Lis Gad

✊🏿Kèk lwa kreyòl e Gad ki pi popilè. 

Simbi Makaya 
Gran bwa Lilèt ou Djab kriminèl 
Lenglensou basen san
Lenmba Zaou
Marinèt pye sèch 
Èzili mapyang 
Ti jan pye sèch 
Wa maj yo
Ouangòl
Amin
Danwezo
Rèn kongo
Jean Baptiste Vixamar Legrand.

Pami non kèk Gad ki Anrejistre nou gen Gad Anminan, Gad Kandelo , San Sekou , Kriminèl , Twa île , Toro Dichèn , Adogan , Rose anfè , Sanyile, Nou gen Dagwe Amesiyòl ki sou dimansyon Gad e alafwa Loas , Djab andèy ki sou dimansyon Pwen alafwa , Gran Bwa Medji, Mèt Gran Bwa ile ki sou dimansyon Loas alafwa , Grann Madoudou Kedji , Jak tibwa Kento ki sou dimansyon pwen tou , Dam lave ,Grann Zingga , Manbo Layide , nou gen kèk Gad kafou tankou 21 Pwen kafou , Laye Bwa , Simetyè Houndile , Kafou 4 chemen , Simetyè Boumba , Kafou 3 ,Kafou Gidi gidi , Mèt Kafou Kengendeng , Kafou toro bann yo tout sou dimansyon Pwen e Gad alafwa , apre sa nou gen kèk Loas tankou Loas Simbi yo ki sou regleman Gad tankou Simbi Anpaka paka, Símbi Anpaka Malo , Simbi Anpaka ,Simbi Loaka ,Simbi Makaya ,Simbi Andezo , Simbi Afriken  , Simbi Maza , Simbi Kita , Simbi Dlo , Simbi 3 ile, Simbi Anpola , Simbi fèy , Simbi Kita , nou gen kèk Gad toujou tankou Lenglensou Gè , Lenglensou Basen san , 3 Racine , 3 Letan , Ti pilon elatriye , non Gad yo anpil e pa bliye lèw vin re aktive yon Gad sou ou , ou bal pote non ki fèw plezi , se tankou ou monte Pwen ou epiw andoye li ak yon non se li lap konnen . 

Gad yo trouve yo sou plizyè dimansyon, yo sou dimansyon Pwen , Nanm pafwa e Loas

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka