Laye Marasa
Laye marasa
Yon laye marasa se yon laye ou pran kote w mete divès kalite bagay bouch manje e timoun renmen.
Men kisa w ap bezwen pou fè yon laye Marasa.
W ap bezwen ti mayi griye, ti pistach griye, ti pen, ze bouyi, chiko, ti pop kòn, ti sirèt, bonbon siwo, ti kola, kafe dous, kafe anmè, chokola, dlo sikre, ti labouyi lanmidon, labouyi farin mayi, lèt bèf bouyi, ou ka mete akasan, ou ka rache ti kokoye ou mete, tout sa yo w ap mete yo anndan laye a, tankou lòt bagay ki likid yo w ap mete yo nan resipyan w ap mete yo bò laye a.
W ap bezwen yon kui men kisa w ap mete nan kui sa: Yon ti men diri blan, yon ti men diri peyi, yon ti men mayi, pitimi, w ap depoze kui a anndan laye a kui sa rele " Kui ginen".
W ap pran yon lòt kui w ap mete ti bannan boukannen, ti patat boukannen, ti tayo, ti yanm boukannen w ap mete l sou chita nan kui a kui sa rele kui manje ginen tou.
Rezon ki fè w fè 2 kui sa yo se pou w salye tout lòt enèji ki nan anviwònman marasa.
Aprè sa w ap fè kafe dous e kafe anmè.
M ap tou ba w konsèy sa kèlkeswa sa w pral fè w ap bezwen fè lay marasa, li te mèt se dans toujou panse ak marasa yo paske yo enpòtan anpil nan vodou a malgre anpil nan nou inyore yo, yo gen anpil pouvwa.
Marasa yo se tankou timoun, depi timoun nan grangou li pa jwenn manje l ap kriye, l ap fè bri, l ap kraze brize e sesi pa gen moun ki nan kay la k ap ka alèz vre, se menm jan pou marasa yo depi yo pa jwenn manje yo ou mèt te depanse milyon touye bèf, kabrit, kochon, yo kapab gate tout sèvis sa yo e pa gen okann lwa k ap ka fè anyen pou ou depi w annafè ak marasa, paske nan tout seremoni w ap fè depi w fin salye legba se ak marasa yo w ap jwenn.
Comentarios
Publicar un comentario