Madan Letan
Madan Letan
Se te yo twa (3) konplis youn rele Lovana, youn rele Klèmezin, e lòt la rele madan Letan, men kounye a m pral pale w de madan Lelan.
Istwa madan letan rapòte se te yon fanm ki te konn sibi abi seksyèl nan men kolon yo, men se te yon fanm ki te rebèl anpil e se li ki te responsab (dlo) pou kolon yo, se yon fanm ki te patisipe nan batay endepandans lan tou menm jan ak 2 lòt medam mwen sot di w yo, li pa t pran tan pou l te kòmanse mawon, lè 3 medam sa yo kontre sa egal anvoutman, anpwazonman epi pwa grate madan Letan te konn grenpe nan pye bwa pou lè esklav yo reyini pou l ka veye lè mèt yo ap vini, lè esklav yo reyini bò sous dlo yo, li te konn annik lage yon fèy nan dlo a pou l chanje koulè dlo a lè li sispèk gen kolon k ap rive nan espas kote esklav yo ap fè reyinyon an, depi esklav yo annik wè koulè dlo a chanje tout esklav sou men yo epi yo lage cha madan Letan te konn fè dlo dous tounen dlo anmè dlo pwòp tounen dlo sal e dlo sal tounen dlo pwòp, regleman madan Letan te konn fè menm dlo esklav yo ap bwè a yo pa gen anyen se menm dlo sa depi kolon yo bwè l yo mouri tèt nwè pou l te kòmanse nan mawon li te konn jwenn sipò Klèmezin ak Lovana.
Lè Lovana pote rad bay mèt li mete ak tout pwa grate ladan se madan Letan ki vide dlo sou sanginè a lè li kòmanse grate swadizan pou l soulaje gratèl la pandan nou tout konn pwa grate pa mele ak dlo istwa madan Letan vle fè n kwè lè yo di nou chak ti jès konte a se konsa madan Letan te pote kontribisyon l nan batay ki ta pral ba nou endepandans nan peyi a.
Comentarios
Publicar un comentario