Ogou
Gnyn plizyè ladann wap jwenn ogou balizay,ogou achade,ogou feray,ogou demanyè,ogou balendjo,ogou kankannifè,ogou palama,ogou batala,ogou nago elatriye
Gen yon seul Ogou
Sou plusieurs dimension
Feray
Balizè
Olicha
Balendjo
Asasen ou badagri
Ect...
Danto panse ke se youn nan lwa ki pi populaire nan peyi a
LWA OSANY AK OGOU
1- OSANY BAKOULE
2- OSANY AGITAN
3- OGOU BATAGI
4- OGOU BATAGRI
5- OGOU BALENDYO
6- OGOU BRIZ
7- OGOU FERAY
8- OGOU ASHADE BÒKÒ
9- OGOU AGWELENDI
10- OGOU BATALAMEDJI
11- OGOU SHAWA
12- OGOU SHIMAN
13- OGOU FÈ
14- OGOU BALIZAY
15- OGOU YANMSAN
16- OGOU FERAY LEMAN
17- OGOU GÈ
18- OGOU KWESI MALÒ
19- OGOU KELENDJO
20- OGOU MITRAY
21- OGOU OLISHA NAGO
22- OGOU WOLOTKOUN
23- OGOU PANAMA
24 OGOU DEMEPLÈ
25- OGOU KANGOLO
26- CHARL OGOU
27- OGOU LA FLAMBO
28- VYE OGOU
29- KOUZIN OGOU
30- YÈYÈ NAGO
31- JEAN PAUL NAGO
32- OGOU CHAWA
33- OGOU KENLENDJO
34- AGWE FEKETE NAGO
35- AWE NAGO
36- GRANN BATALA
37- GRANN ALOUMANDYA
38- OGOU ADOUDOU WA
Nago Èy , Nago Èwa
Sa Nou Dwe Konnen !
Eske Nou Te Konnen Lwa Nago Yo Pa Sevi Ak Koulè Wouj Selaman ? Nou Kapab Remake Nan Kilti Vodou Ayisyen An Majorite Lwa Ki Nan Rit Nago A Sevi Ak Koule Wouj , Koule Wouj Nan Rityel Yo , Koule Wouj Antanke Senbol Mistik Nan Rit Nago A , Men Nou Dwe Konnen Nago Pa Genyen Selman Koule Wouj Ki Reprezante Yo , Nou Dwe Konnen Nago Yo Pa Selman Ogou Men Yo Oricha Tou.
Oricha-Nago Se Maryaj 2 Group Etnik Ki Ini Sou Yon Regleman .
Nou Vin Genyen 2 Rit Ki Bay Yon Rit Sa Vle Di , Oricha Se Yon Rit , Nago Se Yon Rit Apa . 2 Group Etnik Sa Yo Te Nan Gè , Pou Yo Fe Lapè 2 Tribi Yo Siyen Yon Pak Ansanm Se Apati De La Nou Vin Genyen Rit Oricha-Nago A... Lwa Yo Rele Sou Rit Oricha-Nago a , Tou Pote Non An tou Oricha-Nago .
Fok Nou Pa Konfonn Sa , Se Pat Lwa Yo Kite Nan Gè Ak Lot Lwa , Men Sete Pep Ki Reprezante Etnik Yo Kite Nan Gè Antre Yo !
An Ayiti , Nou Sevi Ak Koule Wouj Pou Nago Yo , Koule Ble , Koule Nwa , Men Pa Sezi Siw Ta We Yon Lot Koule Diferan , Tankou Vèt , Mawon , Gri, Nan Peyi Benen Ak Togo .
Tandans Yo Varye Ak Rejyon Yo , Men An Ayiti Nou Genyen Yon Tandans Ki Diferansye Nou Ak Lot Kote Yo Ki Pratike Vodou Tou Sou Pwen Sa !
Espri Nago Yo Fè Pati Tradisyon Yoruba Menm Jan Ak Oricha Yo
( Vodou), Nago Ki Se Yon Gwoup Etnik Nan Afrik Lwès Pratike Yon Spirityalité Ki Fe Yo Menm , Pa Janm Pèdi Okenn Gè Yo Tap Mennen Nan Epok Yo An . Nan Panteyon Dye Ak Deyès, Oubyen Nou Kapab Di Ansanm Lwa Ou Lespri Ki Manifeste Sou Dimansyon Sa Yo Trè Rekonèt Pou Repitasyon Yo Nan Espirityalité .
( Yoruba se pep la , kote lang yo pale pote non sa tou ''YORUBA'', tradisyon yo an rele konsa ''Ifa'' espri yo venere yo rele oricha )
( Nago yo , espri yo venere yo rele ''LWA'')
Nou Dwe Konnen ,Yoruba Yo Se Yon Pèp Ki Sitiye Yo Nan Afrik Lwès Nijerya, Benen Ak Togo. Rit Tradisyonel Yoruba A Se Yon Tradisyon Afriken Kote Yo Genyen Tradisyon Ki Pwop A Yo Menm Ki Rele ''Ifa'' Nan Panteon Orisha, Oswa Divinite Yo , Yo Konsidere Kòm Fòs Lanati Ak Lespri Pwoteksyon. Menm Jan Ak Espri Nago Yo Ki Manife Fòs Ki Nan Lanati.
Chak Lwa Yo Gen Karakteristik Pwòp Yo Ak Pouvwa Yo , Epi Lwa Sa Yo Asosye Ak Eleman Lanati Tankou Dlo, Dife, Tè Ak Van.
Men Kek Non Lwa Oricha-Nago Nou Dwe Konen !
1:Shango: Divinite Loraj Ak Zèklè, Souvan Reprezante Ak 2 Rach Youn Nan Chak Men Li Yo .
2: Oshun: Deyès Nan Rivyè , Deyès Lanmou, Souvan Reprezante Ak Yon Glas .
3: Yemaya: Deyès Oseyan An, Souvan Reprezante Ak Yon Kokiy Ak Yon Pwason.
4:Obatala: Rekonet Kom Dye Kreyasyon Nan Tradisyon Yoruba Ki Se Ifa , Souvan Reprezante Ak Yon Baton Ak Yon Kòd, Nan Rit Nago Nou Genyen Ogou-Batala .
Espri Nago Yo , Se Yon Pati Enpòtan Nan Vodou Ki Pa Janm Neglije , Tout Kotew Pase Wap Jwenn Yon Moun Konnen Yon Non Lwa Nago Kanmenm
1: Ogun Ou Ogou : Dye Lagè Ak Dye Fè , Mèt Fojewon , Souvan Reprezante Ak Yon Epe Oswa Yon Manchèt.
2: Ogou Feray Aleman : Dye Dife , Dye Fos Manyetik , Souvan Reprezante Ak Yon Boukan Dife , Yon Manchèt .
3: Ogou Balendjo: Dye Strateji , Ki Souvan Reprezante Pa 3 Pil Woch Epi 2 Epe Kwaze .
4: Ogou Zye Wouj : Dye Jijman , Ki Souvan Reprezante Ak Yon balans , 2 epe Kok Wouj .
5: Ogou Achade: Dye Malis , Ki Souvan Reprezante Ak Yon Branch Bwa , Yon Manchet .
6: Osany : Ki Souvan Reprezante Ak Yon Beki , Yon Manchet Abiye Kom Yon Jeneral.
7: Ogou Balizay : Dye Lagè Ki Souvan Reprezante Kom Yon Nanm San Rad Ak 2 Manchet yon cheval .
8: Ogou Gbali Ou Gbadagri Ou Badagri : Dye Kriminèl , stratèj , Nèg politik , Souvan Reprezante Ak Yon Boutey San , 3 Epe Yon Kouto .
9: Oya: Deyès Lanmò Ak Simityè , Souvan Reprezante Ak Yon Bale Oswa Yon Woulo Fil Ak 21 Zegwi .
10: Eshu: Lespri Mesaje Ki Li Menm Nan Eskot Legba Tou Wol Li Se , Ouvri Pòt Ki Genyen Ant Mond Vizib Ak Mond Espirityèl La, Souvan Reprezante Ak Yon Baton Oswa Yon Pilon.
11: Osanyin Pa Konfonn Li Ak Osany : Dye Remèd Fèy , Medsin Ak Gerizon, Souvan Reprezante Ak Fèy Ak Plant Yo.
Chak Orisha Ak Nago Yo Gen Pwòp Rituèl Ak Seremoni Yo , Ki Souvan Itilize Pou Rele Lespri Yo Vin Ede Moun Nan Diferan Domèn Nan Lavi . Pa Egzanp, Nan Vodou Nou Envoke Shango Pou Fòs Ak Pwoteksyon, Oswa Oshun Pou Lanmou Ak Fètilite.
Comentarios
Publicar un comentario