Rara

 🔥🌞🔥🌞🔥🌞🔥 RARA 🔥🌞🔥🌞🔥🌞🔥 


Pou n pale de RARA, fòk nou ta pale de orijin RARA. Jiska prezan orijin RARA rete yon kas tèt, malgre anpil rechèch ap fèt nan sans sa.

Men lè n pran mo "RARA", pèsonèlman map mande si mo RARA etimolojikman (nan rasin li) pa sòti nan "AMON RÂ", ki se Dye solèy la selon ejipsyen yo, lè n konnen RARA se fèt solèy la. 


Daprè Tidiri Mede: "Rara se rara depi nan Ginen. Sa soti nan Rasin nou depi peyi Nago yo. Sa pa soti kay kouzen Ejipsyen Kamit yo ki sou bò Lès Afrik. Nou se eritye moun bò Lwès Afrik, bò manman, bò papa.. Rara se selebrasyon pou yon anysen mò, yon Lwa". 


Ki jan nou kap defini RARA?

RARA se fèt solèy la, fèt rekòt, fèt lavi.

Nan sans sa mwen wè enpòtans pouki moun Nòdwès danse RARA anba solèy cho. 


ORIJIN RARA AN AYITI.-

An Ayiti RARA kòmanse ak taynòs yo, endyen yo ki te toujou ap fete fèt solèy la. Prensipalman ak rèn Anacaona chèf kasika Xaragua (gran sid Ayiti pou koulya) aprè lanmò frè l Bohechio, ki fè Leyoga-n basyon RARA nan peyi a.

RARA pra l kòmanse pwopaje nan depatman Atibonit avèk rankont Rèn Anacaona madanm kasik Caonabo ki tap kòmande Maguana (gran sant jewografik Aïti (tout zile a antye nan epòk la) kote pou premye fwa bann RARA pra l rankontre ak bann RARA nan selebrasyon  fèt solèy la, ki fè jounen jodi a nou jwenn anpil RARA nan Atibonit (depatman ki pote non Atibon Legba) ak Leyoga-n.

(Referans emisyon live sou RARA avèk Vye Ewol, Réginald ak Dja). 


ENSTRIMAN RARA.-

Avan sa RARA te konn jwe ak banbou, kòn lanbi. Se apati de 1960 nou pra l jwenn touch afriken nan RARA avèk tanbou ki pra l entegre RARA.

Jounen jodi a nou jwenn kone, enstriman enpòte tankou fèy sòl (senbal), saks, twonbòn, piston, malgre se pa nan tout RARA.

(Referans emisyon live sou RARA avèk Vye Ewol, Réginald ak Dja). 


YERACHI RARA.-

Chak RARA gen yon gwoup moun byen detèmine kap administre l, kap mennen l.

Nou jwenn:

- chèf rara

1) Yon chèf kap mennen RARA

2) Yon chèf kap kòmande "très riban" (sitou nan Sen Lwi Di Nò, ak kèk zòn Bonbaya)

- Rèn RARA tankou yon rèn vòltij nan sanpwèl

- kolonèl RARA ki gen fwèt kach la pou salye Loa petwo yo., Loa cho yo (Frèt kach la pa nenpòt frèt, fòk li yon frèt monte ou sakre).

- Papa chay RARA: ki pote maji RARA.

- Lavangad RARA: ak yon bale chaje pou bale kafou a kont move enèji, kont pèlen.

- Majò jon Rara, kap kondi tout jwè jon yo. 


TRESE RIBAN.-

Tradisyon trase riban sòti an Ewop nan moman esklavaj nan koloni Sen Domeng, dans kolon yo pandan yap trese riban.

Trese riban fèt ak yon batonis ( yon ti baton) nan men chak moun kap trese riban ki nan Ma Très la (poto kote tout riban yo atache a), pandan yap frape batonis yo nan yon menm ton, swa 3 bwa ou 4 bwa (batonis yo frape 3 fwa ou 4 fwa) avan chak moun ou elèv RARA yo pase youn anba lòt sou lòd chèf RARA kap kòmande MA Très la ak yon souflèt. 


Nou kapab di Rara an jeneral gen touch endyen, afriken ak ewopeyen. 


