Sa nou dwe konnen

 Lwa pa janm mache kont pèson san se pa yn  moun ki voye li .

Anpil nan nou nan moman sa problèm nou miltipliye nan moman sa mistikman .

Ebyen si tout fwa nou ta trouvé problèm nou gen marasa e mò ki enkli ladan yo pa janm dòmi sou sa. 


          Map fè nou konnen sa. 


Songe byen marasa se lwa ki konekte ak mèt kalfou e avandra gran Chimen si tout ou gen blokaj marasa li pap janm defann nou paske li barew ebyen espedisyon ka rive sou nou fasil paske marasa rol li nan fanmi nou se gate tout sa yap fè kont nou. 


     Règle koze nou ak marasa yo trop moun pran nan kou mòtèl sibitman.

        Partage pòs yo pou nou ede lòt yo

         


Diòk lwa blokaj lwa bagay sa ka ran nou fou e solisyon yo fasil e menm difisil pafwa.

    

  Lèw gen mò ki bare nou 


Fok nou pridan sitou noumenm ki ap viv nan iniorans

Lè yo al bay nou oubyen pou detwi vi nou avan sa gen gwo jijman ki fèt pa devan mèt bawon ebyen nan moman yap jijew la yn bon mò nan fanmi nou ka assisté sa konsa li ka depeswade pou pa pase ebyen si mò sa kont lap siyen sa regrè pou ou. 


Antouka règle koze nou ak espri sa yo 

Mw di yn gwo kout ayibobo pou lwa marasa nou yo e kwa sembo kwa lakwa deyè kwa pou tout fanmi mò nou yo nan gran jou sa.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka