Lwa grann yo
Grann 👑👵🏿🌿✨
Nan Tradisyon Vodou an Grann, se pi Gwo Pyebwa an, dimansyon ki pi wo nan Panteyon Espri Metrès yo.
Grann yo eksite nan tout rit, nan tout Nanchon, ki egziste nan Tradisyon Vodou yo.
Nanchon Kongo : Grann M’Pempa, Grann Tchelika, Grann Zouzi ak Simba…
Nanchon Arada-Dawomen : Grann Silibo, Grann Ayizan,Grann Èzili, Nannan yo(Grann Nana)
Nanchon Nago: Grann Batala, Grann Sen An, Aloumandja.
Nanchon Ibo: Grann Ibo.
Nanchon Gede: Grann Brigit.
Pou site sa yo sèlman, pwovèb lan di lè ou pa gen Manman ou tete Grann,cnan plas Manman Grann Sèvi paske Grann lan se yon Manman tou.
Yo se Gadyen Tradisyon an, paske yo se premye zanzèt primòdyal nan tout nanchon.
Yo se Achiv e bibliyotèk Tradisyon an.
Yo se lwa ke tout lwa koube devan otorite yo ak sajès (konesans) yo.
Gen yon gran, ki te aprann lè vyole prensip ak regleman Grann, ou pap jwenn gras ak merit, devan okenn lwa, ese yon sèl lwa nan Vodou an, ou ka itilize pou jwenn gras ak mizerikòd lwa Grann.
🎶🎵Sove lavi mwen ay Manman kote ou ye🎵 Pakayapaka vini wè mwen nan toumant🎵🎶Grann ooo ayyy Manman kote ou ye.
LWA GRANN.
1- GRANN TÈSI FREDA
2- MANBO DECHOUKE
3- 1O PONYA LODE
4- GRANN BAYAKOU
5- GRANN DYALODE
6- VYE GRANN
7- GRANN EZILI
8- GRANN SIMBA
9- GRANN IBOLELE
1O- GRANN ADJA
11- GRANN BOT
12- GRANN SILIBO
13- GRANN VAVOU
Comentarios
Publicar un comentario