SÒTI RARA.-

RARA Leyoga-n kòmanse touswit jedi aprè mèkredi makakri (mèkredi sann). Defile ofisyèl RARA fèt dimanch sole vèti (dimanch pak) pou rive nan wikenn dimanch kasole (dimanch ti pak). Ou jwenn PLEN GRENNEN RARA LAKAY nan vil Sen Lwi di Nò ki monte chak 21 fevriye a minwi. Gen lòt RARA ki pa gen jou ni dat, sèlman aprè madigra fi n boule, tout bann RARA ap planifye pou monte, aprè pou sòti lannwit, sa yo rele nan depatman Nòdwès "RARA MAWON", aprè gran fèt kiltirèl la sa nou kap rele banbòch popilè a nan depatman Nòdwès pra l kòmanse dimanch solezo (dimanch deramo) pou bout vandredi rejiman (vandredi sen), RARA pote non rejman (rejiman), sof ke PLEN GRENNEN RARA LAKAY sòti dimanch solezo (dimanch deramo) pou dimanch sole vèti (dimanch pak). 


KOTE MISTIK RARA.-

Chak RARA monte sou yon regleman ou yon kondisyon. Anpil RARA se lakou ki monte ou fonde yo swivan Loa ki renmen banbòch RARA.

Tout rara gen yon sekrè , swa Gad RARA ou pwen ki mache RARA.

Souvan moun ki pote chay RARA, lòt sekrè RARA si l pa fanmi RARA pap janm konnen sekrè pwofon RARA, paske anpil regleman se yon ti gwoup ki se nwayo RARA ki konnen l.

Pami pyès mistik RARA nou kap note: djakout ou djola ki pote maji rara, bale rara, frèt kach rara, drapo rara...pou n site sa yo sèlman an tout diskresyon.

Pafwa yo sonde moun nan RARA si yo jije moun lan vini nan RARA ak yon lòt entansyon kòm espyon ou malfektè, ou byen yon anmèdan kap bat kò l, yo kap ba li yon kenbe nan men ou yon kou repo.

Gen sa ki rele arestasyon RARA, kote yon lòt bann RARA kapab rann yon kafou delande (kafou danjire ou kafou ki okipe), lè sa nenpòt RARA ki pase nan kafou sa, si l pa gen gwo regleman li kap kraze, ou byen tout moun goumen antre yo.

RARA pap pase nan yon kafou san l pa salye Mèt Kafou ki pou ba li chemen kont move pyès. Gen yon rezon RARA vire nan yon Kafou pou l fè yon wonn (ki senbolize wonn kongo).

Avan chak RARA sòti, fòk gen yon gwo seremoni ki fèt, pou Loa ak Gad RARA pase, chaje RARA, pou tout fanmi,  elèv ak fanatik ki vle benyen nan beny RARA kòm pwoteksyon.

Samdi chay zonbi (samdi dlo beni) se jou bann yo rechaje zonbi, anpil sakrifis fèt, jou mazanza, kote pwen monte sou pwen men pwen pa janbe pwen. 


BANN ZONBI.-

Se yon lòt bèl dimansyon RARA kote bann sa limenm mete zonbi nan tèt moun pou kale moun lan ak yon frèt kach.

Yo fè parad machèt koulin kote nèg ap tire manchèt, pare manchèt tankou papa Ogou, Mèt Agaou ak Lenglesou ki pa janm pè afwonte danje, janbe malè.

Ou jwen sa yo rele "sannit" se tankou nanm ki monte moun lan, lè sa se kale pou kale l pou l santi li nan byen, pandan lap pran kou, lap ri. 

Moun sa depi l nan rara, sannit lan aktive, li monte l. Depi lè RARA rive, menm si lap viv lòt bò dlo (aletranje), regleman sannit lan ap mache sou li. 


BANN MALONGO.-

Malongo se yon mo ki sòti nan lang Kikongo ki vle di "Maryaj". Longo sinifi sakre, sen; donk maryaj se yon bagay sakre ki pote lavi.

Se yon bann kote swa 2 moun ki fè malongo yo, abiye an nwa, mete yon kalbas nan bouda yo, ou byen yon malongo ak yon fanm pou danse ansanm, kote anpil gouyad ap tonbe, anpil chante sa nou rele betiz nan kilti nou ap chante, ki senbolize Loa Gede ki se lavi nan lanmò, lanmò nan lavi. Lè wap gade "malongo" ou kap di se yon bagay endesan, poutan ofon ki reflete reyalite lavi a: 3 kout gouyad 2 gout dechay (koupe ou konyen se yon tabou nan sosyete nou an) ki bay lavi. Pafwa tankou RARA yo konpoze chante sou moun ki komèt yon zak ke sosyete a repwoche.

Bann malongo sòti avan RARA chak swa kote plezi RARA kòmanse vi n jwenn ak RARA mawon, nan moman bann RARA yo ap sòti apre repetisyon, ou enskripsyon (kote chak moun ki aspire elèv RARA fè enskri non l sou kaye ak yon ti kòb li peye pou riban).

Jounen jodi a nou prèske pèdi tradisyon sa koz vyolans. Bann zonbi ki te konn sòti Jan Rabèl, Bonbaya, Basen ble, Menvyèl, Moustik e menm Gwo Mòn pa monte Sen Lwi di Nò ankò, koz bann RARA Sen Lwi konn goumen ak yo. 


JANM DE BWA.-

Se yon moun kap mache sou bwa, danse sou bwa. Pou wotè l, lisenbolize Wa ou Mèt Minwi ki nan eskòt Mèt Kafou.

Ou konn tande pawòl sila: "Bwa Piwo di l wè lwen, Grann Pwomennen wè lwen pase l".

Bwa Piwo ou Janm Debwa se Wa Minwi, Grenn Pwomennen se Mèt Avadra Bora. 


Gen yon lòt dimansyon mistik, petèt ou pat janm konnen nan yon bann RARA.

Si lè yon bann apye kanaval madigra danse swa nan yon espas kèlkonk: lakou, devan lakay yon moun, li pèmèt tout Loa yo rasanble nan bitasyon sa, ebyen lè yon bann RARA danse nan yon lakou, demanbre, bitasyon ou devan pòt kay yon moun e menm nan lari, li chase tout move enèji ki nan milye a.

A note: RARA Nòdwès presizeman RARA Sen Lwi di Nò ki gen MA TRÈS (kote moun yo ap trese riban) non sèlman l chase tout enèji negatif, anmenm tan li rasanble tout Loa yo nan lakou, nan bitasyon an, lè n konnen chak riban nan MA TRÈS la senbolize yon nanchon Loa. 


Kilti n se pa n! Tradisyon n se ranpa n!

An nou kore eritaj zansèt yo...


Anpil moun ap mande poukisa toujou gen vyolans nan rara nòdwès men sitou Senlwi dinò? 


Nou ka wè rara Senp nan zye nou, men li pi konplike ke sa nou wè a paske Rara ak Vodou se yon sèl,se pou sa nou wè se menm chan vodou bann rara yo chante. 


1) Sou Nò,Nòdès,wo latibonit ak Nòdwès ,se rit vodou Rada( dlo, se koulè blan,dousè fanm),se rit CHANPWÈL la,tanbou yo se tanbou kwen,se frape pou frape yo ak wòch pou sere yo lè nap akòde yo.

Sevis sekrè sa te la pou veye sosyete lanwit kou lajounen.

Se sak fè rara toujou te konn fè chante sou moun kap mal fonksyone, (nou pèdi sa) 


2)Poutan nan ba latibonit se rit Petwo(dife,rigè,gason,se koulè wouj ak nwa) ki se BIZANGO wete po mete po,bet seren kote nou pwal wè tanbou yo sere ak kòd ki se inite oubyen sèvis intelijans ki te kreye pou pwoteje peyi leswa sèlman.Se Espri lagè ki prezan, lè yo monte yo sou goumen men Kòm moun ki ADONBRE a pa gen nivo li goumnen ak pwòp frèl.


Sosye sakre sa yo te la pou goumen kont blan nan lide pou sovgade endepandans peyi a. 


Men danje a: se chanjman rit sa ak latibonit ki fè gen gwo deblozay, tanbou rara yo vin tanbou petwo,koulè wouj nan bann yo,se dife nan tout kafou ebyen me rezilta ,yo gen raso yo tou ki raple gad anminan yo mizè kolon yo te fè yo pase. 


RARA ta dwe bagay entèlèktyèl,inisye men pa pwofàn, oksidan fè nou pèl ak tout sèvis intelijans envizib yo e se sa ki fè se anbasadè lot peyi ki nan BIZANGO AYITI ( Aba tout ti politisyen tèt kribich ki pa gen nivo pou kanalize pèp la) 


Mezanmi rara bel anpil m renmen l men pridan paske se lespri ki mennen kò,si lespri Sen kòw sen otomatikman.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka