè yo.
Pou m fini avan sosyete sa yo pran lari yo fè seremoni resite priyè yo, epi yo mèt kò yo nan lari lannwit, yo asire yo pa gen moun ki nan lari a.
Men kèk bagay yo pote.
Yo konn gen yon kwa nan men yo.
Yo konn pote yon sèkèy ke yo rele "Madoulè ", rezon ki fè yo konn pote sèkèy la se paske pou esklav yo sèkèy la siyifi lanmò, pou yo se lanmò yo ye yo pa pè mouri.
Yo konn pote yon laye, sa vle di sou wout yo tout sa yo jwenn y ap pran.
Yo konn pote yon kòd, kòd sa se pou yo te kapab lanse blan fransè yo. Kounye a nou itilize yo kont pwòp tèt nou.
Comentarios
Publicar un comentario