Lwa Ginen
Ase souvan nan somèy nou kom zye kale nou kon wè kèk moun tankou granmoun timoun fanm kou gason raproche vè nou menm ak dlo nan zye.
Mw byen di nou mezanmi
( Dlo nan zye)
Bagay sa kon tris ase pou nou wè granmoun ap kriye devan nou.
Frèm ak sèm chwazi nou yo pitit lafrik ginen yo
Lè konson rèv sa esplike klèman ou trayi tèt ou
Ou trayi rasin ou
Yo pral kriye pou ou
Yn lòt bò
Sa kon sinifini
Ou mache tròp malgré ou pa janm trouve.
Ginen rete ginen
Aprann mache tipa Jodi sa pou ka kouri byen demen
Ebyen malgré tout Saw konnen ki nan rasin ou ki ka fèw bon tout vrè ou iniorel .
Jodi a gade nan kisaw tonbe .
Saw dwe toujou aplike pou tout tan nan lavi nou.
Lwa ginen nou yo reprezante se tankou yn pyè bwa
Tout branch e fèy yo se fanmi an angeneral .
Men ginen an se rasin pye bwa sa ak tè ki kenbe .
Rasin nan
Nou dwe konnen sa
Se pye ki kenbe tèt
Se rasin pye bwa ki kenbe pye bwa.
Ebyen tè sa ki se fòs pye bwa se ginen an
Ebyen sa se yn nan definisyon ginen an
Tè sinifi ginen
Ginen vle di tè
Kote nou sòti a se la nou prale
Nap konprann byen souple
Male Jodi a se yn jou nan tout jou yo
Comentarios
Publicar un comentario