Sa nou dwe konnen
Nou ka pote lay sou nou depi li posib Timoun yo mete Kod wouj nan ponyet yo , nou menm granmoun nou ka metel osi lap bon pou nou e sa yo ap pwoteje nou kont movèz ond, pa bliye ond négatif la patou movèz espri yo patou.
Fè yon jès pale ak bitasyon nou avan nou soti Selsam ka Di nou , sa touchem anpil Lem ap tande frèm sem kap rive meksik nikaragwa oubyen gwatemala kap fou kap gen pil lot pwoblem mwen konnen fanatik mw yo pap kite bagay sa rive yo koz m banou anpil resèt pwoteksyon. Kélkeswa Sak tap swiv nou dwe rete depi nan deplasman nou lakay nou an
Mwen renmen nou anpil pataje video a Pou yon bon pwochen jwenn li.
✅Sa tout moun dwe konnen : sou zafè paka dòmi
👉Pataje ! Pataje ! Pataje pou enfòme yon lòt moun
Anpil zanmi toujou ap di m ke yo pa ka dòmi. Men yon ti teknik m ap pwopoze w pou w pwovoke yon bon somèy :
1) Pa bwè kafe, pa bwè koka, ankenn bwason ki gen kafeyin.
2) Pa al dòmi twò bonè. Twa zè avan w al dòmi pa manje anyen ki pral rete sou lestomak ou, ki pral brile lestomak ou, ki pral mete w mal-alèz.
3) Avan w al kouche pou w dòmi, pran yon bon beny ak fèy zoranj ke ou bouyi, koule tout tèt ou. Byen respire sant fèy zoranj la. Pran yon bon tan ap benyen ak bonkou dlo.
4) Mete yon vètman lejè sou ou, mete yon koulè ke ou renmen.
5) Prepare yon gwo tas te fèy kowosòl. W ap bouyi dlo a answit w ap lave fèy la epi ou metel nan dlo bouyi a (3 fèy pou yon gwo tas). W ap mete fèy la bouyi jiskaske dlo a bay yon koulè jòn sitwon. W ap sikre li (pa twòp), epi w ap bwèl, tyèd ( pa tann li twò frèt).
6) Ou pral kouche nan yon espas ki pwòp, kote moun p ap deranje w. Limen yon bouji blanch. Bese gwo limyè yo. Rete kouche, plonje nan panse w. Imajine tout bèl bagay ou fè deja ou byen tout bèl bagay ou ta renmen fè. Ou byen fè yon lekti. Ou byen mete yon bon ti fim, pa mete l twò fò.
7) Lè w santi dòmi pral pran w, kouri etenn balèn nan. Kanpe fim nan si ou te mete fim. Epi di tèt ou bon sòmèy !
Si yon nonm kanpe bò yon chandèl limen pandan ven lane, l ap klere sou li pandan ven lane. Men, apati moman li mache lwen bouji sa a, limyè a pa klere sou li ankò. Menm prensip sa a aplike nan koneksyon nou ak limyè a. Nou resevwa nan men Kreyatè a toutotan nou konsistan nan dezi konsyan nou yo ak efò nou yo pou yo mache ak Limyè a, l ap toujou klere sou nou."
Panse ak tèt ou tankou yon vil. Ou gen kat pòtay majik: Pòtay Wè a, Pòtay Tande a, Pòtay Imajinasyon an ak Pòtay Pale a.
Pòtay majik, paske Bondye Enfini an pa ka antre okenn kote ni okenn konsèp, men Li chwazi abiye nètman nan yon sajès ki rele Tora epi antre nan vil ou a atravè pòtay sa yo. Se poutèt sa tout mond lan konpetisyon pou atake pòtay sa yo.
Yo vle w wè lèd yo wè a, tande kakofoni yo tande a, imajine istwa san sans yo imajine a epi pale san fen an. Lè sa a, w ap anvi tout sa yo vle epi yo p ap kite okenn plas nan vil ou a pou Mèt tout Bagay la.
Tout sa ou bezwen se metriz nan pòtay sa yo epi vil la ap rele w pa w.
Entwisyon an se kapasite nou genyen pou nou konprann yon bagay san nou pa bezwen reflechi , ni lojik , ni rezonman pou sa , sa nou tande , oswa santi an jis pral rive . Li se yon fòm de konesans ki direk epi ki imedyat, ki pa bezwen analiz oswa rezonman. Entwisyon an souvan asosye ak “ lespri ” oswa “konsyans ” le yon bagay pral rive , nou ka santi l alavans san nou pa ka eksplike kijan nou fe konnen li.
li se eneji ou santi kap vibre otou de ou an , li se ti vwa ou souvan tande kap di w non , oui , agoch , adwat , nan mitan , pa fe tel wout , fe tel wout pito .
li se lide w . se yon kapasite ke nou tout ki vivan posede , pafwa lwa yo konn itilize kapasite sa nan nou , pou yo kominike avek nou, swa pou pwoteje nou , swa pou anseye nou , gide nou .
ou vle metrize entwisyon w pi byen ?
le lwa vin few wel nan domi , le lwa monte w nan domi , lew reve w gen lwa nan domi , le zye w vin kle fok ou fe apel ak lwa sa , si sal te vle montre w la ou pat konprann oswa ou pat wel byen ou dwe fe apel ak lwa sa , poul vin pale avek ou nan bon sens ak bon konprann !
le wap liminen , mande lwa yo plis klewodyans pou w ka tande pi byen sa lezot yo paka tande , mande plis klevwayans pou w ka we sa lezot yo paka we !
SA NOU DWE KONNEN
konpreyansyon ak definisyon espirityel koulè mouchwa wòz !
depi nou pale de koulè mouchwa woz anpil moun genyen tandans a wè yon sel lwa << EZILI FREDA >>
ezili freda pa sel lwa ki pote koulè mouchwa woz , genyen yon miltitid lwa ki pote koulè sa tou ke nou pa pa tande anpil moun pale de yo , paske lwa sa yo pa desann sou moun , ni yo pa vini sou latè fasil , genyen lwa se chak syèk ( 100 ans ) yo fe aparasyon isiba , ou dwe konnen koulè a jwe yon wol fondamantal preske menm jan ak vèvè a men sel diferans ,vèvè a genyen yon miltip fonksyon ak definisyon yon vèvè se yon pòtay kosmik ki alafwa yon klé ki pemèt yon espri osinon yon moun travès koulwa enfini kosmos la , li se yon langaj , yon senbol sakre , vèvè a se reprezantasyon fizik yon lwa poum site sa yo selman , poutan mouchwa limenm li diw men ki atribisyon lwa genyen , men ki wol li jwe antanke espri .
entepretasyon espirityel koulè woz
amoni , ekilib , pè-enteryè , sérénité ,
Guérison spirituelle , amour-propre et l'estime de soi.
byenveyans , sansibilite ,affection. Beauté , Douceur, délicatesse ,tendresse,
Féminité et la grâce.
l'Innocence , pureté , Charme
Romantisme , la passion et la séduction.
calme , compassion, la compréhension divine,
L'Équilibre,et la tranquillité intérieure.
la guérison émotionnelle et physique.
la joie, le bonheur et l'optimisme.
l'amitié et à la camaraderie.
Spiritualité et l'éveil spirituel, la conscience supérieure et la connexion divine , la rénaissance !
pafwa gen kek siy ki konn montre w , ke gen moun kap pèsekite w kap fè malfektè nan dada w. tankou ou reve moun ap kouri dèyè w , ou reve chen mòde w , ou reve moun bat w , ou reve ou pèdi grenn soulye w , ou reve w tonbe nan ma labou , ou reve w lekol ke w kreten anpil , ou reve wap monte mòn ou pa janm Kapab rive ,ou reve ou pèdi Dan nan bouch w , ou reve cheve w ap tonbe , ou reve moun ap koupe cheve w ou reve ou pile twalèt , ou reve dlo bote w , ou reve ou bare ou pa wè wout pou al lakay w , ou reve , wap mache san w pa konn kote w pwale, ou reve wap danse , ou reve ze poul . konnen malfektè lage nan kò pou detwi w .
gen malfektè ki telman metdam li fè kou a nan dada w epi li lonmen non yon lwa , jis pou lè w malad wale kay ougan oubyen yon Gangan, pou yo ka wè ke se lwa ki genbe w .
gen malfektè ankò kap koupe wanga nan mouda yon moun , ou konn kisa li fè , li itilize non yon lot moun nan bagay sal ke lap regle kont moun sa , kou moun al chache konnen ki sa ki koz moun sa malad grav konsa , li jwen se untel kap fè moun sa , poutan sexpa vre se ekran li fè nom moun sa fè pou li ke pou yo pa dekouvri li .
pafwa malfektè sal tou , fè wanga sa deyè moun nan li abiye tou de nwa , e li bouche vizaj ak yon kouvèti nwa e li fout chapo nwa l nan tèt li ankò pou yo pa wè si se limenm toujou .
ou konn sa malfektè sa l sa yo ka fè ankò avan li atake moun sa , li boule yon wanga li mete tout fanmi dozado , e tèt anba e li pete je tout moun sa yo ak yon aransel pou fanmi an ka gen degoutans de moun sa , pou lè wanga li fè dèyè moun sa ta mache piu pa jwen ankenn moun ede l .
malfektè yo utilize moun ki gen lwa nan tèt , ofri lwa mouchwa , pafen, kabrit, e nenpot lot bagay pou ka di e fè manti sou menm moun sa ankò . sitou si moun sa se fanmi w li ye , oubyen yon moun ki gen aksè ak demambre w eben si pa konekte nan limyè a , nan sans vètikal men wou men lanmò w e men kote yo dejwe w ou menm ak tout pitit w .
se pou sa nou pa dwe gen menm sant ak tout moun . pwason fè dlo konfyans se dlo ki toujou kwit li .
moun ki renmen zen , ki jalou , ki mechan , ki egoyis an soudinn toujou pran nan tip de wanga sa yo pi fasil , lè moun nan pran foto l ou non l pou li divize de moun ki te byen . paske enèji sonb lan toujou pran fòm kay moun ki sanble ak li pi vit toujou .
se pou nou pataje l , pou plis moun ka konnen kilè ke malfektè lage nan kò yo. epi pou yo ka gentan ka pare kou a avan li tro ta . se Mèt kò ki siveye kò . gen moun depi se pa yo sa rive , zafè ou se pa vre . grn moun depi se pa pitit pa yo malfektè te atake se manti wap fè . eben souple pa rete gade sou moun , se wou ki dwe renmen tèt w an premye .
Comentarios
Publicar un comentario