Pwazon Asenik

 Pwazon Asenik: Ki jan pou w trete l si w kontamine 


Se konsa lè moun ekspoze lontan nan asenik. Sou foto a se kèk ka moun Bengladèch. Gen nan rejyon dlo a kontamine anpil, Ayiti menm se diri nou a ak kèk lòt pwodui. Raple nou, depi kèk tan etid montre asenik bay maladi kadyovaskilè ak kansè. 


Si w anpwazonnen nan asenik men kèk bagay ou ka fè:

- Anvan tout bagay tout moun ki konn manje diri pèpè miami yo Ayiti ta dwe pran yon detòks jeneral men koumanse ak yon Medsin lavman. W ap jwèt lòt dòz detòks sou paj la, w ap bezwen netwaye san w, ren w, fwa w tou. Yon bagay fasil ou ka fè, fè yon rejim manje fwi ak legim (fèy, 🥗 salad) sèlman, pandan 7-14 jou; san vyann ak lòt pwodui animal, san lèt ak pwodui letye, manje yon zoranj chak jou pandan 7 jou omwen. Manje 🍉 melon ak fwi dlo sa ki gen grenn, fwi bè (berries) bon anpil men domaj Ayiti se liks. 


- Nan ka moun lan anpwazonnen fatalman e grav: asire w fè malad la vomi 🤮 se premye etap la, gen plizyè jan w ka fè moun vomi, ou ka ba l poud moutad nan yon vè dlo ou ka fè l ak lòt plant, men nan ka asenik sa w ka fè pi rapid se mete 1 priz (anviwon 1 gram) silfat soud nan 3/4 vè dlo ba viktim nan bwè rapid. Ansyen metòd yo itilize nan medsin natirèl la se bay malad la chak yon espas tan done 1 kiyè manyezi (magnésie) melanje ak ti dlo. Li enpòtan pou ou chofe yon tas dlo lè l redui demi tas melanje li ansanm avèk 1 glòs lwil oliv extra vyèj (extra virgin olive oil). Bay malad la bwè l. Se konsa ansyen nan domèn nan konn fè l. Si w pa gen lwil doliv ou ka preoare yon lòk ba li. 

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka