Sèl

 enpòtans Sèl nan koze mistik. 


Sèl ou ka fè tout bagay ak li, tankou sa k pozitif ak sa k negatif. 

Gen Sèl fen, gen 

gwo Sèl, yo chak la pou yon ka espesifik, tout rityèl wap fè ou sipoze gen Sèl 

nan espas la sa vle si se li kap bay gou ak rityèl la, Sèl pa mache san siwo myèl 

oubien siwo kann. 

Sèl se la vi se lanmou, yon moun ki sou foure yon grenn sèl nan poch li ak yon moso chabon epi l ap gen kontwòl tèt li. Kenbe Sèl nou wo

Sèl la jwe yon gro wòl nan mistik

Ou itilize l pou retire negativite lakay ou

Yo benyen avèk li pou pirifye kò w 

Ou kapab mete l nan kwen kay ou pou retire ond negatif.

Ou ka mete l nan pòch ou tou. 

Yo fè ben-y ak li tou tankou lè moun yo ap fè tretman.

Si yon moun fè sezisman ou ka pile l ak ti luil doliv bay moun nan bwè l ap fon 

San an.

Pou m fini Sèl la Pou retire tout ond negatif nèt.

E li la Pou pirifye w tou

Pa gen ti maji, ni gwo maji pou Sèl la

Li enseparab ou fè manje ak li tou.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka