Simbi Andezo

 Simbi ande zo 


Simbi c gadyen sous yo mar dlo yo e tout pwen ki gen dlo.li c yon founisè nanm e li gen don klèvwayans. 


Genyen plis k 27 lwa nan skot simbi a ki soti nan plizyè skot petro rada congo makaya etc..

Yon chak gen spesyalite yo e domèn yo fe predileksyon yo egz:simbi andeyizo li lye a la fwa ak dlo dous e dlo sale e simbi anpeka c yon lwa plant yo fey yo ak pwason yo. 


Men nan tou de ka yo prezans dlo a inevitab. 


Moun ki posede pa lwa simbi mande dlo souvan an louvri e ak feman bouch li tankou yon pwason ki pap viv nan eleman li. 


Li pa pran fòm moun mwn pito fòm yon koulèv moun ki posede pa lwa toujou al manifeste près yon sous dlo rivyè etang e chante li yo mansyone sa .moun ki posede pa eapri sa toujou al lage ko yo nan rivyè padan pasaj espri a sou yo . 


timoun kal nan dlo nan sous

Ekspoze pou yo anleve pa simbi ki al antrenel e fel fe domestik aprè kek ane li revoyel vini sou tèe bal kom rekonpans de pèn li yon don de clèvwayans. 


Simbi c mèt tout majisyen simbi k pote nenpot èd enkwayab a nenpot travay rityèl ou spirityel .

Koulè simbi c vèt ou jòn li manje kok e li bwe rhum.senbol li c yon kouñèv dlo.

Nan senkretiz yo atribyel ak 3 wa maj.

Simbi se defòmasyon de"Bisimbi" yon mo ki tire orijin li nan lang kikongo ke yo pale nan Peyi kongo ki vle di Geni yo...,generalman an Ayiti lè yo pale de simbi yo fè referans ak espri ki ap viv nan dlo(sous,ma,letan,Riso,Rivyè,Flèv,Lak,So,anboucheri,Lanmè ak nan Bwa🌳🌳🌳),ki reprezante ou senbolize nan imajinè kolektiv nou pa yon gason ou fanm ki gen cheve long ke yo rele cheve simbi,gen kote an Ayiti li manifeste prezans li tou depan de bitasyon ou Lakou a,sou fòm swa yon 🐠 ou 🐸,gen de kote li manifeste a travè Prezans ou aparisyon 🌈💧

Simbi yo se de Lwa Kongo ke nou erite de Zanzèt Kongo yo,Gen Yaya Simbi,Simbi nan Dlo,simbi Ganga,Simbi Laoka,Simbi andezo,Simbi Makaya,Simbi Anpaka,Simbi nan Bwa,Simbi Gwo Wòch ki se fòs enèji mineral la lè li konsyan,Manman Simbi Papa Simbi ak Zin yo ke Tradisyon oral nan Peyi Ayiti konsidere kèk kote kòm Pitit Simbi.

Pou anpil moun Prensip ou fòs ki pote nom Simbi nan Tradisyon Kongo,se de prensip ke 1 Abitan ki okipe Zile an,ke nou rele Tayino ak Arawak yo te konn onore prensip sa yo avan kretyen kolon te kidnape Zanzèt nou nan Kontinan Afrika mennen nan esklavaj nan koloni sen domeng.

Pa gen tchovi ki fèt avan ane 2000 yo,ki pa konn tande istwa Tezen.

An nou di mèsi Dlo pou Frechè ak Byennèt ke li pote nan Vi nou,Mèsi Manman Dlo 👑💧🌈🌊 paske kontribiye a rann Lavi Posib.

"🎵Se mwen se Simbi Dlo🐸🌈 ki konn Lanmè🌊 jis nan fon kè li🎵🎶Sekrè Dlo se Sekrè Pam"

Niyosi-Bisimbi-Nganga !!! 


Sous Prens👑🐆

Apv

Ann pale vodou

Jou simbi se: Samedi 


Manje simbi se: Diri kole vyann poul 


Bwasonl se : Alkol ki fò 


Koulèl se : Bleu ciel, blanc (Simbi Dlo, rite Rada); rouge (Simbi Makaya, rite Pétro). 


Li renmen mete chèn lò 🙌SIMBI MAKAYA 


Kisa Mo Simbi a ye?

Kisa Mo makaya? 


Simbi nan lang kikongo vle di "Doktè"

Lang kikongo a se lang ke yo pale nan peyi kongo. 


Yon moun ki gen lwa simbi ki danse nan tèt li gen kapasite pou l fè gwo tretman. 


Men nou jwenn plizyè simbi

Gen simbi dlo

Simbi Makaya 

Simbi Andezo 


Makaya se kisa mo sa vle di?

Mo Makaya sòti anndan lang Kikongo tou li vle di "Fèy". 


Lè w kontre 2 mo yo ansanm ki se doktè ak Fèy, li vin bay "Doktè fèy" jan ke n konnen l deja. 


Nan lang ki kikongo nou jwenn Mo sa ki se " Loukaya" ki vle di yon sèl fèy 

Makaya ki vle di tout fèy yo. 


Se lwa simbi ki vle ki okipe dosye tretman,  se li ki gen Konesans nan tout fèy yo.

Kèlkeswa lwa ou rele pou fè yon tretman se pa simbi l ap pase. 


Se simbi ki pou bay tout vrè ougan ak manbo don pou ale kase fèy nan bwa pou fè tretman pou malad yo, pou fè ben-y pou benyen zanfan yo.Lwa simbi yo 


Simbi yo se de Lwa Kongo ke nou erite de Zansèt Kongo yo. 


▪︎Gen Yaya Simbi.

▪︎Simbi nan Dlo.

▪︎Simbi Ganga.

▪︎Simbi Laoka.

▪︎Simbi andezo.

▪︎Simbi Makaya.

▪︎Simbi Anpaka.

▪︎Simbi nan Bwa.

▪︎Simbi Gwo Wòch ki se fòs enèji mineral la lè li konsyan.

▪︎Manman Simbi.

▪︎Papa Simbi ak 

▪︎Zin yo ke Tradisyon oral nan Peyi Ayiti konsidere kèk kote kòm Pitit Simbi. 


Pou anpil moun Prensip ou fòs ki pote non Simbi nan Tradisyon Kongo, se de prensip ke yon Abitan ki okipe Zile an ke nou rele Tayino ak Arawak yo te konn onore prensip sa yo avan kretyen kolon te kidnape Zansèt nou nan Kontinan Afrika mennen nan esklavaj nan koloni sen domeng.Priyè Simbi

Priyè ougan manbo sèvitè ak moun ki gen don.

Limen balèn wouj oubyen jòn, lanp lwil akasya, jou samdi

Sèvi wonm bitasyon blan

Papa Simbi

Fè nou sèvi zouti pou mete kè poze kote gen la toumant,

Fè nou sèvi medikaman pou bay gerizon kote ki gen maladi.

Fè nou mete tèt ansanm kote youn pa vle wè lòt

Fè nou mete padon kote youn ap derespekte lòt,

Fè nou mete renmen, kote youn rayi lòt

Fè nou mete laverite, kote ki gen dout

Fè nou mete konfyans, kote youn vle twonpe lòt

Fè nou mete lespwa, kote ki gen dekourajman

Fè nou mete limyè, kote ki gen fè nwa

Fè nou mete kè kontan, kote ki gen lapèn

Papa Simbi

Fè nou pito konsole pwochen nou

Olye se konsolasyon n ap chèche pou tèt nou.

Paske lè nou bay nan non ginen yo n ap resevwa.

Se lè nou bliye tèt nou,

Ou ba nou sa nou merite.

Se lè nou padone pwochen nou

N ap jwenn padon pou tèt nou nan men ou.

Nan non w Papa Simbi Andezo, Simbi Yanpaka,

Simbi Ankita, Simbi Anpola,

Simbi Maza, Simbi Makaya, Simbi fèy, Simbi gangan,

Simbi 3 zile, Simbi travo,

Nèg kouloumbwa mennen malo,

Nèg tate kite, nèg biki makaya,

Nèg eskalye boumba, nèg zazi pongwe, Li Gonde Malolo,

Nèg laye, nèg Simbi Laye, nèg Kasamanbilay 

Matipouyi-yi, Madiomansah


Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka