Lakou souvnans

 Lakou Souvans Mistik fonde nan lane 1815, non moun ki te fonde lakou sa se *Jean Baptiste Bois* dit *papa Bois* lè li vin mouri pitit li *Arquelise Bois* vin pran plas li. 


Nan peryòd kanpay rejete LAKOU SOUVNANS te oblije fèmen pòt li, pou moun ki pa konnen kisa kanpay rejete a ye se yon mouvman ki te fèt nan peryòd *1939* a *1942* sou prezidan *Sténio Vincent* ak *Elie Lescot* kote leta te mete ak legliz pou pèsekite vodouyizan touye ougan ak manbo boule kay lwa yo koupe yon seri gwo pye bwa sou pretèks yo gen dyab ladan yo,yon mouvman ki gen gwo konsekans sou ekoloji peyi nou jounen jodia. 


An *1940 Bien-aimé Fils*  pran kòn lakou aprè 50 ans li tap sèvi kominote a swa nn lane *1990* a *94 ans* li mouri depi lè sa se pitit li *Jean Georges Bien-Aimé* ki ranplase'l ki pran tèt lakou a. 


LAKOU SOUVNANS twouve'l nan Gonayiv nan depatman latibonit,menn jan ak Lakou Soukri epi Lakou Badjo se youn nan sit seremoni Vodou ki konte pami sa ki pi ansyen yo,rityèl vodouyizan pratike nan LAKOU SOUVMANS se rityèl ki te konn fèt depi an *1790* . 


Lakou sa ransanble ayisyen tankou etranje,nan peryòd paskal la se nan jan vodouyizan yo respekte fason rityèl Dahoméen yo te konn fèt ki bay LAKOU SOUVNANS tout patikilarite'l yo. 


Seremoni yo kòmanse Vendredi sen, premye jou a yo toujou komanse ak salitasyon bann rara yo nan aprè midi,nan aswè yo gen yon seremoni ki rele veye bondye ke yon pè savann anime.. 


Samdi matin yo dekokre SOBA a, a 7h yo sonnen klòch pou festivite yo kòmnse, premye seremoni sa fèt nan SOBA a,SOBA a se yon espas sakre ki rezève pou moun ki inisye nan Vodou selman,seremoni sa pa fèt ak tanbou, aprè 2 ou 3 èd tan yo antre nan ONFÒ a kote kout tanbou mare san kanpe se la tout moun ap kase kò yo sou son Yanvalou, Petwo,Nago ak tout lòt rit nou konnen yo apresa yo fè yon seremoni pou Legba pandan 3èd tan konsa, apresa yo pral kontinye nan yon lòt espas jiska 2 zè nan matin. 


Dimanch a 5è nan matin seremoni wouj la kòmanse nan seremoni sa sèvitè yo sakrifyr 3 kabrit ak yon mouton,anndan SOBA a yo danse ak bèt sa yo sou zepòl yo lè yo fin touye yo apresa yo ale nan yon chanm ki rele Zanmadòn kote yo sakrifye 2 lòt kabrit, nan jou sa yo fè seremoni ki rele manje lwa pou yo ka bay lwa manje, lwa yo resevwa nan jou sa se Ayizan, papa Loko, papa Ogou, Zanmadòn, aprè yo al benyen nan basen Mas Atchasou aprè tout hunsi ale nan DOVÒ a pou yon lòt seremoni epi yo mete koulè cho mouchwa tout koulè… 


Lundi soti 6zè nan maten rive 5è nan aprè midi se déroule la cérémonie de papa Lisa pou tout jounen e fè laprè midi avan 6 è pm sosyete a ap sòti nan Mapou kay Papa Lisa pouw retounen anba peristil pa pou bèl Vodou tout nan  nwit… 


Madi yo fè seremoni danse Asòtò, ASÒTÒ se pi gwo tanbou sakre ki egziste nan tradisyon Dahomey a _le tambour Asòtò est à la fois instrument de musique médium de communication avec les loas et une divinité lui_ 


Mèkredi se jou Tchovi yo, yo fè yon seremoni ki rele manje timoun tout pitit kay yo ap chante danse jwe tanbou  pou onore spesyalman lwa Marasa… 


Jedi maten se seremoni koupe gato pou yo ka fete reyisit seremoni yo, nan aswè yo prepare yon dlo fèy bay chak pitit kay pote lakay yo,dlo sa se dlo yo pral itilize pou pwoteksyon pou tèt yo ak fanmi yo. 


Vandredi yo fè bilan, gwo bain mistik ak lòdjans epi klotire tout bagay. 


LAKOU SOUVNANS se yon espas familyal kote yap transmèt tradisyon zansèt nou yo de jenerasyon an jenerasyon 

Se avèk anpil plezi pou'm te rakonte'w istwa lakou sa, chache konn kote'n sòti… 


🎶anye eya n Dawonmen…🎶 


🎶savalu huntò savalu Adja-hunto… agbo node eya savalu…🎶 


🎶Deka Deka sa kap kinbe…🎶 


🎶Gbadè vini wè Sogbo rive… kot sa yo pote…🎶 


🎶Gen yon tan papa Lisa ya sonje…panyen kouvri panyen… Papa Lisa gen yon tan ya sonje dantan yo…🎶 


Abobo Abobo Aboboye Vodou Djohoun yo…

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka