Prensip liminasyon

 Prensip ou dwe respekte lè wap lapriyè

Enpòtan, lè wap fè ofrand pou dans oswa priyè toujou bay sa

ki soti sou bitasyon zansèt nou yo. Pa ofri anyen ki soti lòt bò dlo. 


1. Bon lè pou lapriyè se lè solèy ap leve, midi, lè solèy ap

kouche epi minwi.

2. Pa lapriyè lè ou an kòlè

3. Flanm dife enpòtan, fè tout efò pou limen balèn bouji

oswa lanp.

4. Alkòl fasilite kominikatyon ak Lwa sitou lè li boule :

a. Fè posib pou gen yon boutèy kleren oswa wonm,

wouj ou blan

b. Sèvi ak bwason ki soti menm kote ak Lwa a oubyen

lokal.

5. Si ou te fè yon moun yon bagay ki mal, mande padon avan

ou komanse. Li ta pi bon si se moun lan menm ou mande padon.

6. Pa janm mande mal pou anyen ni pesonn.

7. Pa janm mande pou tire revanj.

8. Reflechi byen avan ou reklame jistis :

a. Jistis chèche e jwenn ekilib, li pap pou ou sèlman

men pou tout moun ou te fè ditò tou.

9. Sonje, Lwa ka ede ou, li pa ka fè pou ou.

10. Prepare tèt ou ak kote ou pral lapriyè :

a. Benyen avan ou lapriyè, pandan w ap benyen, pale

ak dlo a mande li pwòpte ou deyò kou andan

b. Mete pafen sou ou, yon pafen Lwa renmen oubyen

youn ou vle fè li kado

c. Met rad blan oubyen koulè Lwa a. Pinga ou ale tou

ni oubyen dekòlte devan Lwa.

d. Pwòpte kote ou pral lapriyè a

 Wouze li ak dlo fèy santi bon, (bazilik,

zoranj, vetivè, sitwon, mant, tibonm) fèy ki

nan jaden w.

 Boule ansan selon règleman priyè ou pral

fè a 


Genyen priyè espesyal nou fè ak Lwa nou rele liminasyon,

ou ka fè li pou kont ou, men li pi bon lè ou fè li ak 5 ou 7 moun.

Peristil fè liminasyon an kominote lè jou Lwa a, se li ki pi bon

 Priyè liminasyon fèt ak balèn sakre, bouji,

tèt gridap oswa mèch

 Selon règleman li ka fèt ak 5, 7 oswa 21

mèch

 Mèch la dwe limen ak lwil doliv oubyen

lwil Lwa a.```


Wouze li ak dlo fèy santi bon (bazilik,

zoranj, vetivè, sitwon, mant, tibonm) fèy ki nan jaden w.


Kijan ki kote Vodouyizan lapriyè? 


🙌🙌🙌🙌🙌🙌🙌



Vodouyizan pa lapriyè menm jan ak lòt moun

Nou pa resite yon ekip pawòl tou pare

Se pale nou pale ak Lwa yo oubyen nenpòt 

ki lòt bagay k ap viv nan lanati

• Nou ka fè sa nenpòt ki lè, nenpòt ki 

kote

Lè nou gen bezwen yon Lwa, nou rele li epi 

nou chita pale avèk li

Lè se fèt yon Lwa oubyen lè nou ap di li mèsi nou fè dans 

pou li. Lè sa nou envite li nan yon peristil pou nou ka resevwa li 

kòmsadwa, selon règleman. Nou envite lòt Lwa ki zanmi li e nou 

pote kado pou li tou. Se sak fè dans yo long. Paske nou dwe salye 

chak Lwa selon règleman li ak grad li.

Lè nap fè demand, nou fè liminasyon ki se yon sèvis 

espirityèl.

Liminasyon se lè nou limen lanp, balèn 

pou Lwa selon yon règleman espesyal. Se 

ladann nou fè demand ak pwomès.

Liminasyon ka fèt nenpòt ki kote, men fòk 

gen yon moun ki konn règleman ki pou 

dirije li

Liminasyon dwe fèt jou fèt Lwa a oubyen 

jou Lwa a nan biwo li

• Chak Lwa gen jou pou li resevwa 

demand.

• Tout Lwa disponib nan dat espesyal 

yo.

• Si gen ijans ou ka mande pasaj.

Selon enpòtans sèvis la, liminasyon ka fèt 

avèk kèk piti oubyen anpil moun. Si ou 

aprann règleman yo, ou ka fè liminasyon 

pou kont ou lakay ou.

MEN REGLEMAN KEK LANP 


LANP CHANS :

Limen ak lwil doliv lwil de woz, lwil zanmann sous, lwil jasmen andedan Yon anana. 


LANP TRAVAY:

Limen ak lwil machin ki sèvi deja, wowoli, poud mache prese, priz tè nan 7mache diferan, 7moso vyann kochon nan 7mache diferan, lwil maskreti nan yon ti chodyè twa pye. 


LANP GIYON oubyen LANP DEVÈNN :

Limen nan po kokoye chèch ak lwil maskreti plis poud kanpe lwen ak vòltije. 


LANP CHAM:

Limen nan yon po kokoye ole ak lwil doliv, lwil jasmen, lwil de wòz épi siwo myèl.

Limen ou liminen !!! 


Limen lè'w santi'w nan fè nwa ...

Limen lè'w santi'w dezèspwa ...

Pa limen pou limen men limen pou'w jwenn klète spirityèl , limen pou'w jwenn klète fizik e mantal ...

Limen pou'w rekonekte'w , limen pou'w rebwase fiti ou ...

Limen yon chandèl ak konsantrasyon ede'w limen sous enèji w yo ... Limen yon chandèl ak devosyon ede'w ouvri chakra'w yo ... Limen yon chandèl pandan wap medite ede'w wè e konprann sans anpil bagay ki san sans ke'w pat panse ki gen te ka gen sans ,,, limen se yon eksperyans ou ta dwe fè chak jou , maten midi e swa ...

Limen lè'w santi'w enève , limen lè'w santi kè'w kontan tou , limen lè'w gen Yon espwa ...

☝🏿Limen nan tout sa wap fè , limen avan tout sa'w gen pou'w fè , limen pou'w jwenn Vibrasyon'w , limen pou'w santi vi'w gen anbyans ladan'l , limen pou'w santi vi'w gen sans ... 


☝🏿Mwen limen chak jou pou'm konn misyon'm Mwen sou tè sa ...

Pa liminen pou liminen men liminen pou bezwen'w ...

Dife a gen Vi !!!

Tè a gen Vi !!!

Van an gen Vi !!!

Dlo a gen Vi !!!

Pale ak yo y'ap tande e konprann nou ...

La priyè ak Liminasyon 


Liminasyon an kisal ye? 


Vodouyizan pa lapriyè menm jan ak lòt moun.

Nou pa resite yon ekip pawòl tou pare. Se pale nou pale ak Lwa yo.

•  Nou ka fè sa nenpòt ki lè, nenpòt ki 

kote. 


Lè nou gen bezwen yon Lwa, nou rele li epi 

nou chita pale avèk li

Lè se fèt yon Lwa oubyen lè nou ap di li mèsi nou fè dans pou li. Lè sa nou envite li nan yon peristil pou nou ka resevwa li 

kòmsadwa, selon règleman. Nou envite lòt Lwa ki zanmi li e nou 

pote kado pou li tou. Se sak fè dans yo long. Paske nou dwe salye 

chak Lwa selon règleman li ak grad li. 


Lè nap fè demand, nou fè liminasyon ki se yon sèvis espirityèl.

_Liminasyon se lè nou limen lanp, balèn 

pou Lwa selon yon règleman espesyal. Se 

ladann nou fè demand ak pwomès.

_ Liminasyon ka fèt nenpòt ki kote, men fòk 

gen yon moun ki konn règleman ki pou dirije li

_Liminasyon dwe fèt jou fèt Lwa a oubyen 

jou Lwa a nan biwo li:

•  Chak Lwa gen jou pou li resevwa demand.

•  Si gen ijans ou ka mande pasaj.

_ Selon enpòtans sèvis la, liminasyon ka fèt 

avèk kèk piti oubyen anpil moun. Si ou 

aprann règleman yo, ou ka fè liminasyon 

pou kont ou lakay ou. 


Prensip ou dwe respekte:

1. Bon lè pou liminen se lè solèy ap leve, midi, lè solèy ap kouche epi minwi.

2. Pa liminen lè ou an kòlè

3. Flanm dife enpòtan, fè tout efò pou limen balèn bouji oswa lanp.

4. Alkòl fasilite kominikatyon ak Lwa sitou lè li boule :

a. Fè posib pou gen yon boutèy kleren oswa wonm, wouj ou blan

b. Sèvi ak bwason ki soti menm kote ak Lwa a oubyen lokal.

5. Si ou te fè yon moun yon bagay ki mal, mande padon avan ou komanse. Li ta pi bon si se moun lan menm ou mande padon.

6. Pa janm mande mal pou anyen ni pesonn.

7. Pa janm mande pou tire revanj.

8. Reflechi byen avan ou reklame jistis :

a. Jistis chèche e jwenn ekilib, li pap pou ou sèlman men pou tout moun ou te fè ditò tou.

9. Sonje, Lwa ka ede ou, li pa ka fè pou ou.

10. Prepare tèt ou ak kote ou pral liminen an :

a. Benyen av




Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka