Sa nou dwe konnen
SA NOU DWE KONNEN !
Yon boucle karmik se yon evènman ki repete tèt li, ankò plizyè fwa sou plizyè fom diferan .
Yon boucle , se yon seri de evènman ki repete plizyè fwa san pwogresyon oswa san chanjman. Sepandan, nan kontèks lavi ak lanmò, tèm sa a pa souvan itilize.
Lavi jeneralman konsidere kòm yon cycle (sik ) olye ke yon boucle , paske chak sik lavi pote nouvo eksperyans ak chanjman.
nan yon sik wap jwenn , lavi , nesans , kwasans , repwodiksyon , vyeyisman epi lanmò.
yon cycle se lè yon bagay ale de fason kontinyèl epi ki pa janm chanje ! pa egzanp : lavi ak lanmò . chak jou moun fèt , chak jou moun mouri .
nou domi , nou reveye chak jou .
nan cycle la wap jwenn soley , lalin , dlo , van , tè a , plant yo , 4 sezon yo , 4 pwen kadinal yo , moun yo .
Poutan , yon boucle se le menm bagay la repete men , ki pa pote okenn chanjman sou okenn fòm !
men yon siy ki ka few we , si se nan yon boucle (bouk ) karmik ou ye , pa egzanp :
gen moun ki konn gen sansansyon nan enstan prezan yap viv la , yo santi , yo te viv yon moman konsa nan tan pase deja yap reviv li ankò , yo konn di moman sa se komsi m te viv li deja , oubyen yo te wel deja
( deja vu) .
sa yo se yon ansanm de prensip , ou dwe metrize byen siw vle fò nan maji , paske gen maji le wap fe yo fok ou kontwol siy kosmik yo .
kote pa yon lot moun fini , se la pa w la komanse tou .
Lwa kenbe m , lwa marém , lwa anpeche m avanse !
Kote nou jwenn ak pawol Sa yo ?
le lwa yo diw fe yon bagay se pa pou yo non wap fel , se pou têt ou yo diw fel ! Se nomal si w pa fel gen rezilta ou pap jwenn ! Gen pòt ki pap louvri , gen deblokaj ki pap fet !
Lwa yo paka kenbe w , lwa yo paka marew ni anpêchéw avanse , nivo l’espri w se dimansyon lwa w , nivo konesans ou se nivo pwogrèw !
Ou gen kob ase pouw ta peye lwa ?
Ti monnen wap bay la se pou kenbe lakou a men se pa lwa ou peye !
Mwen rete kwe menm nanm ou pa ase pou w ta peye yon lwa 😪
Kiyes ou ye pouw posede yon lwa ?
Mwen konn tande kek moun ap di lwa Sa se lwam li ye entel paka genyen l , lwa Sa ou paka genyen l nan bitasyon w , mwen konn tande fanmi ap touye fanmi paske yo pa vle entel vin pran tout lwa nan bitasyon an , mwen konn tande gen moun kap di yo ka volè lwa nan tet li ! Ebyen map few konnen
Pagen pyes moun isiba ki gen lwa 😂 pyes moun paka posede lwa , lwa yo Granmoun yo chwazi moun yo vle , yo monte nan tet moun yo vle !
Lwa yo se eneji et ou ka vibré l nan tout dimansyon depiw gen kapasite pou sa , sispann rayi moun pou saw pap janm ye , sispann touye fanmi w nan bitasyon an pou lwa ! Fow gen dimansyon spirituel pouw konekte ak lwa yo !
Lwa yo se lòd natirel , wap jwenn yo nan tout Sa ki vibré kosmos la ! Yo nan nou , et lè yo chwazi nou pou mache avek nou , nou se yo , yo se nou !
Yn bagay ke tout moun dwe konnen
Map pale pou tout angage chwazi yo trop moun ap Soufri pa pròp rasin nou.
Frèm ak sèm yo nou li ak anpil atansyon pou nou byen konprann .
Ase souvan nou kon retrouve nou nan yn sitiyasyon ki vrèman tris pou nou.
Koze chwazi oubyen reklame pa bitasyon nou
Anpil rayisman sou koze sa.
Kelkeswa jan sa ye yn bitasyon reprezante fòs nou granmoun nou sa ki chwazi nou yo se paske nou mérite sa.
Men konn gen koze jalouzi toujou nan prop fanmi nou.
Kote bagay la kon pi grav se lè nou gen yn seri de fanmi ki ka tande mèt lakou sa chwazi nou.
ebyen li dekourage nou pa antre nan bagay sa ebyen moun sa ki dekouraje nou an mété sa nan tèt nou
li se pi gwo elmi nou.
Sa ki enpòtan pou nou konnen pi byen
Lè yo reklame nou konsa nan lakou sa ebyen sak pi enpòtan pou nou fè chache fè yn kontra ak bitasyon sa pou proteksyon nou.
Kontra sa dépan de lakou a se banm Map baw ou
Sa Map bay la kapab yn boutèy ronm 5 etwal
Tande ankò
Premye bagay nou dwe fè se chache fè yn kontra ak mèt bitasyon sa pou proteksyon
mw byen di nou wi souple
E answit
Nap fè yn lòt kontra ak bitasyon sa pou ede nou ekonomikman
Byen sa depi bitasyon sa ap protege nou épi li ap ba nou kob ebyen tout malfektè fanmi sa ap bezwenw e tou souple tout moun nan fanmi sa ap bezwenw nou .
Kontra sa lap toujou bay nan nivo kondisyon lakou a
Sa ka rive li ka yn kafe kolason
Ey nan bitasyon sa ap gen espri sa yo gade yo byen pou protège tèt nou.
Men yo .
mété yo pré nou pou nou protège tèt nou.
Moun ki travèse nan fanmi an ki se espri zansèt yo kom mò
Lwa marasa yo .
Lwa kalfou bitasyon an
Bosou leglesou ogou agawou avandra gran chimen èzili dantò maping zye rouj boran.
Nan koze proteksyon chak gen yn ròl AK devwa pou defann nou
Toujou garanti proteksyon nou dekonsè mèt e mètrès bitasyon .
Lèw fin règle koze sa tout fanmi e lòt yo pral tretew de Diab malfektè.
Men pa nan kont pèson pou mo sa.
Fasonw ye se konsa Espri ou ye .
Depi nan ansyen tan zansèt nou yo te konn viv ak Espri yo selon prensip lakou oubyen prensip tribi yo , men pami tout prensip ki egziste ou menm ou gen pwòp prensip ou tou ki pral pran nèsans , siw chwazi brigan tout Espri kap mache ak ou yo ap vin menm jan an tou e siw chwazi sajès ak lanmou ebyen tout ap konsa tou !
Espri yo pran fòm ou ak fason ou ye pou yo fè pase mesaj yo vle , sa vle di siw malèdve Espri an monte lap fè pase mesaj li an fasonl jwenn ou , siw saj tou se menm jan an .
Se pou sa ou dwe aprann metrize ou de tout sa ki pa nòmal nan vi Kotindyèn ou ,premye prensip yo se ou ki dwe bay tèt ou yo , se ou ki dwe fè lanmou donnen andanw , se ou ki dwe kanalize tèt ou konsa pou Espri yo edew nan direksyon ou pran an .
Siw leve jwenn yon ansanm prensip nan Bitasyon oubyen lakou kote ou fèt, ou dwe respekte tout , ou ka toujou modifye kèk bagay e kreye nouvo tou , m'en ou dwe toujou proteje baz prensip ou te vin jwenn nan .
Chak Sosyete ki egziste andan Vodou an gen pwòp prensip ak Regleman pa yo kit li te Bizango, Makaya , Chanpwèl , Vlengendeng elatriye...
Depi w pa respekte prensip leve jwenn yo lap yon malè pandye pou ou , pandan wap respekte prensip ou te vin jwenn ou ka kreye pwòp paw tou.
Ou ka chwazi kreye pwòp bitasyon w ak lakou oubyen demanbre w ak pwòp prensip ou e se li tout Espri yo ap vin konnen tou .
Si ou gen Lwa Nèsans oubyen Lwa ki reklame w ou ka ba yo pwòp prensip ak regleman pa ou e yap respekte sa tou , tout Moun ki pral vin sèvi yo lèw travèse ap gen pou respekte prensip ou te bay la tou .
Fasonw ye se fason sa Lwa ou ye tou , sèlman Lwa ki sou dimansyon Gad yo pafwa ki pa aksepte prensip moun siw pa jouke yo , m'en pafwa yo konsa se pa san rezon paske sa nan nati yo menm .
Lwa yo ki sou dimansyon Gad la renmen fè rebèl se paske yo Cho anpil , pafwa anpil moun Di yo mechan , gen Moun ki Di yo se move Espri Enfènal m'en se pa vre .
Bay Lwa ou prensip ou ak Regleman ou , ou menm tou respekte prensip yo ak Regleman ou bay la se konsa y ap vin adapte a ou e respekte prensip ou yo tou .
Chak bitasyon, demanbre, lakou gen yon seri de prensip ke tout Moun ki vini aprè dwe respekte .
Se menm jan ou te respekte Grann ou ak gran papaw nan vivan ebyen nan lanmò yo ou dwe toujou rete ak menm respè sa konsa tout Enèji yo te genyen pou ou nan vivan ap toujou la pou protejew menm si yo travèse.
Comentarios
Publicar un comentario