Bagay nou sipoze konnen,
Ou paka gen OGU pou dife pa atire w, wap tankou vòlè ki wè Chèn lò, si w pè dife, hum, al rebat kat la,
Depi Dantò vini, premye moun lap sèvi c gason, gason an te mèt nan vwazinaj la, li pral dèyè l, ou paka fanm pou gen Dantò epi w bouzen, ou renmen kras gason, Dantò pa janm nan mache ranmase gason, yon fanm ki gen Dantò tj djanm, tj goumen ak fòs li,
Ou paka gen Freda, pou pa gen biznis, kk wap fè, dayè ou mèt gen vizaj defen Piram oubyen Bonifas, depi w gen Freda lap atire moun sou ou, ou mèt nan mache, 50 machann ap vann menm pwodwi avè w, depi w gen Freda wap fin vann anvan yo tout, men tou c sèl lwa pou pa kite gen pwoblem avè w, wap manje tè, wap benyen nan labou, wap depanse anpil avanl resi padone w ( si lap padone w 🤯)
Ou paka gen Damballah pou pòv, konnen w gen gwo giyon nan fistiwann ou 😅, konnen w parese anpil, ou salop anpil, lè w gen Damballah ou tou gen Ayida, c ti pafen $800us wap mete, ti rad len, c machin $200.000 wap woule, e chak ane wap chanje l, depi frape tou, ou pap bezwen l ankò, c lò kap briye, kay milyon kap achte, ou konprann, yon boss ret yon boss 🤣, men fow gen ti poulaye w, ti farin ou, ti siwo li renmen yo, sinon wap woule atè pou gran mèsi..
Pou Ayiti devlope, fok kapital tounen Cap-Haïtien, paske c la pot mistik peyi a ye, fok nou vire non peyi a an kreyol, Ayiti, abitan yo ap Ayitiens, Ayitiennes, fok nou fè yon antèman nasyonal pou papa nasyon an, tout zansèt yo, endyen yo, ak tout lòt moun yo, fok nou fèmen tout vye pòt ansyen prezidan yo te ouvri pou yo te k rete sou pouvwa, dènye pot la, te ouvri an fevriye ki sot pase la, kelkeswa moun ki bon jan mistik, pat fouti pa lou nan epok sila, podyab Jovenel, timoun pa jwe nan bab granmoun 😬
Ou paka gen espri nan dlo ki mache avè w, pou pòv, pou pa janm vwayaje, pou pè moun, si sa pa fèt konnen dlo w la fè glas 😁, kòmanse sou Agwe ki nan lanmè rive sou Orisha Oshun ki nan rivyè, pa gen yon espri nan dlo ki pa bay richès, men atansyon gen ladan yo kap manje w aprè, donk moun ki anvi rich 2 jou yo, hum, na degaje nou..😎
M te di m pa konseye moun gen bifet, paske l konplike anpil, c gwo gwo gwo sakrifis, men sila ki byen monte yo, ayayay, ou k kouche lakay ou, epi yon zanmi te wè w ap jwe kazino wayal, ou pete bouda yo nan bingo, ou fè gwo mas lajan, epi w tounen lakay ou, poutan c pa ou non, c yon espri ki pran fòm vizaj ou, pou lal chache lajan mete la pou ou, e si bann sanpwel ta vin fè kk nan lakou lakay ou, wap sezi pot chanm kote bifet la ye a ouvri, epi w wè espri yo kap mache tou vivan pou jan kase met nan men ti malfektè sal yo😋, chen pa jape lakay moun..
C pa paske po w klè pou panse c Freda ou genyen, c zen, valè moun nwa ki gen Freda, sof ke, yo pa janm salop, yo toujou santi bon, yo pa renmen pèp,
Gen de kay ougan ou ale, lè wap tounen, ou tou giyonnen, yon moun pa dwe mache kay ougan twòp, dayè gen ougan ki k wè men ki paka travay, men tout ougan k touye moun, sa telman fasil, hum anfen 🙄
Kisa m te k di ankò 🤔
Oh wi map eskize ak tout moun, ke m pat k ede yo, nan je nou ak jan map pale k fè nou panse m son paket afè, men map di nou, son timoun mw ye, m poko menm konn rale, alevwa pou m ta leve mache, padon ak tout sa ke m poko reponn yo, depi mesaj lan la, map wè l kanmenm, pasyans ak moun m kòmanse travay la, ginen c tankou Bondye, nou pa janm prese, men li difisil pou nou pa pote bon nouvèl, c sak fè m onet, depi m pa kapab, m tou di nou m pa kapab, m pa jwe ak figi moun, pou moun pa jwe ak pa m nan, m renmen tèt mw anpil..
Gen de maji yon moun fè dèyè w, fok li fè w fache, pale anpil, joure, pou maji a frape w, lè konsa egare ke w ye, ou louvri tout gagann ou, ou taye banda, kanpe tet pou tet avél, di gwo betiz, ou panse w towo, poutan..! donk si w renmen pale anpil pou nenpot ki bagay, eseye jere sa nan ou..
Lè w son fanm ki bon ginen, nèg pa k kouche w pou gran mèsi, si sa fèt, gen yon bagay ki pa mache..
Nan vodou , fanm jwe yon wòl très important et nan zafe kiltirèl , mistik ak spiritualité menm se pa pale , yon bon seremoni pap gen nanm s’il pagen fanm , nan yon seremoni vwa adjenikon an pap gen sens si pagen fanm , lakou a pap bel si pagen fanm foK eneji fanm nan ak eneji gason an synchronisé pou bay yon bon rezilta nan yon seremoni mistik sa fe pati prensip natirel oswa lwa natirel yo , se sak fe Li rare anpil pou w jwenn yon hougan pa konn enpotans fanm genyen nan lavi , san fanm lavi a pap gen sens , san fanm pagen lavi tou !
Se pa san rezon vèvè ezili yo senbol yo se yon kè, ezili lwa d’an petro fanm chance ke yo relel , fanm vanyan ke yo relel , fanm lagè , fanm pasyans , fanm lanmou ke yo relel , fanm badètèsi ke yo relel ,fanm badètèsi menfò ke yo relel , fanm kwalawonfò , fanm kwalawondé , fanm Dawonmen ke yo relel , fanm fètilite , fanm biznis ke yo relel , fanm ki pa janm abandonne pitit li ke yo relel , matris spirityèl ke yo relel , manman lavi ke yo relel !
Ezili dantò sou tout dimansyon li , tout entegralite l , respè , lanmou, limyè, jistis ak pouvwa ki antourel , lwa sa pwisan anpil, moun ki fe expérience avel Konnen kisal reprezante pou yo !
Fanm se lavi ❤️💕💕💕❤️
Fanm se lwa lakay mwen !
L’église egzijew priye chak jou !
Vodou jis mande amonizasyon epi se fini !
nan vodou , prensip vodou a pa mande pouw nan priye chak jou !
Prensip vodou a diw amonize w ak lwa w ! Amonize w ak bitasyon w
Prensip vodou a diw travay se libète , pouw gen saw bezwen
Prensip vodou a diw defann tet ou pou lot pa few mal sekirite eleman kle nan tout sosyete , pagen peyi san defans !
Prensip vodou a diw , Respekte tet ou pou lot moun ka respekte w !
Prensip vodou a diw renmen moun ki renmen w pa achete figi okenn moun !
Prensip vodou a diw toujou saj ak moun ki saj avek ou , vyolan ak moun ki fe vyolans sou ou !
Prensip vodou a diw bay pou w ka resevwa !
Prensip vodou a diw pa pran saw pa travay pou li sinon lavi w ka pase mal
Pa fe moun saw pap dako yo few
We tout moun se moun , bay valè ak tout moun ki mérité valè, bay respè ak moun ki mérité respè !
Prensip vodou a di w respekte moun ki wè jou avan w !
Prensip vodou a diw mache sou 13 pou w pa pile 14 sa vle di fè wòl ou pou w pa di sim te konnen !
Prensip vodou aprann ou kwe nan tèt ou , li aprann ou kwè nan espirityalité w , li féw konnen tèt ou , li few konnen kiyes ou ye , ki kote w soti , ki kotew ye kounya et ki kotew dwe ale !
Prensip vodou a diw , fe konbit pou nou avanse ansanm !
Prensip vodou a diw respekte lanati, chak grenn pye bwa reprezante yon vi sou tè sa a
Prensip vodou a diw 4 fòs kosmik yo elemant fondamantal yo se sous lavi nou , yo se kle espirityel nou , nou dwe pwoteje sous dlo nou yo , forè nou yo !
Prensip vodou a diw , jistis pou tout moun ki sibi zak enjistis,si kafou pa bay simityè paka pran, tò ou rezon Siw antò wap pase Siw pa antò ou pap pase !
Prensip vodou a diw devan pot pap janm deye kay !
Prensip vodou a diw trayi la ,mouri la , nou mitan nou pa dwe gen trèt !
Pagen okenn peyi ki devlope ak lapriyè , pagen okenn peyi ki arive jwenn respè nan mond Sa ak lapriyè ! Se travay pou nou travay pou jwenn respè sa nap chache !
SA NOU DWE KONNEN.
Pep ewé nan togo ak benen nan afrik lwès , pou yo Mawu se nom divinite kreyatè vodou .
Mawu ki vle di nan lang Ewe "sa ki pa ka depase".
Krisyanis itilize menm konsep langaj Ewe itilize menm mo a nan yon lot sens pou yo deziyen Bondye kretyen an.
Ki reprezante pa eneji soley la ak lalin nan ! Dye soley ak deyès lalin nan ! Mawu ak Lisa reprezante dualité cosmique l’an !
Istwa Yoruba yo nan Iemanja ( aloumandja nan lang kreyol) ak Aganju ( agawou ) paran Orishas yo.
Eskew wap viv nan de Mond ?
Wi .
Ou gen corps physique ou ki se chair la 🕺
Ou gen corps spirituel ou ki se nanm
Esak fè depiw dòmi espri pati ki te corps a lal promenen lal visite
Esa
Esak ki fè ou fè rêve la se corps spirituel la ki ale kotew wèw nan rêve la
Eske corps spirituel la knn wè mauvaise esprit wi li konn wè esak fh ou vye rèv ou gendwa reve moun ap bat gwo bèt ak kouri deyèw vye menas
Depuis yo bat corps spirituel la nan dòmi se ou yo bat tou li ka Gon effet négatif sou ou
Dès fois ou konn rive yon kote nan yeux klè ou wè ou sonje nan tèt paw ou vin la déjà ui gendwa se pa avec corps physique ou te vini ou te vini avec corps spirituel ou ,
Sak fè ou k rêve move bagay
Se move zè ki konn wè nanm ou lèl ap mache yo konn anvi capture yo pa kapab yp nuiw lèsa
Men à cause de protection yo pa kapab
Tju liminen lèw pral dodo pale ak Kreyatè divinité io🥳🙏🙏🙏💯💯💯🥰🥰🥰🥰
Gen moun ki rele mond corps spirituel la mond sidéral mond parallèle ect
Nou sòti nan Ginen tou limen ak tout kalbas wanga nous anba ponyèt nou, ki se yon pyès enpòtan nan lavi n nou pa t ka kite dèyè, kalbas sòti nan Afrik Sibsaryèn (Subsaharienne), nou vin jwenn li nan amerik Santral ak amerik di Sid tou, li sòti nan yon gran fanmi kikibitase (cucurbitacées) yo rele li kouj pèlerin, oubyen goud tou, sa vle di kalbas se lajan sere, pou kontinye nou sèvi ak kalbas prèske nan tout sa n ap regle, gen kalbas kouran, kalbas dlo yo rele l tou melojèn.
1) Li senbolize konesans, nou itilize l nan spirityalite kòm objè sakre sou regleman Papa Loko, pou n fè ason, nou fè l tounen pòt dlo💧oubyen tchacha anndan badji, pou wounble/noble ki se rele lwa.
2) Nou fè tchacha tou pou n pran lari nan plezi rara ak kanaval.
3) Nan jaden kou sou galata pou peyizan an konsève semans, li fè l tounen Gogosi, epi lè l nan jaden li bwè dlo kou tafya ladan tou.
4) Nan regleman nèg a djakout yo, pou chaje djakout Brav Gede nou koupe tèt la mete manje ladan.
5) Pou n fè li moute tab nou fann li de bò fè li tounen bòl pou kale kòl nou rele l kwi, pou nou sèvi lasosyete manje.
6) Nou konsome kalbas pou divès byenfè tankou kalbas dlo a yo fè legim avèl, yo fè rafrechi avèk andan kalbas tou pou pwopriyete li pa ekzanp pou 100g kalbas : Nitriman li gen an mwayenn Kalori 14 kcal, Dlo 92 g, Pwoteyin 0,6 g, Glisid 3,4 g, Lipid 0 g, Fib alimantè 0,5 g, Kalsyòm 26 mg, Potasyòm 150 mg, Vitamin C 10,1 mg. Kalbas gen yon valè kiltirèl ki makònen li ak eritye ginen an ki rive jouk nan pare frechè spirityèl kòm repozwa Danti yo. ✍🏿
Lè peyi cho w paka sòti, e w pa renmen rete san w pa fè anyen, konsa lide w di w ranmase tout strès yo lage nan yon kalbas, epi boom men rezilta 😜 yon trè bèl Gogosi fèt ak men Frady
6 REZON POU YON FANM FÈ SÈKS PANDAN GWOSÈS LI.🛑
👉Pataje ! Pataje ! Pataje pou enfòme yon lòt fanm
1- pouw rann anfòm espas ki gen ant tou dèyè fi a ak vajenl , sa yo rele perine an.
Moman fi a ap atenn ògasm li, espas ki separe tou dèyèl ak vajenl an ap fè on seri ti mouvman (soti e antre). Kidonk yon pati konsa ki byen bonbe ap ede fi a anpil lè lap akouche, sa ap anpechel pran sizo
2- Pou gen konfyans nan kòw, nan tèt ou
Pandan 9 mwa sa yo, kò fi a ap chanje. Fè lanmou pandanl gwo vant lan kapab edel kontinye renmen kòl e rejwenn konfyans nan li.
3- Pouw relaksew, e dòmi pi byen
Lè wap fè lanmou ak moun ou, wap santiw byen. Se nòmal. Kow gon bagay li sekrete lè wap fè lanmou ki rele ositosin, sa a pèmèt tansyonw ak stress ou bese. E knsa somèy la ap pigou.
4- Pouw jere kataktè konfyans nan relasyonw
Mesye sa ki gen poul vin papa a demen an gen poul manke jwenn plas li nan mitan koup la pandan gwosès fi a. Fanm nan se sel moun kap pote timoun lan e se sel li menm kap santi chanjman yo nan li.
Men kèk bon moman pase ap fè bgy va pèmèt fi a kenbe fwayel solid e kenbe sak konekte yo .
5- Pouw viv plis plezi tjou
Pandan 3 premye mwa gwosès yon fi, on pakèt fanm pèdi anvi an a koz fatig
Men jeneralman, apre 4e mwa a tou, an jeneral klitoris li ak tetel yo vin pi sansib ke jamè dpiw fon ti touche yo. sa fè yo vini pi fasil
6-Pou bebe a ka alèz
Anndan vant ou, gras ak sak rele Placenta a, ti bb a resanti tout sa kap travèse(emosyon) moun kap potel la.
Tankou, si fi a ap voye, òmonn fi a ap deklantche yon bann kontraksyon kap sot anndan manman an kap dolote ti bb sa a.
Men kèk pòz ki bon pou fanm ki ansent lh fanm nan gwòs
A) Levrette =Sa nou rele back chat la.
😎 Cuillère= Se lè fi a kouche swa sou pati gòch li oswa sou pati dwat li, epi nèg la kouche nan dol, ak yon pye fi a leve toudepan de jan ki pibon pou yo a.
C) Andromaque= Se lè fi a pran pozisyon dominatris li, c moman li monte sou gason an poul ap pran afèl.
D) Sirène= se lè fi a kouche un peu en hauteur epi nèg la kanpe nan mezi poul fè tay bouboun fi a.
Toujou tande pawòl k ap sot nan bouch granmoun yo.
Gen sekrè pou konnen yo se nan bouch ansyen yo pou konnen l, yo pap mete w chita pou yo esplike w li konsa si w pa chèche mo nan bouch yo e menm la yo toujou pè pou se pyeje w ap chèche pyeje yo, gen kèk pawòl pou konnen nan bouch ansyen yo se pou chèche konnen kisa yo renmen, kisa yo vle, si se sigarèt yo renmen achte yon poch pote pou yo y ap ba w anpil bèl konsèy e gen kèk sekrè mistik y ap ba w tou, si yo bwè ti kleren pote ti kleren pou yo, majorite ansyen sa yo fimen tabak ebyen lè w pral wè yo pote ti tabak pou yo, lè w prale fèmen yon 500 goud nan men yo sa pap fè w pòv pou sa, genyon sekrè yon moun ba w ou mèt te rich ou pa t ap jwenn sekrè sa lòt kote, ou dwe toujou anvi koute yo, yo souvan renmen pale an parabòl, lè konsa poze yo kesyon, sitou sou regleman bitasyon an, se yo ki konnen l se nan men yo li ye, poze yo kesyon sou ki kote repozwa lwa yo ye, mande yo ki kote yo anchennen gwo espri yo pou yo pa bay pwoblèm, kèlkeswa sa w pral fè nan bitasyon an chèche jwenn avèk yo avan, granmoun sa yo si w pa envite yo nan bagay yo yo pap mete pye, e yo vrèman gen wi ak non, si w kite moun sa yo di yo fini avè w rich ou pa pou yo, pa bat pou kreye konfli ak yo, yo pa bezwen limen balèn pou malè rive w pawòl k ap sot nan bouch yo se gen anpil efè.
Lwa ou espri Marinèt
Se te yn fanm ki te gen yn fòs ki telman pwisan ki te ankonpanye li ebyen fòs sa te konn détounen boulèt kanno kap sòti nan kan advèsè a pou vin detwi nou ebyen nan pouvwa marinèt tan nou ta viktim se yo ki viktim .
Nou menm ki pa fè pèson anyen épi se konsa nou trouve nou nan yn sitiyasyon kote chak moman nou wè yap espedye fòs kontre nou.
Ebyen ou menm si yo pa fèw anyen sispan ak bagay sa, Lenglensou, bosou, agawou tout dimansyon Marinèt pye sèch, ak yn ti bout limyè yon bale anprezans 3 chyen yn gwo fougo dife sèlman
Saw voye kont lòt la ki san li pa menm nwiw lan lè yo tounnenl sou dimansyon sa gwan fòs sa yo pap padone nou .
O kontrè malgré yo pral detwi nou yo menm ankò pral kriye avan tout moun.
Antite sa yo nan koze espedisyon yo provoke mò sibit
Mw renmen manmanm marinèt e leglesou agawou bosou bagay sa mèt kalfou agasou atyasou konnen sa.
Konsèy Pam pou nou tout
Évite travay kont pèson nan lavi nou san rezon ki rezonab.
Lèw voye atake yn lòt sanl pa mérite sa ebyen si yo tounen atak sa kont ou nan non fòs sa yo Map palew la ebyen bawon ap ouvri pòt pou nou san jijman.
Agwe se li yo rekonet comme met lamè
Mèt sous ak rivyè se simbi
Men sa pa vle di danmbala pa important ni nan lanmè ni nan rivyè nou yo
Fok nou pa bliye se youn man gwo lwa ki gen nan vodou an
Yo toujou di se Mèt granbwa ki met fey nan vodou nou an men se verite
Depiw gen yon pwoblem
Ou adresew ak met granbwa wap jwenn tretman fey lan
Anpil Vodouyizan chita fè demand san rete nan dèyè Lwa
Yo , sanble yo pa konnen lè yo pa nan anvlòp la ke yo nan menm dimansyon ak Lwa .
Lwa viv atravè ou menm, li konn bezwen w yo deja
Chache amonize w ak bitasyon w epi tout rès yo ap viniTout vodouyizan tande pale de Minokan, nou tout wèl sou fòm yon vèvè, men an verite se pa yon vèvè menm jan ak tout lòt vèvè endividyel yo, ki represante chak fanmi yon Loa. Minonka se sant wayòm Bagi (Bagidi) fòmé pa yon sekl sprityel enèjetik miltidimansyonèl ansestral ke tout vèvè yo fòmé fè yon sèl , se la tout konesans ak desizyon chita, kote Loa yo( divintes) pran desizyon anvè nou menm senp mòtel, kiyès ki pou Ugan, Manbo, Rèn chantrel, Maman Uyò, Laplas, Pòdrapo, Unsi. Depi yo pa rele'w a Minokan kòm yon élu, yon rejlame, yon sèvité ou pa kab okipe oken plas enpòtan nan vodou, paske moun pa bay moun konesans vodou, se yon don divin miltidimansyonèl li ye.
Comentarios
Publicar un comentario