Senbòl pye bwa yo

 🟢 SENBÒL KÈK PYE BWA NAN VODOU🔴 


🌴Tout pye bwa se sous lavi🌴

                           

Yon PYEBWA vo 5 klimatizè pou pi piti. 


Lè endispansab a lavi, e nou bezwen lè pou n RESPIRE.

Poukisa w ap koupe BWA chak jou❓

Di m non zantray, ou pa wè malè pandye anwo tèt manman latè ❓ 


MAPOU :

Senbòl  bote mayifik, grandè, rasanbleman, bon manman. Repozwa gwo LWA yo. 


FIGYE : 

Senbòl abondans, fètilite, de jenerozite e de grandè, Senbòl pèseverans paske l gen pasyans pou l rive bouske dlo menm nan fant wòch, li leve menm nan wòch. 


GAYAK :

Senbòl de solidite, de rezistans e lonjevite. Bwa fè. 


SABLIYE :

Senbòl kolè, defans, laterè ak grandè. Se gwo pyebwa sila a ⚫ANPERÈ DESALIN 🔴 te plante sou aktyèl "plas piblik" nan BOUK GRAN RIVYÈ DI NÒ, e ki la joukaprezan. Sabliye senbòl fyète ogou. 


KALBAS : 

Senbòl richès, abondans, fètilite, lwayote, pouvwa feminen sakre...repozwa LWA BOSOU. Manje ak bwè dlo nan kwi se bagay sakre, li konbat tansyon, li chaje enèji ak pwoteksyon pou kò yon moun. 


SÈD : 

Senbòl wayote, otorite, pouvwa, grandè, entegrite. Majorite baton ak ti chèz grandèt fèt ak bwa sèd. 


KANPÈCH : 

Solidite, rezistans, Koryasite. 


BWATCHENN : 

Senbòl tonnè, grandè, otorite. Repozwa AGAWOU. 


KAJOU :

Senbòl reparasyon, bote, souplès, fanm. 


BENZOLIV : 

Senbòl vitalite, fòs, tenasite, pirifikasyon...li difisil pou anpeche benzoliv releve. Nou ka fè referans ak benzoliv lè TOUSEN LOUVÈTI te di : "rasin nou anpil, e yo nan fon latè y ap fini pa repouse menm si w ta koupe nwa a". 


PALMIS : 

Senbòl fyète, lajwa, ekilib, libète ak byennèt... 


MONBEN BATA : 

Senbòl elegans, afektye e an menm tan nayif. repozwa gwo loa, yo souvan mare fanm ak gason ladan l. Kilòt ou kalson yo toujou jouke ladan l...e se menm Monben ki ka bay solisyon an ankò. 


SIWÈL :

Bèlte, pirifikasyon, tandrès. Se repozwa MÈTRÈS AZILI FREDA...kase makaya l pou beny sou non FREDA 


KAYIMIT : 

Senbòl etwal, mòtalite, rezistans. Gwo van pa fè grenn kayimit pè. Nou dwe rete djougan menm jan ak grenn kayimit devan move moman. 


kOKOYE :

Senbòl klèvwayans, pirifikasyon, lapè enteryè, bonte, detant. Fri kokoye se meyè fri pou fè lavaj tèt. 


MANG :

Senbòl lanmou, sajès ak fòtin...li toujou bon pou l plante nan mitan lakou w, si w ap mache nan lannwit epi move zè bare ta bare w, si w jwenn yon pye mango rantre anba l, ou tou jwenn lapè. 


ZABOKA : 

Senbòl sante, bote, puisans seksyèl, repozwa PAPA DANBALA. 


ZORANJ :

Senbòl kominikasyon, puisans, vitalite, pwoteksyon. Li rekòmande pou toujou ansanse andidan kay ou ak li. 


KOTON :

Senbòl lapè, sajès, byennèt, senbòl maskilen ak feminen sakre. Chak ou koupe yon pye koton se tankou w te tchwe yon moun. 


BANANN : 

Senbòl fanmi, eritaj familyal, rasanbleman. Manje sou fèy bannann se bagay sakre nan tradisyon n. 


Elatriye.....❗❗❗

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka