Manbo Inan

 Kilès ki Manbo Inan ? 


Manbo Inan se Bondye !

Avan nou ale pi lwen, an nou gade nan vodou ayisyen an kijan yo klase eritaj kongo a. 


Nan vodou ayisyen eritaj kongo a klase an de (2) kategori lwa kongo 

1) Gen kongo savann 

2) Gen kongo fran. 


Nan kategori kongo savann nan nou jwenn yon ansanm espri ke yo rele lwa/gad, nou souvan jwenn espri sa yo nan rit petwo a, ki se yon rit pou onore zansèt nou yo ki elve nan ran gad yo, nou ka pran ekzanp Simbi Makaya, Simbi Andezo, avèk eskòt Zandò yo, nou plis jwenn nan kot Sid peyi a. 


Kounya an nou fè yon ti kout pye nan plenn Gonayiv pi presizeman nan lakou Soukri ki te fonde pa Figawo, listwa rapòte ki te sòti nan yon zòn nan Gonayiv ki rele Pon Goden, pou te vin mete kanpe lakou sila a pou onore memwa zansèt kongolè yo, epi fè lakou a tounen repozwa kouran tradisyonèl kongo fran an, ke yo rele tou kongo wayal la, ki se kongo Bazou Mennen Wa dè wongòl la, kote nou pral jwenn Rèn ki ap kòmande lakou sila rele Manbo Inan, ki se yon espri chaje sou bò lalin, vodou a souvan prezante sou prensip feminen, menmjan vodou ayisyen an chita sou prensip matriyaka, feminen sakre, ki bay fanm tout valè li merite, ki fè mètrès jwe yon wòl enpòtan nan tradisyon vodou ayisyen an, kite fanm yo dirije se yon prensip nou sòti depi nan Ginen ak li, kote listwa aprann nou nan plizyè nanchon sou tè Lafrik se fanm ki t ap kòmande, nou ka pran ekzanp Yaa Asantewaa, pou anpi Ashanti a (Ghana) ki te kanpe goumen kont envazyon kolon anglè yo nan epòk 19e syèk yo. Nou jwenn Kandake Amanirenas pou wayòm Koush la, epi pou n fini nou te genyen Ngola Mbandi Nzinga Bandi Kia Ngola, rèn wayòm kongo Ndongo avèk Matamba (Angola) a, donk nou ka kòmanse konprann rezon ki fè Manbo Inan antan ke figi feminin ki enkane manman tout pitit chita sou twòn lakou a avèk yon otorite san anwetan, kote tout pitit ap chante grandèt li, di l se Bondye yo, si yo pèdi gras li, yo pèdi kle paradi a, an gwo Manbo Inan senbolize lavi ki ap jèmen pou fleri chak jou nan kat fasad nati a, se sa k fè chante sakrifis la di " se mwen Dagwe Manbo Inan tout bèt lwa yo " men souvan li manifeste oubyen yo reprezante li sou fòm yon koulèv, ki senbolize konesans ansyen yo sou libète ak divèsite lanati pou bay lavi, nan kalandriye regleman lakou a li kòmanse fete nan lannwit dat 14 dawout pou louvri 15 nan maten, an memwa seremoni pou libète bwa kayiman, antan ke premye responsab sosyete kongo a nou jwenn Manbo Inan nan sosyete sekrèt yo kòm rèn chanpwèl, bèt seren ki jere lannwit tou, pou li al fete nan lakou Soukri dat 15 dawout, ki demare nan yon ansanm rityèl devan pòtay la pou antre nan seremoni kay la (sobadji) pou rive sou tèt mòn N'Ganga nan tiye bèf la, ki pral kontinye nan basen Manbo pou resevwa Manbo Inan ak kabrit li a, jan rityèl la mande anba pye bwa nan rivyè a, ki byen dekore souvan ak drapo koulè ble wa ak ble syèl, men Manbo Inan pote tout koulè tankou yon mouchwa kongo, ki reprezante nivo vibrasyon l nan chak dimansyon epi pote limyè pou tout pitit ki vin fete avè l, men moun ki inisye pou Manbo Inan dwe fè yon travay spirityèl san pran souf sou tèt yo pou kiltive respè, sajès ak lanmou pou tout sa ki ekziste nan lanati a jouk ou rive nan dimansyon pou w reflete imaj lwa a, sa yo rele nan langaj vodou a "lwa chita sou moun nan" ki se yon nivo koneksyon nan pafèt amoni ant inisye a avèk espri a, ki se kle paradi pyès moun pa vle pèdi a, wonsi yo toujou ap chante lwanj Manbo Inan pou tout byenfè li pote nan lavi yo, e se pou rezon sila rèn kongo a se Bondye tout eritye ginen ki renmen epi respekte lavi.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka