Beny giyon
Pou retire giyon an benyen ak :
▪︎Bwa kaka
▪︎Pesi
▪︎Zoranj si
▪︎Sitron
▪︎Kanpe loin
▪︎7 move dlo
Beny giyon.
Pa dise nan bouch Mwen nou te konnen lay Avek sèl lanmè ka efase Yon sèman ou te fè, épi ou pa tap janm ka imajine ke sel ak lay ka retiré tout madichon yo te bay.
Fini ak koze yap plede vin plimen w nan Dòmi an, épi fè etwal ou briye, lè w fin fè beny sa w'ap debarase w de espri négatif, pa egzanp wap pèdi kèk zanmi, men se zanmi ki trèt épi ki jalou, profitè ki pat janm gen bon panse pou wou, épi wap sispann fè move rèv, épi tout bagay ap vi'ni nomal.
w'ap gen pouw fè beny sa lannwit e se denyè bagay wap gen pouw fè anvan ou ale domi m'en sa wap bezwen 21 grenn l'ay vyolèt Avek sèl lanmè EPA sel fen non sèl grenn.
Pwosedi wap mète dlo bouyi nan Yon veso ki prop lel fini byen bouyi wap desann li wap met 3 gro ponyen sèl lanmè ladanl épi étant dlo a ap bouyi sou dife an wap kale lay lew fini desann dlo a.
Lew fini mete sèl la wap mete l'ay yo apresa wap kitel frèt, wap metel nan Yon bokal oswa Yon boutèy, chak swa le'w fini benyen nomal wap vide anpè nan dlo sa nan Yon lot dlo pou Kapab vide sou kow wap fe beny sa lannwit e se denyè bagay wap fe anvan ou ale domi
Yn sekrè ki pa dwe kache pou pèson
Koze chans
Pi gwo bagay ou dwe konnen de chak eleman wap itilize nan nati an.
Tankou dlo ak fèy pou koze chans
Dlo a wap itilize a ou dwe konnen e rete rekonesan de sa li gen mèt li sou bon kondisyon dlo a reprézante chwal gran papa sa vle tout petit ka pasye pye li odo chwal la.
Dlo dous
Sa nou konnen kom gran rivyè oubyen sous letan
Premyè rèn nan ki kole ak 2 gran mèt yo..
Èzili freda dawomen fanm ki atire chans sou koze lanmou ak prosperite dambala toujou mennm chans la santé e prospérité e mèt simbi andezo ki geri e bay chans.
Nan yn lye mistis oubyen yn basin dlo toujou divize an 3 gran lye.
Depi bazen an mistik se konsa li ye
Basen sa ap gen
Lye simbi lye dambala è metrès dlo a
Toujou chache fason pou identifié yo dékwa pou nou ka fè bon jan rekomandansyon byen.
Kèk fwa mesaj sa yo toujou toumante nou apre vizit dambala ou ayida konsa kèk lot lwa tou.
Ou souvan remake sa nan dòmi
Yn koulèv ap kouri dèyè nou oubyen bare nous.
men lèw bouke kouri nou kanpe men koulèv la vin rete kote nou an sanl pa fè nou anyen.
Sa esplike
Koulèv sa se pa nou ki kapab reprezante nenpot lwa men pi souvwa nou plis abitye ak dambala wedo e ayida wedo .
Espri sa ap chache nou men nou refize ankadre li
Espri sa renmen nou men nou rayi li.
Bagay sa dròl tout sa ki ak nou ki sanble AK nou ki vle mache ak nou men nou refize yo nan lavi nou
Pa fwa iniorans kon rann nou soufri anpil.
Eseye reveye konsyans ki kapab ap dòmi lite pou konsyans nou pa mouri spirityelman.
Rèv sa toujou ka gen sans esplikasyon sa tou.
Yn espri kon chwazi nou men nou refiize chwa espri sa fè de nou an nou chwazi fè lòt chemen ebyen ou paka kontrole ki valè fwa ou repanti nan tout legliz ki genyen
Malgré tout deriv sa yo ou vin aksepete sèvi espri a ebyen depi espri a chwazi nou tout bon pa gen koze kouri pou li ou mèt vin granmoun sou baton wap fè misyon lwa kanmènm
Yn bon konsèy
Pou nou kontinye
Lè yn espri vizite nou sou yn vizaj yn bèt ke nou pa renmen pa kouri pou li demen lè nou leve premye devwa nou dwe fè se jis lève ak yn gode dlo épi yn balèn nanmen nou fas solèy lève.
Mande espri sa itilize yn lòt fòm oubyen yn lòt vizaj pou vin pale ak nou.
Sa va ede nou konpran si se yn bon espri sa bon tou pou espri ki kon prezante sou vizaj elmi nou sa pa janm trò bon.
Pouvwa mò ak marasa pa janm Piti e tou konnen sa tou blokaj mò ak marasa pa gen rizib nan sa.
Janw santi ou bloke a Kék fwa sa kon koz sa tou
Nan somèy la ou wèw nan yn ansyen bitasyon wap chache bwa samble dife fè kafè oubyen griye kafè
E tou ou konn wèw ansanm ak pil timoun wap bay mange sak konn tris la ti Moun sa yo kon trè mizerab.
Konpran sa byen
Marasa yo konn resevwa nenpòt 3 fwa nan yn ane malgré sa yo konn chita bare nou pou mange.
Mw pa bezwen diw siw pa janm ba yo anyen ki sa ka vo kom lapèn pou nou.
Sin ki dwe moutre nou lwa nan bitasyon nou bezwen mange konn anpil .
Ebyen gen yn fason ou bloke deblokaj la kon difisil pou nou
Ebyen depi timoun yo wè ou limen dife a ou mete chodye a Cho gen espwa toujou.
Comentarios
Publicar un comentario