Simbi
Youn nan pi bèl bagay ke nou tout dwe konnen de lwa simbi nou yo spesyalman simbi andezo ki gen plisyè tranfòmasyon oubyen dimansyon.
Lwa simbi andezo sa
Patage pòs yo
konplimantasyon nou yo vè mw.
Mèyè kote li repoze se nan basen dlo dous souvan ou kap jwen bazen sa gen gwo pye bwa sou tèt li men anplis rasin bwa sa ap nan dlo a
Konsa tou wap jwen gwo roch nan dlo sa tankou basen mw jolikè.
Lwa sa fè anpil byen nan lavi chwazi ougan mambo yo spesyalman nan sove lavi.
Moun lwa sa sèvi an ka de maladi jan sa ye lwa sa ap tretel sou kondisyon dlo ki bay lavi e fèy yo ki nan gran bwa .
Lwa sa yo pa ret selman nan rivyè li nan sous yo tou li toujou ankonpanye madanm li Simba se bon konpay li Youn pa mache san lòt.
Lèw sèvi lwa sa sèvi san ke sote li pa Diab
Men kèk bagay lwa sa renmen lè yn sèvitè aji nan mannyè sa.
Tankou lèw bliye tèt ou pou ede yn lòt.
Lèw aksepte itilize tèt ou tankou yn zouti pou sèvi lòt Moun ki nan antouraj ou nan kelkeswa siskonstans la.
Ou pa dwe kont lavi pèson pou lajan
Li bon lèw wè dife limen Yon kote ki ka fè dega ebyen don lwa simbi a ba nou an nou dwe pranl pou nou transfòme li an dlo pou nou tiye dife sa.
Frè sè zanmi fanmi ki pa vle wè nou an nou dwe renmen li nan non lwa simbi a men atansyon tout sa ki rayi nou se yn pwazon kont nou (veye pa fè li konfyans)
Lwa sa renmen inion li pa sèvi kote ki gen divizyon lèw sèvi lwa sa fòk mache dwat nan chimen lavi a.
Lè yo mande nou si nou pa gen pou nou bay pa detwi li ak lang nou.
Lwa sa avan nou pale ak li fok nou propte kè nou ak lang nou sou tout sa nou fè fas ak yn lòt nan lavi nap viv la.
Pi gwo bagay ki kon koz lwa sa pati kite yn sèvitè li.
Se lè nou kite yn frè nou travèse fòse anba peristil nou deske li pat gen lajan.
Antouka se apati de sa yo pou nou wè tout bon vre lwa yo bay lavi
Lajan bon sevre ak pasyans ginen wap rive pa janm profite pèson pou lajan sa pap ede nou rive vit vre nap bouke nan rout
Comentarios
Publicar un comentario