Papa Loko
Papa loko
Anpil Moun sèvi ak lwa sa men konsa lwa sa anpil Moun profite fè gwo dezòd nan non li .
Papa loko nou jwen an transfomasyon sou plisyè non e ki menm trouve kom yn ekip ou eskot nan vodou a.
Anpil mou sèvi ak lwa sa nan jou vandredi kom jou spesyal nou tout dakò men nou dwe konnen lwa pa chome dépi lwa mâche oubyen sèvi ak nou ebyen tout jou bon pou sèvi ak li.
E tou konnen sa lwa yo pa gen imaj ekzat men se nou ki imaj lwa yo malgré yo asosye li ak st joseph.
Sa nou dwe konnen
Lwa se lwa lwa pa st
Nap vanse
Anpil Moun vin pote non ougan akoz lwa papa loko.
Konsa tou anpil achte non ougan nan non lwa sa men se pa fòt yo se chache yap chache sa ka toujou rive .
Map Di nou yn bagay tande byen
Lwa sa ki ka ba nou ason an depi li deside baw dimansyon an se pa fòseman pa yn Moun pou li pase men pafwa tou li kon ekzijib pou pase pa yn konnen ki gen vrè koneksyon ak lwa sa
N.B
Analize tèt nou byen akoz anpil frè nou ak sè nou ki al pran oubyen achte koze ason sa.
Nap pale pou vrè chwazi nou yo
Lwa sa se yn lwa kelkeswa ougan oubyen ou te ye a li enpotan pou gen dimansyon an paske se yn fòs ki reyèl.
li nan misyon ou gen nan domèn vodou a paske li se poto mitan oubyen gadyen Lakay nou.
Li pa yn lwa ki manifeste fasil jan nou wè anpil moun ap roule sou non li an.
Lwa sa se lwa ki gen yn bon fonksyon nan presip ak sekrè se depi la aaaaaa nou pral konpran li pa chwazi nenpot moun.
sa konn rive deja
Ou bay kob ou pou yo mennen ou devan papa loko épi van pa menm soufle sou nou bon yo paka diw sa paske yo pap baw kob la .
Lwa papa loko ak legba e dambala yo lye yo gen yn travay dekonsè antre yo.
Se pou tèt sa gen moun ki chwazi pa legba ou dambala yo trouvè dimansyon loko a kom yn don san yo pa passe devan pèson bagay sa se joyce ogou waka zaka spirityalite fran ginen nou an ki di nou sa.
Se sèl konsyans ki pou fèw wè
Mw vle nou patage pòs sa ak tout moun ki konsène e tou bagay papa loko a anpil m
Kominike a ka toujou fèt an koze ti bat bouch antre nou.
Tanpri souple mw pa Moun ke papa lolo bay pèmisyon pou bay pèson (ason )pa mande mw ason.
Mw pale ak nou nan bon limyè pou nou wè kote nou prale paske rout la chaje ak pikan e trou fè atansyon veye kote nap dépose pye nou.
Si nou wè malgré nou se yn chwazi men nan prespite wal pran ason nanmen yn Moun épi konsa yo baw yn tyatya ak yn laye épi chak jou wap souke tyatya lwa pa vibre nou ebyen pa lonmen non papa loko nan koze nou.
Konsèy
Bagay yo se Etap pa etap pa trò prese pase sa ki chwazi nou yo.
Ou menm ki ta echwe nan dòmen pran ou achte (ason) pa rayi lwa ni pa rayi Moun ki koz ou echwe a se jis tounen nan rasin nou mw byen di nou tounen dèyè.
Gid nou sak chwazi nou an mande yo direksyon pou jwen bon dimansyon ason papa loko a .
Sa ka rive nou gen lanmou pou ason an m'en fok nou respekte prensip nou dwe gen lòd fok nou granmoun.
Bagay mw plis renmen nan loko sa.
Kèk fwa nan sa wap regle nan koze jeté dlo limen balèn se gade ou wè nou gade yn van ap soufle sou nou san rete e konsa tou nou ka remake yn papiyon blanc ou jòn vèt ap pawoze kote nou .
laaaaaa ebyen lè sa règle afè nou pi serye papa loko ki se mèt van déjà la.
Bagay yo anpil
Loko
Papa loko ! Azonglo Loko, loko Atissou , loko Mayifade se anpil nan non nou konn tande pou lwa loko.
Chak non sa yo ba li yon aspè nan panteyon vodou a, yon manifestasyon, ak enpòtans selon lakou kote y ap venere lwa sa a.
Papa loko, lwa van an, van an menm, selon kèk sèvitè se lwa ki responsab sekrè tradisyon vodou a.
Anndan kèk rit anndan vodou a yo konn rele li granmèt loko, mèt loko,tèlman yo vle leve pouvwa gwo lwa sa a
*Koulè li se jòn ak vèt.*
Anndan rit asogwe a yo salye li apre yo fin ak marasa yo, men gen kote ou ka wè yo salye l jou k apre e se pandan y ap salye li menm ak Manbo Ayizan velekete yo fè kèk jès senbolik pou raple fratènite ki ta dwe ini moun ki di yo se vodouyizan yo.
Loko gen yon dimansyon istorik tou, kote yo konn asimile filozofi papa loko a ak filozofi liberatè jan jak Desalin.
Si DESALIN LIBERE de esklavaj enben papa loko ta libere de inyorans nan kesyon espirityalite vodou a
Loko dewade, azonglo loko dewade, anperè Desalin, loko Dewade......
Papa loko se yon konnen, nan lejand vodou a, se mèt pi gwo sekrè yo
Yo konn rele li Gabriyèl Loko, e lò sa a yo sèmante ke pa ka gen houngan ki konnen koze pase loko
Pa gen houngan pase w.....
Loko responsab, tradisyon an, sekrè rit yo.
Nan anpil hounfò yo fete loko 6 janvye, konsa tou w ap jwenn lòt kote ki fè gwo Michan fèt pou loko nan mitan mwa Mas. Men ou kapab chwazi venere lwa loko chak jou, lè w vle, pa gen dat ou pa ka fè fèt pou Kèlkeswa lwa w menm si dat m site la yo parèt inivèsèl de yon lakou a yon lòt, men chak lakou sèvi jan yo abitye, selon fòmasyon yo, e sa pa bay pwoblèm.
Loko egzije pridans nan pasasyon konesans anndan vodou a, se pou sa loko chante li di li pa houngan pwonmennen ki kote y ap jwenn li pou atake li, se yon langaj senbolik ki pa literal.
Papa loko se pigwo houngan peyi a, bonswa papa loko gwo lwa nou, gwo houngan nou !
Comentarios
Publicar un comentario