Lakou ak bitasyon
Pou vodouyizan yo kisa ki yon lakou?
Yon lakou se yon espas mistik, gen sa nou kapab rele: lakou deka, lakou an li Menm se sa nou rele fanmi elaji an, li gen 2 prensip.
1: Li gen eritye" de sang" , li gen eritye pa Inisyasyon, se prensip lakou an, lakou an li Menm li genyen yon gwoup Espri, li kapab yon lakou kongo, li kapab swa yon lakou petro, li kapab swa yon lakou rada, sa vle di ke chak lakou yo Chita sou yon rit, sou yon filozofi.
Si w pa resevwa Inisyasyon, ou pa fè sèvis tèt ou pa manm lakou an ou pa pitit lakou a, ou ka zanmi lakou an, lè lakou an ap fè seremoni ou ka vini.
Men pou eritye lakou an, se pa Inisyasyon, oubyen fanmi w fè pati de lakou an, e menm si w te yon eritye de sang, fòk ou pran Inisyasyon, si w vle vin sèvi lakou an.
Diferans ant lakou ak bitasyon?
Genyen yon gran diferans ant lakou e bitasyon.
Rapidman pou nou fè diferans lan, kisa ki yon lakou?
Yon lakou se yon espas mistik, gen sa nou kapab rele: lakou deka, lakou an li Menm se sa nou rele fanmi elaji an, li gen 2 prensip.
1: Li gen eritye" de sang" , li gen eritye pa Inisyasyon, se prensip lakou an, lakou an li Menm li genyen yon gwoup Espri, li kapab yon lakou kongo, li kapab swa yon lakou petro, li kapab swa yon lakou rada, sa vle di ke chak lakou yo Chita sou yon rit, sou yon filozofi.
Si w pa resevwa Inisyasyon, ou pa fè sèvis tèt ou pa manm lakou an ou pa pitit lakou a, ou ka zanmi lakou an, lè lakou an ap fè seremoni ou ka vini.
Men pou eritye lakou an, se pa Inisyasyon, oubyen fanmi w fè pati de lakou an, e menm si w te yon eritye de sang, fòk ou pran Inisyasyon, si w vle vin sèvi lakou an.
Kounya Ann pale de bitasyon.
Bitasyon an li Menm se yon espas familyal, e sa k fè yo pale nou de bitasyon bò manman, bitasyon bò Papa.
Bitasyon an gen Yon ansanm de lwa ki ladan l,se tankou se Yon pòt.
Mwen te di lakou an li Menm li Chita sou yon rit, tandiske bitasyon an li Menm se tankou son platfòm, kote ou ka gen ni lwa petro, ni lwa rada, ou ka gen tout fanmi lwa yo, men sa nou tout dwe konprann, pou evite tout fòm decheyans, sèke bitasyon gen rapò ak yon fanmi espesyalman, gen Lwa yo, nanm yo, gad yo, yo gen rapò ak yon sèl fanmi nan koze bitasyon.
Lè Yon Moun manbo oubyen Ougan, ou ka mande l sou ki bitasyon li resevwa Apèl sa.
Sou koze bitasyon, se pa pa Inisyasyon wap kapap valide pou vin dirije Yon bitasyon.
Se Lwa nan bitasyon sa, k ap chwazi men kiyès kap gangan, men kiyès kap mambo, men kiyès yo vle pou mennen bitasyon an, ki donk nou dwe konprann nan seremoni bitasyon, se Yon Bagay nètman familyal.
Sa vle Di yon etranje paka vin nan seremoni bitasyon Lakay ou, kote w ap bay ogou balendjo Manje, pa egzanp pou etranje sa di ogou balendjo pase nan tèt li, sou ki baz, li pa manm fanmi an, sa se yon dezòd, nan fè seremoni bitasyon kote n ap bay lwa manje, epi pou se gangan etranje k ap vin bay lwa manje pou ou, gen gwo danje ladan l.
Sependan li pa pwoblèm lè se Yon dans k ap fèt nan yon lakou, paske lakou an se yon espas fanmi elaji ke li ye, depi ou son inisye, ou ka toujou touye bèt manje ak fanmi sa, paske se Inisyasyon an ki pral di w kijan lakou sa fonksyone, tandiske bitasyon an, ou gen premyèman lwa yo ki pou reklame ou, ou gen sa yo rele grandèt yo tou, ki kòmanse enstri ou à loral sou regleman bitasyon an, kote yon grandèt kapab ap di oh men tèl bagay, tèl pye bwa men ki gad ki ladan l, men tèl chanm pa janm rantre ladan l, yo ba w tout prensip yo, nan koze bitasyon ou paka nik Rete pou bon plezi w pou di w se Ougan, oubyen Manbo.
Paske se pa izin ki donnen Ougan ak Manbo, nan koze sa, epa de Moun ki pa pran daso non, gon machin kap pwodwi Ougan ak Manbo, yo sou tout rezo sosyal yo, y ap fè piblisite, yo bay pwen, regleman sakrifis, kontra lajan pou lajan, menm Moun fou sezi.
BITASYON
Kisa yon "bitasyon" ye ?
Ki enpòtans yon bitasyon pou yon "sèvitè lwa" ?
Mo "bitasyon" an sòti nan mo "abitasyon", se fason sa Peyizan yo pwononse l jouk li rive tounen yon abitid pou nou tout...
Nan vodou ayisyen an, lè n pale de "bitasyon", se yon lakou yon "grandèt" konstwi pou l kapab rete, se la li konstwi kay li, se nan lakou sa li pataje enèji l, kidonk se repozwa li... elatriye... bitasyon yon moun se kote moun nan pran "nesans".
Yon Bitasyon gen dwa konstwi "senp" oswa ak "regleman".
Lè l konstwi "senp", moun abite nan lakou a san yo pa monte "jouk lwa" ni "nich lwa", lè l monte ak "regleman" se lekontrè. Menm si grandèt yo pa t konn gen "jouk lwa" nan lakou yo, sa pa t anpeche yo toujou jete dlo, jete kafe elatriye...
Demanbre : yon demanbre se yon bitasyon abandone, yon bitasyon ki pa manbre ankò. yon bagay ki demanbre, se yon bagay ki pèdi manb li yo, li pa gen vi ankò, nan sans lakou, li pa sèvi ankò. Pou yon bitasyon ki demanbre retounen kanpe, li mande pou l remanbre.
Manje lwa nan bitasyon: gen 2 fason ou ka fè sa, si w sèvi yon mistè, li ka mande w al fè manje pou li, ou dwe respekte ala lèt tout sa l rekòmande w yo. Konsa tou san okenn mistè pa mande w anyen, ou ka deside al vibre bitasyon w, w al fè manje lèmò ou Gede..pa okipe okenn vèditè k ap di w moun pa al fè manje nan bitasyon konsa, ou fè manje nan bitasyon w lè w vle, sof si se pou mistè w ou blije respekte sa l di w yo...
Lè lwa manje : li kapab fè w wè sa nan dòmi, oswa li ba w yon bagay an retou... toujou rete atantif pou konn si lwa yo manje, paske genyen siy k ap montre w sa.
Lè w al nan bitasyon manman oubyen papa w, pou ou menm ki fèt lavil, se resouse w al resouse w, pa gen andwa sakre konsa, apre simetyè, sa ka rive ou gen menm bitasyon ak manman w ou papa w, ki vle di se nan menm lakou sa nou te fèt, oswa diferan...
Yon fèy ou kase sèlman pou fè yon " te ", deja rekonekte w ak yon pakèt "darati" nan lakou a, m pa bezwen di w, si w leve tout lakou an mete sou tèt ou 😄
Li ta meyè pou nou al viv nan bitasyon nou oubyen bitasyon abandone gran paran nou yo olye nou sèlman al vizite yo.
SA OU PA DWE FÈ NAN YON BITASYON :
- Pa antre ak Balèn make sòt kay ougan nan Bitasyon-an.
- Pa al pran pwen ni kontra epi pou antre nan Bitasyon an.
- Pa al vide wonm nan tou wòch ni kleren nan Bitasyon-an.
- Pa sòti deyò ak maji pou antre nan Bitasyon an.
TEKNIK POU ANTRE NAN YON BITASYON :
- Lè w ap sòti ou pral nan Bistasyon w lè ou pral pran bis pou ale a premye kafou ou jwen ou salye Mèt Kafou ak 3 kout kleren, di l ou prale nan bitasyon w pou l akonpanye w ba w pwoteksyon.
- Kote ou desann machin nan ou salye kafou sa, oubyen vil la, oswa komin nan ou jwenn nan ak kleren epi ou peye l ak 17 goud 50 santim, ou di «Mèt Kafou Mwen men se N..... mwen pral ....., mwen peye pou pasaj tout zansèt mwen yo, tout gad ki nan lari mwen peye pou mande pasaj ouvè pòt pou yo e mwen peye pou sa » epi ou jete 3 gout kleren.
- Epi dènye kafou avan ou rantre lakay ou a ou salye l tou ak kleren, ou di « Mèt Kafou mwen antre, mwen te anonse m ap vini, mwen peye deja mwen rasanble tout gad, tout mò, mwen rele yo nan kafou a pou yo antre avè m akonpanye m » epi ou jete 3 gout kleren.
Pou evite flid negatif lè w ap rantre nan baryè lakay, si w se fanm ou rantre ak pye gòch si w se gason w ap antre ak pye dwat.
BITASYON, DEMANBRE :
BITASYON: se rasanbleman gad familyal, se kote manman'w ak papa'w fèt.
DEMANBRE: se rasanbleman gad rasyal, se kote gran gran paran yo fèt.
Gen 2 tip Bitasyon : Bitasyon segondè ak Bitasyon prensipal.
DON :
Ougan se yon chwazi de yon bitasyon ki gen yon sèl men, ki se men dwat, li la pou'l fè byen sèlman li se yon gid pou fanmi an.
Bòkò se yon chwazi tou li travay ak 2 men gòch et dwat, don sa bay pa Mèt gran Bwa ile ki soti en Afrik ki bay li li konbat mal e li fè byen.
ASON : se yon don, yon konesans ke yon antite ba wou.
Gen twa tip Ason :
Ason Mèt Agwe, li pèmet ou fè limyè, klere pou wè, se yon ason moun nan al pran anba dlo ;
Ason Mèt Simbi Macaya, li bay konesans sou tout fèy nan bwa, moun ki gen ason sa se yon gerisè ;
Ason Mèt Loko Atyasou, Ason de la connaissance, donné aux élites du pays. Yo vi-n chèche'w lanwit mennen'w nan forè kote antite sa al ba wou'l.
SA OU DWE FÈ NAN YON BITASYON :
Kèlkeswa sa ou vle fè nan yon Bitasyon toujou asire'w ke priyè mò'w yo fèt avan (se yon pè savan ki dwe ede'w nan sa.)
Lè sa Bitasyon an reveye.
Si w'ap deplase ou pral Kay on Ougan w'ap pran yon balèn vyèj w'ap prezante'l nan kat eleman andan bitasyon-an ou pale sou li san ou pa limen'l ou di sa ou pral fè ou mande gad bitasyon'w pou yo fè Ougan wè sa'w bwezwen oubyen pou Jwen solisyon ;
Ou pa dwe pase yon ane san ou pa al nan Bitasyon'w, fòk ou al kase fèy pou beyen, epi fè liminasyon.
Comentarios
Publicar un comentario