Lè m mouri

 Lèm (mouri)  si nou kapab rann mw sèvis pa bay pastè ni predikatè radòtè mikro pou radote sou kadav mw.😠😠 


Mw konnen yo pral fyè pou di :malerezman mw mouri san jezi , avan tou mw vle raple nou Toussaint , Dessalines , te mouri san jezi e yo te fè sa jezi patka fè libere zansèt nou yo e pèmèt plizyè lòt peyi jwenn libète.💪 


Lèm (mouri) si nou ap fè vèy mw nan sa mw mouri kite bay sa ki vle bwè kleren ,kleren ,sa ki vle bwè byè, byè, mete sa ki ap di betiz yon kote , mete sa ki pap di betiz yo yon kote , mw pat janm metem plis ni mwens ke pèsòn mw te toujou bay tout moun respè yo merite.👍

Nan antèmanm kite moun ki te konnenm tout bon  pale de mw , kite yo di kiyès mw te ye, kijan mw te fòkè, blagè , kijan mw te bon moun ou move moun, kite yo rakonte istwam kiyès mw te ye , se konsa moun ki pat konnenm pral aprann de mw si mw te yon modèl nan sosyete a ou pa, si tout fwa nou pajwenn anyen pou nou di kite Álbum barikad crew goumen pou sa ou kwèa woule , lè li rive sou mizik( jwui laviw) metel sou replay .🎶🎵 


Mw te vini mw aprann, mw te pran tan poum konprann lavi paske menm jan ak anpil nan nou mw te grandi nan sistèm esklavaj mantal la, lè mw te vin konprann lavi mw te jwui lavim toutan mw ka jwuil e se te objektif la sa , fèt (né) , grandi , aprann , repwodwui , mouri fizikman⚰️ 


Mw toujou tande anpil moun ap di lavi a kout , jodia mw nan pozisyon poum di non lavi pa kout  petèt se nou menm ki pa konn kijan pou nou profite lavi , chak minit segond ak yon fanmi zanmi , pitit pou nou di kijan nou renmen yo, nou pa pwofite de sa nou genyen men nou toujou ap lite pou sa nou pa genyen 🤷 gen 100 ane pa vledi viv lavi,  Gen sa yo rele viv lavi ,gen sa yo rele konte jou.🤷 


<<Afinal se moun yo bliye moun yo pa pale de yo pozitivman ki mouri>>

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka