Lèt pou lwa
Yon fòmil pou w kòmanse yon demand/liminasyon...
Jodi a (tel date) mwen menm (Non w e Siyati w) Pitit ( non manman w ak papa
w) ki soti nan Bitasyon ( non Bitasyon kote manmanw ak papa w soti) Map
mande ouvèti pa pouvwa Bondye Lavi a ki mèt Tè a, Mèt Syèl la, Mèt Dlo
sale dlo dous, Mèt Van, Mèt Dife, pye bwa yo, twou wòch yo Sous yo , map
anonse tout mò bò manman m ak tout mò bò Papa m (siw konnen non mò bò
manman ak bò papa pa neglije rele yo ) sou Lobedyans Mèt Gran Chemen
Pa pouvwa Atibon Legba, Legba Katawoulo, Legba Bwa, Legba Kay, Vyé
vyé Legba, Papa Legba, legba bitasyon, Elegba, Alegba pou yo ouvri pòt pou
mwen jodia, pou asiste m, banm Limyè, klere chemen m nan tout sa map fè,
avèk asistans Bondye Lavi a ki fè Solèy Ki Klere nou Anwo a Ki fè latè
tranble, Ki fè Lanmè monte. Ki fè Loraj Gwonde.
Proteje'm nan tout sa map fè, banm Limyè e ouvè wout pou mwen pase.
Comentarios
Publicar un comentario