Lwil maskreti
Lwil maskriti sé yon lwil ou ta sipozé gen lakay ou, men’m siw pa beswen’l jodia ou ka beswen’l demen.
Men kek fason ké ou ka itilizé lwil sa
siw gen emoroyid, maladi ki fè deyew ap boulé’w lèw finn twalet la.
Pran yon fèy maskriti vyolèt frote’l nan men’w epi chodé fèy la pasé yon ti lwil maskriti sou li metel nan deyew fè sa pandan yon semaine.
Siw sé yon fan’m ou sispèk wap pété nan boubou’n, ou gen fredi, infeksyon, wap bouyi fèy maskriti vyolèt la ak ti bonm, pwa kongo bwè té a pandan 7 jou epi pran you’n nan fèy maskriti a ki té bouyi nan thé a pasé yon ti lwil maskriti sou li roulél nan fòm alonjé epi fouré’l nan boubou’n ou aswè avanw domi pandan 3 jou. pa bliyé chodé lwil la avanw pasé’l sou fey la epi meté yon ti sevyèt prop bouché bouboun ou pandan 3 jou sa yo.
ou gen chevé paw ou byen chevé pitit ou kap kasé, yap fè chute, yo gen kap. li pa lot ké lwil maskriti ki pou ede’w.
ou gen senti fè mal chofé yon ti lwil maskriti pasé’l sou 7 grenn konkonb zonbi epi marél nan senti’w.
Siw gen yon timoun ki gen lafyèv, atak bronch,grip,tet fè mal ak congestion nasal, bal thé ekaliptis epi chofé yon ti lwil froté nan men’w pasé nan dol, anba Pyél, bò letanp li anban nen’l ak nan mitan tet li, epi meté rad manch long ak choset nan pyél.
Yo itilizé lwil maskriti pou ampil ampil lot bagay... ..
Comentarios
Publicar un comentario