Makaya
MAKAYA
Nan menm moman loksidan ap fete Nwèl, nan tradisyon pa nou nou fete Makaya
Kisa ki Makaya a?
MAKAYA, se pratik nan tradisyon ansestral nou konn fè gerizon ki bay nesans ak lamedsin kòm branch syantifik.
MAKAYA, s on sezon nan kalandriye Ayisyen pou nou remanbre tèt nou, pirifye kò n ak nanm nou kont move enèji.
MAKAYA, se yon rit kiltirèl, se yon zouti espirityèl k ap sèvi nan batay liberasyon peyi a depi nan rasin.
Makaya
Makaya se yon afriken ki te soti nan Kongo. Makaya te youn nan revòlte ki t ap goumen kont kolonizasyon ak esklavay. Li te akonpaye Makandal nan yon epòk e ta sanble li t ap tabli l nan Sid pou mete Dokò menm jan Makandal te mete n nan Nò. Lekòl Makaya te chita sou prensip ‘‘tout moun se moun’’ ak aprann konnen non ak bonte fèy nan bwa.
Men yon ti listwa sou Makaya. Nan lannuit 23 desann Makaya te reyini ak pil ak yon pakèt afriken kote li anonse yo travèse l. Li di yo : ‘‘nan Lannuit 24 desanm kolon pral arete m. Nan maten 25 desanm, kolon ap mete nan yon espas 3 doum. Se nan dezyèm doum nan kolon yo pral mete m pou yo boule m. Pendan y ap boule m nna, doum nan genyen pou l eklate. Voye zyè n anwo doum n ap wè yon mouchyon gwo mouchavè k ap monte. Enben, se mwen menm mouchavè a ye. Se lò sa misyon m ap tou fini. Se pou nou kenbe, kontinye pale pawòl la pou nou ka tounen moun nou ye e viv tankou moun’’.
Jan Makaya te anonse lan se konsa kolon yo te fè vre. Kòm dabitid, chak egzekisyon ki pral fèt kolon yo fè tout afriken esklavagize asiste dekwa pou yo kanpe tout mouvman revòl. Nan maten 25 desanm lan, douvan plis pase 2000 afriken doum nan eklate, enpi gwo mouchavè a moute vre. Tout esklav te pran chante bon Makaya.
Kidonk chak lanne apre kou 21 desanm rive afriken koumanse fete Makaya ak swete moun bon Makaya. Makaya se yon moun ki pote limyè. Se konsa non Makaya vin sèvi kòm rit ak pou lonmen sezon an. Makaya kòm sezon ki koumanse 21 desann pou bout 15 mas. Kòm yon rit cho nan Vodou a gen tout yon sosyete ki vin pote non Makaya. Koulè ki mache ak rit sa se wouj, wouj e nwa enpi vèt ak Wouj. Se peryòd kote gad ak pwen manje sitou Gad Simbi Makaya elatriye. Moun pwofite peye regleman, chofe pwen.
Makaya ka dekonpoze an 2 mo. L ap bay Ma ak kaya. Ma vle di gran an Kikongo. Kaya se non fèy mariwana. Nan sans sa a makaya tradui lide pisans tankou dwòg oubyen yo dwòg pisan. Nan moman moun yo nan bay gad manje, moun yo pisan gen fòs yon djab.
Gad la aji sou moun tankou yon dwòg pisan.
Chante
A
Simbi Makaya
Nou pral nn Simityè
Èlmi bare nou
B
Simbi Makaya
M pale langaj o
Pwen an soti nn Ginen
Li pa pase wè mwen
C
Gad o
Gad o
Gad Anminan
Gad la move
Essayed Boumba
D
Makaya kap pase monte
Makaya kap pase desan....
E
Fèy nan Bwa na pral chèche fèy o
Antite ki mache ak Makaya
Rènn Dantò
Boran
Èzili Madan Lenba
JATIBWA KENTO
Mèt Granbwa
Kouzen,kouzinn Zaka
Simbi Andezo
Ak tout sosyete sekrèt yo
Akseswa: Pilon ,fèy ,balèn, Madoulè, ti Sèkèy, mouchwa ,kleren, florida, bwa pen, lanp gridap, fwèt kache, tout kalite fèy, Granmèl,gaz blan ,gòd.. Elatriye
Ganga ti Pilon sa se pou m pile Gang
Se pou m pile Maji m
Aspè sosyal
Enpòtans fen ane
Anpil nan nou ale pran benyi pou ane kap vini an.
Se moman fanmi jwenn posiblite yo chante ,manje danse ansam.
Aspè ekonomi
Aprè fèy ki ale kase sou rejleman ki pa koute lajan vrèman.
Apre tout sa w bezwen se kòb.
Ht
1. Pilon koute wi
2. Kleren ,sanm pa di Rhum
3. Lanp Gritap
Jan m di a tout sak pral sèvi yo se ht.
Moun kap vann fè kòb yo nan sezon an.
Kalamdrye
Makaya nan kongo kòmanse 21 desanm pou 6 janvye
Rapò ak soltis ivè
Jou ki pi long nan ane a
Sezon nan vodou.
1. Sezon Gede
2. Sezon Makaya
3. Sezon pelerinaj
4. Sezon Zaka
5 . Sezon Rara
Sezon Gede
Selebrasyon lavi Nan lanmò
Senbòl : spiral lavi a( gouyad) resilta egsistans nou.
Ritm : Banda, Yanvalou maskawon
Koulè ,nwa ,blan, mov
Bwazon : kleren ak piman
Manje: Boukannen, ara.
Comentarios
Publicar un comentario