Sa nou dwe konnen

 Gon sere gwo vye espwi moun ap sèvi ki pran posesyon moun yo e koz kè yo vinn nwa, ki koz rayisans, ki fè moun ki fèb mistikman e spirityèlman anvye de pwogrè lot e yo pa lwa: se pa tout sa moun yo ap sèvi ki lwa, se konsa se pa tout sak dance sou moun ki lwa…. Dayè sak vreman lwa son espwi limyè…. 


Vye nanm ki devni baka pa lwa kwak gen moun ki batize yo sou non lwa…gen de vye gad ki sou yon moun, menm lavi moun sa li teworize e yo pa lwa e pap janm lwa…. Depi se espwi ki kinbew annotaj, nan malpwoprete, nan lamizè pa pou evolisyon w ak pwogrè se kwape yo… 


Lè m reve sak lwa son espwi ki sispandi ak gwo reyon limyè alentou li e ki kominike avèm nan fon interyè m; Lè m reve gad lafanmi se sou vizaj fanmi ki renmen m li vini… 


Siw gen mò lafanmi kap anmègde w se paske l pa travèse nan limyè… chante libera pou li, ba li limyè pou l travèse e devni zanj gadyen pou fanmi an…sispann kinbe espwi eran pouw fè travay egoyis pou w mouri ego w ki pa evolye…. 


Tè D’Ayiti bezwen yon netwayaj mistik e spirityèl poun delibere de tout vye nanm kap posede moun pouw detwi lavi lot… e nou menm tou nou dwe travay sou tèt nou pou vye espwi sa yo pa itilize kò nou veso pou manifeste sou plan vizib la e pou detwi lot…

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka