Rèn kongo

Rèn Kongo 

Rèn kongo sòti afrik nan peyi kongo.
Li se yon gad yo menm konpare l ak Isis madan Osiris yon ejipsyen. Li senbolize pa yon sèkèy ke yo rele "Madoulè".
Li se enperatris 3 nanchon, Orijin 3 wa maj yo ki se Kongo, Dawomen, e senegal. 

Rèn Kongo se madanm wa Ongòl, youn nan wa maj yo.
Li akonpanye 4 rejisè maji pwen cho nan simityè ak kafou ki se Bawon samdi, Mèt kafou, Simbi Makaya ak Mèt Gran bwa. 

Koulè li se wouj, rad li se yon jip saten wouj a dantèl e yon kòsaj miltikolò. 

Li repoze anba pye zanmann, pye monben bata ak pye sabliye.
Bèt li pi renmen se tòti ak frize.
Yo venere l jou Mèkrèdi. 
Liminasyon l fèt ak si myèl anba youn nan pye bwa sa yo m sot site la.
Salitasyon l se "Agouman baka, Agouman baka afoutayi".
Li se patizan maji nwa, li gouvène sosyete sekrèt yo sou non "Elène".
Yo plis venere l nan depatman sid, lwès an latibonit. 

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka