Lobelia

 Lobelya oswa Lobelia 


Non syantifik: Lobelia inflata 

Lòt non: Indian tobacco, puke weed 


Gen plizyè varyete toujou asire w chwazi saw bezwen an. Pinga w jan m depase 25-30g x lit dlo. Si w Ayiti se 2-3 ti branch pou itilize. Si se nan beny pou w benyen timoun ou granmoun se 3 ponyen fèy lobelya pou w fwote nan beny lan. 


Ou ka konsome l si w vle si w vle soti anba adiksyon militon, moun ki kaka kleren ak moun ki fimen anpil. Se pa san rezon yo rele l tabak endyen. Li efikas pou nemoni, wo presyon. Se yon relaksan ki puisan anpil. Li gen pouvwa emetik lè w konsome anpil. Yo rele l puke 🤮 weed, sa vle di zèb vomi paske yo itilize l pou fè moun vomi. Li bon anpil pou rann yon pwazon ou pran imedyatman. 


Ou ka benyen timoun avè l, melanje ak fèy briyòl epi lapè. Lèw benyen pitit ou ak fèy sa,ou mèt metel dòmi nan kafou,lougawou ap tchwipel

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka