Kouzen zaka

 Lwa Kouzen Zaka. 


Lwa kouzen Zaka jwe yon gwo wòl enpòtan nan panteyon vodou ayisyen an, sa vle di li jwe yon gwo wòl ki primòdyal nan tradisyon zansèt nou yo. Nan peyi Dayiti se lwa sa yo bay responsab koze agrikilti,  ki vle di se li ki jere koze latè. Se li ki bay manje nan peyi a nan kesyon jaden yo, li se chèf semana ak rekòt yo. KI VLE . 


Azaka se li ki minis agrikilti, enèji sa kwè nan kiltivasyon ak elvaj anpil e li abite nan jaden yo, jaden yo se kay lwa sa. Lwa sa trè jantiy e saj lè li vini, tout moun renmen l e rèspèkte l' kòm yon brav travayè ki gen anpil fòs ak kouraj pou travay latè, pou bay vodouvi yo manje. 


Nan manifestasyon l djakout li toujou sou do l' ak kouto digo (Sèpèt) li, li toujou mete pantalon ble digo l' ak chemiz karabela. Epi chapo pay li nan tèt li, pye atè, foula l nan kou l gwo bout kachimbo l' nan dyòl li. 


Lwa sa lè l'ap vini sou yon eritye w'ap wè moun sa ap kòmanse grate pye l anpil, li p'ap gen kote pou l chita e mete kò l. Yo konn rele li ak bwa pen limen epi boutèy absent li (yon fèy). Lè lwa sa antre ou dwe abiye an jòn e ble oubyen ble e vèt selon regleman lakou k'ap travay la. Ou dwe ba li tout abiman li kòm sa dwa, epi touse pye pantalon li. Epi pou lwa sa kòmanse dayi. 


Yon fanmi ki gen lwa sa, nan lakou ou sou bitasyon lakay li kòm lwa danti fanmi an, w'ap wè fanmi sa yo renmen travay anpil, yo renmen fè bisniz, fè jaden, elatriye. Lwa sa se yon bèl enèji tou ki kwè nan fòmasyon ak edikasyon. 


GEN MAKOUT GEN DJAKOUT CHAK SE YON BAGAY DIFERAN YO YE. 


1-MAKOUT SE POU LWA LEGBA YO

2-DJAKOUT SE POU LWA ESKÒT ZAKA🌽 YO OK MAKE SA YON KOTE 


⭕GEN MOUN KI TOUJOU AP DI LWA ZAKA SE YON LWA KI VÒLÈ, ESKE VRE MEZANMI KOZE SA. MWEN PÈSONÈLMAN MAP DI SE MANTI PASKE YON LWA SE YON ENÈJI KI TRÈ SIBTIL LI YE OUBYEN YON PRENSIP INIVÈSÈL KI ETABLI NAN ESPAS TAN LAVI A, SA VLE DI LI PAP JANM VÒLÈ LI PA YON MOUN SE YON LWA LI YE. LWA PA KONN PRAN SAK PA POU YO TANDE SISPANN AK KOZE SA. KE LWA ZAKA KONN VÒLE BAGAY MOUN NAN KAY. 


🔵SI YON MOUN GEN YON BIZNIS OU KA FÈL MACHE AVEK ENÈJI LWA SA. LAP EDEW JERE E METE PRENSIP NAN BIZNIS SA E WAP VANN CHAK JOU WAP RANTRE KÒB. MEN FÒK OU SWIV REGLEMAN LI YO JAN SA YE A. 


⭕NAN TRADISYON ZANSÈT NOU YO KISE VODOU_AYISYÈN💧💧💧 AN YO DI KOUZEN SE FRÈ GEDE NIBO SOU LE PLAN ESPIRIYÉL E SE SAK FÈ GEDE YO TOUJOU FÈ APARISYON YO NAN SEREMONI KOUZEN YO. MEDE GEN YON GWO KONÈKSYON AVEK LANATI🌳, SE YON GWO DOKTÈ FÈY TOU SA NOU RELE GERISÈ A. LI SE YON LWA KI POTE ANPIL PWOFI POU MOUN KI KONN REGLEMAN LI YO, LI PA YON LWA KI KONPLIKE PASE SA. TOUT MANJE KI SOTI NAN TÈ SE KOUZEN ZAKA KI JERE DOSYÈ SA OK 


🆘⛔POU KATOLIK WONGATÈ YO KI TOUJOU AP DI SEN IZIDÒ SE LWA ZAKA LI YE,  MAP DI NOU SISPANN AVEK JAN DE PRATIK SA YO. PAKSE YON SEN SE YON MOUN KITE MOURI ANNDAN LEGLIZ KI TAP SÈVI KOMINOTE'L LA VATIKAN PRAN LI YÒ KANONIZE'L YO FÈL VINN SEN NAN LEGLIZ YO.  NOU WÈ SE 2 BAGAY DIFERAN YO YE. YON LWA SE YON ENÈJI SIBTIL LI YE.  SA VLE DI YON LWA PAP JANM SEN SOU OKENN BAZ LA. ANN SISPANN DI BAGAY SA NAN VODOU A AK SEN TÈL LWA X LA. LWA SE VÈVÈ LI GENYEN. LI PA GEN IMAJBONDYE BLAN YO OK 


🔵GEN ANPIL LWA NAN FANMI ZAKA YO. YON PLIS PASE 21 SELON ZÒN YO. GEN MOUN KI DI JOU VANDREDI SE JOU LWA SA. POU MWEN TOUT JOU SE JOU LWA YO KE YO YE NAN PEYI A.  SONJE LWA ZAKA BAY ANPIL RICHÈZ SE LI KI JERE KESYON ELVAJ AK AGRIKILTI. ANN AL METE BAGAY NAN TÈ YO POUN KA METE MANJE NAN VANT NOU AK LAJAN NAN PÒCH NOU. 


⭕REGLEMAN LWA ZAKA🌽: PA POUVWA MINIS AZAKA MEDE, NÈG MONTAY LAVOUT. NÈG NAN MÒNN,  NÉG KWESI MAYANMAN, NÈG KWESI MANYAN,  NÉG AWOUMBLA VODOU'N,  NÈG AZAKASI, NÈG AZAKASI, NÈG AZAKALA,  NÈG AZAKA TONÈ, NÈG ZAKA GWELIYE. NÈG ZAKA KRIB, NÈG SÈPÈT, NÈG WOU NAN DO, NÈG PIKWA NAN MEN. ALASOO MINIS SO. 


🎼🎤🎵🎶🎼🎤🎵🎶🥁🎙🎶🎵🎼

           CHAN KOUZEN ZAKA🌽

                                #-1 


BONSWA KOUZEN, BONSWA KOUZEN O AYAYAYYY KOUZEN (2FWA) 


JAN YO WÈM NAN KONSA MWEN DANJERE. (2FWA) 


                             #- 2

KOUZEN O WA BAN MWEN KOURAJ O POUM KA REGLE ZAFÈ'M (2FWA) 


LAFANMI PA VLE WÈ'M KI DIRE ETRANJE (2FWA) 


KOUZEN O WA BAN MWEN KOURAJ O POUM KA REGLE ZAFEM. (2FWA) 


VIV LWA ZAKA

VIV AGRIKILTI AK ELVAJ

VIV TRAVAY LATÈ

VIV MANJE NAN TÈ

VIV VODOU AYISYÈN AN

VIV LWA, VIV GAD, VIV PWEN AN, VIV LAVI A. 


🔛ZANMI, FANMI'M TOUJOU LIMINEN POU LWA KOUZEN ZAKA OU TANDE.  MANDEL POUL VINN REGLE ZAFÈW OK


Sa vle di li pa nan jwèt ak kesyon sa. Lwa sa ka ede yon ti moun travay ase trè byen lekòl, w'ap wè rezilta ti moun sa ap bay. Yon moun ki sèvi lwa sa ou dwe toujou gen yon djakout lakay ou ak boutèy li epi mouchwa li yo ak regleman l yo.


Kouzen zaka 


Se yn lwa  ki renmen tout Moun ki gen bon pawòl 

Moun ki gen wi ak non Moun ki granmoun tout bon vre. 


Lwa sa kapab ede nou règle tout afè nou se yn lwa ki renmen lwanj tankou sal fè pou nou pa janm pè pale de sa .

Youn nan pi gwo responsablite kouzen se ede travay pou edew prospérité Sa nou dwe posede.

Kouzen zaka renmen ba nou  plis men se lè nous  rete rekonesans ak li se yn lwa ki granmoun jouk nan zo li sa vle li renmen fidèlite.

Lwa sa se yn lwa ki renmen provèb tipa tipa nap rive a

Depi mw te Jenn bway map grandi li te souvan répète pawol sa nan tèt papa mw. 


           Bagay ki pi bèl nan lwa 


Pafwa nou ka promèt li yn koze ou pa balil ebyen karemen lap paret fas ak nou poul di nou dwel 

Konsa tou li kon anvi ede yn Moun viv tankou moun sou ti bòt tè sa li jis moutre nou chimiz li chiri oubyen kanson li sal konsa tou li ka moutre nou yn ralfò konsa yn vye chapo pay. 


                   Resilta 


Se jis achte yo sou non li sou dòmi reve a épi deposel la konpletman na wè kichòy 

Se fason sa yo chita fè manti sou nou Di nou gen move diab poutan lwa ginen nou yo wi ki move konsa. 


                 Konsèy souple

Règle koze lwa nou yo pou kondisyon lavi nou ka amélioré 

Menm jan lwa pa janm sispann travay se konsa tou nou menm nou la pou edew apran eksplate bonté lwa yo gen nan yo pou nou.


    Alaso kouzen ak kouzin mw yo nan non zaka

Pa bay lwa yo manti promèt yo sa yo wew ka fè pou yo f menm pip la apre Saw ofril la wap wè Saw dwe wè.


Kouzen zaka 


C yon lwa ki soti nan nan peyi benin ansyen dahomey presizeman nan tribi savalou. 


Zaka c yon lwa ki renmen travay c li ki minis agrikilti ak direkte ekonomi peyi epi minis edikasyon peyi a 


Zaka toujou ak yon blouz ble sou li  pantalonw toujou touse jis nan jenoul  li toujou pye ate ak yon pip nan nan bouch li ak yon djakout ki fet ak latanye ak nan dol kouto digo nan menl. 


Nan vodou senkretiz yo idantifyel ak saint isidore oubyen sainte charles boromee. 


Kouzen toujou sk chapo pay li nan tet. 


Chak vodouivi dwe gen djakout zaka li paske c yon lwa ki ede nan bizniss nan gadinay nan jaden. 


Nan skot zaka ki soti nan lwa rada yo: 


Kouzen zaka

Minis zaka

Zaka krib

Zaka tone ki c dye loray

Odon zaka

Zaka mazoko

Zoko mazaka 

LWA ZAKA 


1- MINIST ZAKA

2- AZAKALA 

3- KOUZEN ZAKA

4- MANBO ZAKAZYA

5- OLISHA WOKO 

6 ZAKA GWELI 

7- ZAKA KWESIMANYAN

8- ZAKA KRIB 

9- KOUZEN ZAKA MEDE

10- ZAKA MANNOU MEDE

11- ZAKA TONÈ

12- ZAKA KOU


Men kisa pou met nan djakout zaka: 


Mayi griye pistach griye yon bobori kasav pen ananas kann kokoye ak lot fri yo manje u dwe mete yon ti siro kann epi fe boutey lanni pouli ak boutey piman minis la. 


Li bn si wap fe komes pou evite minis avew tpujou met kob nan djakout li fe kontra avel .

Mete pip mete tsbak nan makout pa mete alimet poul k travay poul ht alimet 


Zaka manje kabrit li manje tout manje late li manje diri tou .

Tout pa manje nan menm veso zaka krib manje nan yon krib. Li bwe nan boutey lanni li oubyen u bal kleren gen de bitasyon li bwe rhum 


U k moite yon ti makout pou kouzin tou u k mare plizye mouchwa nan djakout minis  

Blan vèt rouj ble elatriye.

        Priyè zaka

Limen balen vèt oubyen lanp luil doliv ou jou vandredi sevi ak yon rhum bitasyon. 


Kouzen zaka mede

Men frew ki vinn kotew mw bezwen pou ede mw viv tankou moun sou latè pandan ti bput tan mw map viv la mete mw sou proteksyon u paske mw konnen yon pye bwa pa k pouse ni donnen san rasin minis la.

Mw mandew mache ak mw nan tout sa map regle nan vi mw  jaden gadinay komes bizniss pwoteksyon mw mande pwoteje pawol sa mw adresew kont tout move santiman ogey fe wè jalouzi reziyans elatriye

Mouche zaka mede neg awonbla vodou kouzen zaka odon zaka yonbo neg zakasi zaka tone zaka mazoko zoko mazaka zakrib 

Alaso alaso alaso 

Minis. 


Zaka pran fom yon ti leza bet nu rele soud la

Kouzen zaka 


C yon lwa ki soti nan nan peyi benin ansyen dahomey presizeman nan tribi savalou. 


Zaka c yon lwa ki renmen travay c li ki minis agrikilti ak direkte ekonomi peyi epi minis edikasyon peyi a 


Zaka toujou ak yon blouz ble sou li  pantalonw toujou touse jis nan jenoul  li toujou pye ate ak yon pip nan nan bouch li ak yon djakout ki fet ak latanye ak nan dol kouto digo nan menl. 


Nan vodou senkretiz yo idantifyel ak saint isidore oubyen sainte charles boromee.



Kouzen toujou sk chapo pay li nan tet. 


Chak vodouivi dwe gen djakout zaka li paske c yon lwa ki ede nan bizniss nan gadinay nan jaden. 


Nan skot zaka ki soti nan lwa rada yo:



Kouzen zaka

Minis zaka

Zaka krib

Zaka tone ki c dye loray

Odon zaka

Zaka mazoko

Zoko mazaka 


Men kisa pou met nan djakout zaka: 


Mayi griye pistach griye yon bobori kasav pen ananas kann kokoye ak lot fri yo manje u dwe mete yon ti siro kann epi fe boutey lanni pouli ak boutey piman minis la. 


Li bn si wap fe komes pou evite minis avew tpujou met kob nan djakout li fe kontra avel .

Mete pip mete tsbak nan makout pa mete alimet poul k travay poul ht alimet


Minis. 


Zaka pran fom yon ti leza bet nu rele soud la

Zaka manje kabrit li manje tout manje late li manje diri tou .

Tout pa manje nan menm veso zaka krib manje nan yon krib. Li bwe nan boutey lanni li oubyen u bal kleren gen de bitasyon li bwe rhum 


U k moite yon ti makout pou kouzin tou u k mare plizye mouchwa nan djakout minis  

Blan vèt rouj ble elatriye.


Kouzen zaka


Se yn lwa  ki renmen tout Moun ki gen bon pawòl Moun ki gen wi ak non Moun ki granmoun tout bon vre.

Lwa sa kapab ede nou règle tout afè nou se yn lwa ki renmen lwanj tankou sal fè pou nou pa janm pè pale de sa .
Youn nan pi gwo responsablite kouzen se ede travay pou edew prospérité Sa nou dwe posede.

Kouzen zaka renmen ba nou  plis men se lè nous  rete rekonesans ak li se yn lwa ki granmoun jouk nan zo li sa vle li renmen fidèlite.

Lwa sa se yn lwa ki renmen provèb tipa tipa nap rive a
Depi mw te Jenn bway map grandi li te souvan répète pawol sa nan tèt papa mw.

           Bagay ki pi bèl nan lwa

Pafwa nou ka promèt li yn koze ou pa balil ebyen karemen lap paret fas ak nou poul di nou dwel
Konsa tou li kon anvi ede yn Moun viv tankou moun sou ti bòt tè sa li jis moutre nou chimiz li chiri oubyen kanson li sal konsa tou li ka moutre nou yn ralfò konsa yn vye chapo pay.

                   Resilta

Se jis achte yo sou non li sou dòmi reve a épi deposel la konpletman na wè kichòy
Se fason sa yo chita fè manti sou nou Di nou gen move diab poutan lwa ginen nou yo wi ki move konsa.

                 Konsèy souple
Règle koze lwa nou yo pou kondisyon lavi nou ka amélioré
Menm jan lwa pa janm sispann travay se konsa tou nou menm nou la pou edew apran eksplate bonté lwa yo gen nan yo pou nou.

    Alaso kouzen ak kouzin mw yo nan non zaka
Pa bay lwa yo manti promèt yo sa yo wew ka fè pou yo
Siw paka bal yn diakout ranpli ak regleman li ebyen jis bal menm pip la apre Saw ofril la wap wè Saw dwe wèFe Yon pomad Avek tabak poud kafe épi lwil maskreti konpoze sou alejie anMe saw pat konnen an... Lèw fin lil patajel wa sove anpil vi...

Me sa w dwe konnen sou Kouzen , San nou pa bliyé chak zòn sèvi fason pa yo , et Loa ka palé avew tou pou li diw sa l vlé a mandél , mandé granmoun la kou yo , si ou konn kozé ak fanmi ansyen yo al cheché pawòl nan bouch yo , mw mandé mw Chèché konnin , paske makout konnin pa janm plen et visité lakou yo lew kapab , palé ak moun yo agrandi konesans ou , 

Zaka*  Enèji Kouzen Zaka vibre sou kat eleman yo( 🌬️🔥🌊🌑) Azaka Mede••• Latè🌑 Azaka Toner•••Dife🔥 azaka Krib••• van🌬️ Azaka Gweli••• dlo🌊 Chaje djakout kouzen an depann de chak bitasyon.  

Men nap eseye baw kek bgy ou ka mete nan djakout la:  • yon mouchwa vè pou w mare nan djakout la • Pen •kasav •bonbon siwo •wowoli •yon pake bwa pen •diri (tou piti)  •mayi( tou piti)  •yon pake tabak •yon pip • balèn , boutèy li oua mandé konnin yo koman boutèy la fèt alaso

Si pa gen abitan pap gen lamanjay.,
E si pa gen lamanjay nap lejè kou pay.
On abitan se poto mitan nan kesyon travay ak lamanjay, ebyen se sa prensip zaka moutre nou . 

  zaka 

Zaka oswa azaka se tout on fanmi, ladan wap jwenn plizyè ki pote non tankou kouzen zaka, zaka mede elatriye 
Yo gen dans yo, Rad yo Ak estil ki pou idantifye yo. 

Azaka se enèji latè, travay, edikasyon ak lasante,
Paske pami yo wap jwenn minis, medsen, 
Agrikiltè ak komèsan elatriye. 

Zaka oswa azaka se fanmi ki renmen komès anpil, se sak fè nan kèk bitasyon olye yo Di fèt oubyen dans kouzen yo pito Di mache kouzen, 

Nan mache kouzen wap jwenn tout kalte manje latè bay tankou (Mango, zaboka, anana, kann elatriye) 

Lwa zaka yo renmen fimen tabak nan pip anpil, 
Jou :  vendredi selon lakouw oubyen bitasyonw 
Bweson : kleren tranpe (lanni ak kèk lot ankò) selon bitasyon oubyen lakouw 
Rad : gwo ble (abako ) rad karabela chapo pay 
Zouti : ralfo (djakout) pip manchèt kouto digo (sèpèt) baton
Koulè : vèt, Jòn , ble selon bitasyon an
Yo akonpanye ogou feray ak dantò souvan 

Nan manifestasyon l djakout li toujou sou do l' ak kouto digo (Sèpèt) li, li toujou mete pantalon ble digo l' ak chemiz karabela. Epi chapo pay li nan tèt li, pye atè, foula l nan kou l pip li nan dyòl li. 

Lwa sa lè l'ap vini sou yon eritye w'ap wè moun sa ap kòmanse grate pye l anpil, li p'ap gen kote pou l chita e mete kò l. 
Yo konn rele li ak bwa pen limen epi boutèy absent li (yon fèy). 
Lè lwa sa antre ou dwe abiye li an jòn e ble oubyen ble e vèt selon regleman lakou k'ap travay la. 
Ou dwe ba li tout abiman li kòm sa dwa, epi touse pye pantalon li. Epi pou lwa sa kòmanse dayi. 

Zaka aprann nou renmen travay, zaka aprann nou renmen pye bwa renmen latè.
Si nap suiv prensip zaka nou pap koupe pye bwa nan tèt sous yo, nou pap fè bezwen nou nenpòt kote nan Nati an e nou ap renmen biznis nap renmen travay. 

Zaka pa vòlò zaka pran nan men moun ki dwel poul bay moun kap travay ak li.
Ou ka ofril Laye, 
nan Laye sa wap mete mayi ak pistach griye, bonbon siwo, kasav elatriye tankou Laye marasa.
Li manje tchaka m'en selon bitasyon an 

Zaka renmen ede moun nan zafè komès 
Li pran plezil nan sa
Li ede abitan yo anpil 

Yon fanmi ki gen lwa sa nan lakou ou sou bitasyon lakay li kòm lwa danti fanmi an, w'ap wè fanmi sa yo renmen travay anpil, yo renmen fè bisniz, fè jaden, elatriye. 
Lwa sa se yon bèl enèji tou ki kwè nan fòmasyon ak edikasyon. 

Sa vle di li pa nan jwèt ak kesyon sa. Lwa sa ka ede yon ti moun travay ase trè byen lekòl, w'ap wè rezilta ti moun sa ap bay. Yon moun ki sèvi lwa sa ou dwe toujou gen yon djakout lakay ou ak boutèy li epi mouchwa li yo ak regleman l yo. 

Gen makout gen djakout chak se yon bagay diferan. 

•Makout se pou lwa legba yo. 
•Djakout se pou eskòt Zaka yo.
Alaso kouzen
Alaso kouzin
Ebyen minis Zaka méde ayizan èzili dantò sou ti bout tè sa nap viv se kèk nan  rasin nou si nou ta vrèman vle viv tankou moun tout bon vre ebyen iniorans dwe rete a kote. 

      Minis Zaka méde  di nou se pou nou travay fè komès ak elvaj ak sa ap toujou gen lavi pou nou. 

         Men kèk limyè sou rèv nou yo 

       Men kèk réyalite nan fason lwa sa kon ofril nou kèk bagay tankou lèw ap travèse yn moman difisil .


Wap toujou wè enègi lwa sa pran vizaj yn moun ki renmen travay vin ofri ou nenpot bagay tankou sa yo. 

            Anana kann joumou patat mayi ak kèk lòt bagay ki prodwi nan tè. 

Lè lwa sa  vle nou  fè bèl siksè wap wè souvan gwo bèf kochon kabrit ak lòt bèt ankò wap pran swen yo. 

Kèk fwa lwa longe makout ki nan dol la ba nou ebyen li vle di men sak pou nou sere richès nou fè ak li nan dòmèn biznis elvaj ak kiltive latè vye nèg mw Pio konnen koze sa map di nou la. 

Aproch lwa sa anpil 

Pou ou menm ki vle fè yn demande  ak lwa bitasyon ou spesyalman minis zaka mede ki se patron anpil nan Nou . 

Nou konnenm lwa sa ki rele minis zaka mede a bay anpil kob se Pou tèt  sa gwo mesye antreprenè yo sévi ak  li . 

MW menm mw wete chapo mw nan tet mw e mw di alaso Pou ou frem. 

Bon Men ki Jan ou dwe moute yn lanp Pou lwa sa baw kob ou vle a. 

               Matériel 

3balèn 

Yn vêt
Yn blan 
Yn blé. 

Kom se kouzen Nou sèvi ak fanm sa yo ki mache AK l
Dantò epi ayizan. 

Toujou sonje trase vèvè lwa yo 

Yn  melon  oubyen yn joumou 

         Pou komanse
Wap pran 3 balèn yo presante yo béni yo epi fè demand ou sou yo 

Trase yn bèl triyang mete chak balèn yo nan yn pwent triyang lan. 

Mete balèn vèt la nan tet triyang la.
Ble a gouch blan a dwat.
  
         Nou konprannnnnn 

Fann Melon an retiré ma andan li poul vin tankou yn bòl oubyen yn kwi
Mete li chita andan triyang la vide lwil ladann fè 1 ou 3 mech mete ladan epi lage 3 biyè lajan ki diferan peyi ladann. 

pi bèl konsey mw gen Pou tout Moun. 

Pou rete Kom yn bon vodouyizanm tout bon vre. 

              Konsey 

Toujou chache propte tèt ou. 

Pa janm neglije kotew soti oubyen kotew te fet la 

Toujou viv an amonisasyon AK lanati. 

Toujou chache konprann mesaj lwa  yo 

Pa janm neglije misyon lwa yo baw fé a 

Toujou rete e aji pozitif e rete konekte ak ènegi ki nan antouraj ou yo. 

Liminen souvan pou ka ret konekte ak les  yo.
Alaso pou minis kouzen zaka mede an.
Minis zaka  mede se chef tout eskot zaka yo depi nou palew de eskòt ou deja wè se yn ansanm.
yo ampil.
Map site yo pou ou.
Takou eskot la genyen
Minis zaka mede 
Zaka awombla
Odan zaka yombo
Zakasi zakala zaka krib zaka tonnè. 

Yo di alaso an salitasyon pou lwa sa yo. 

Chak divinite sa yo ki nan eskot la gen yn gwo wol nan tradisyon vodou an. 

        . ..yn gren ekzamp 

Minis kouzen zaka mede se patron tout biznisman travayè latè peyizan kap fè elvaj
Ampil gran antreprenè asosye biznis yo tou ak minis la se pa pou san rezon nan tout mond la chak peyiod premye (mai) ou wè se gran fèt nan agrikilti a .
Se bèl moman yo ekspoze sou bèl tab ampil bèl fri pou minis la nan non tout eskot yo. 

Lwa sa se yn gwo lwa e yn bon lwa li ede malere ak malerez . 

Li renmen travay ampil li pa janm manke manje lakay li .
Fanm renmen li e plase ak li pou rezon sa.
Lè yn fanm kitel li di zafè demen yn lot ap vin jwen li.
Li pa fè magi pou fanm. 

Pi gwo bagay ou dwe konnen .
Jou zaka yo se mèkredi vandredi ak samdi.
Lè wap adrese li limen balèn vèt pote mouchwa vèt rouj li renmen plisyè koulè. 

Li renmen tyaka tankou nan ofrand li.
Li fimen ampil tabak li bwè kleren . 

Ou.menm ki ap mache ak li youn nan regleman li pou asire lakay li se makout ak tout regleman li andan li .
Li fimen nan pip tou.
Toujou mete pwa pen nan makout la li sèvi ak li pou ampil bagay. 

Li pret poul tandew lew fè lamp pou li tankou nan nenpot plant ki donnen nan jaden.
Kokoye
Joumou
Zaboka
Anana
Elatriye. 

Se neg ki pa janm pèdi pose mezanmi wadèvè problèm ou jis metel ladann mandel edew wap sezi wè sak kap rive. 

Pou ou menm ki gen difikitel pou travay kelkeswa kotew ye fè regleman sa aprew fin ranje kozew ou. 

Debloke tèt ou dabò 
Pran beny ou nomal . 

      

         Regleman pou jwen travay. 

Premyeman wap pran 7 ou 9 balèn ou prale nan yn simityè wap limen yo pa devan mèt bawon pale koze ou mande bawon pasaj epi kite 7 ou 9 balèn nan limen pran 3 ki te deja devan bawon an. 

Pran yo sou kondisyon kote wap made bawon pou tout mò ki nan simityè a edew trouve yn travay prese prese san pèdi tan.
Se garanti mezanmi aplike kwayans ak bon jan lafwa. 

2eme regleman
Wap bezwen 2 balèn  koulè vèt.
Youn koulè blan
Ak yn biyè lajan peyi kote wap viv la. 

Wap trase yn triyang 

Mete balèn blan nan tèt triyang la epi vèt yo nan pati amba. 

Mete pyes lajan nan mitan triyang la.
Wap limen balèn blan wap jis di pou balen sa pote bonè tankou lajan pou ou . 

Epi padan wap limen koulè vèt yo wap jis di pou koulè vèt sa pote posperite tankou travay pou ou.
Epi sa wap gen pou fè pou fini wap fikse tout 3 balèn yo ki limen an .
Epi wap panse koman ou ta vle ye nan vi ou ki jan de bonè wap tann.
Oksève balèn yo ak ampil kiriozite pandan 20 minit yo konsa .

Rit matinik djouba. 

Lwa zaka souvan  asosye ak rit banda-gede zaka oswa "aka" senbolize travay sitou travay  agrikol  mo djouba vle di "reverans" yon nan dans li yo sanble ak  kwadril la. 

Rad:gwo ble (abako souvan  bwode) 

Manje: "tchaka oswa mayi kase konglomera nan divès  kalite manje ki baze sou mayi ak pwa wouj ki gen rapo ak zaga (wa) nan konem? . 

Lwa zaka yo
Azaka la
Azaka manou mede 
Azaka tone
Kouzen zaka
Minis zaka
Olisha loko
Zaka
Zaka gweli
Zaka krib 

Kouzen zaka 

Se yn lwa  ki renmen tout Moun ki gen bon pawòl. Moun ki gen wi ak non Moun ki granmoun tout bon vre. 

Lwa sa kapab ede nou règle tout afè nou, se yn lwa ki renmen lwanj tankou sal fè pou nou pa janm pè pale de sa . Youn nan pi gwo responsablite kouzen se ede travay pou edew prospérité Sa nou dwe posede. Kouzen zaka renmen ba nou  plis men se lè nous  rete rekonesan ak li se yn lwa ki granmoun jouk nan zo li sa vle li renmen fidèlite. 

Lwa sa se yn lwa ki renmen provèb tipa tipa nap rive a. Depi mw te Jenn  map grandi li te souvan répète pawol sa nan tèt papa mw. 

           Bagay ki pi bèl nan lwa sa. 

Pafwa nou ka promèt li yn koze ou pa balil ebyen karemen lap paret fas ak nou poul di nou dwel . Konsa tou li kon anvi ede yn Moun viv tankou moun sou ti bout tè sa li jis moutre nou chimiz li chiri oubyen kanson li sal konsa tou li ka moutre nou yn ralfò konsa yn vye chapo pay. 

                   Rezilta 

Se jis achte yo sou non li sou dòmi reve a épi depoze l la konpletman na wè kichòy. Se fason sa yo chita fè manti sou nou Di nou gen move diab poutan lwa ginen nou yo wi ki move konsa. 

                 Konsèy souple
Règle koze lwa nou yo pou kondisyon lavi nou ka amélioré. Menm jan lwa pa janm sispann travay se konsa tou nou menm nou la pou edew apran eksplate bonté lwa yo gen nan yo pou nou. 

Pa bay lwa yo manti promèt yo sa yo wew ka fè pou yo. Siw paka bal yn diakout ranpli ak regleman li ebyen jis bal menm pip la apre Saw ofril la wap wè Saw dwe wèLwa Zaka 

Si yon moun gen yon bisniz ou ka fèl mache ak enèji lwa sa.  L'ap ede w jere e mete prensip nan bisniz sa e w'ap vann chak jou w'ap rantre kòb. Men fòk ou swiv regleman li yo. 

Nan tradisyon zansèt nou yo ki se vodou ayisyen an yo di kouzen zaka se frè Gede Nibo sou le plan spirityèl e se sa k' fè Gede yo toujou fè aparisyon yo nan seremoni kouzen yo. Mede gen yon gwo koneksyon avèk lanati, se yon gwo doktè fèy tou sa nou rele gerisè a. Li se yon lwa ki pote anpil pwofi tou pou moun ki konn regleman li yo, li pa yon lwa ki konplike pase sa. Tout manje ki soti nan tè se kouzen Zaka ki jere dosye sa ok. 

NB: Se 2 bagay diferan ant bay kouzen manje e monte djakout kouzen, ou kapab monte djakout pou kouzen epi l mande w manje.Regleman Lwa Zaka. 

Pa pouvwa minis Azaka Mede. 

Nèg nan mòn. 
Nèg montay lavout. 
Nèg kwesi mayanman.
Nèg kwesi manyan. 
Nèg Awoumbla vodou. 
Nèg Azakasi.
Nèg Azakala. 
Nèg Azaka tonè. 
Nèg zaka gweliye. 
Nèg Zaka Krib.
Nèg sèpèt. 
Nèg wou nan do.
Nèg pikwa nan men. 

Alaso minis so.LWA ZAKA* 

1- MINIST ZAKA
2- AZAKALA 
3- KOUZEN ZAKA
4- MANBO ZAKAZYA
5- OLISHA WOKO 
6 ZAKA GWELI 
7- ZAKA KWESIMANYAN
8- ZAKA KRIB 
9- KOUZEN ZAKA MEDE
10- ZAKA MANNOU MEDE
11- ZAKA

Kisa ki makout zaka


Skot lwa zaka c yon skot lwa responsab tankou yon papa li pote djakout paske li c yon kiltivatè c ak djakout poul pot rekolt. 

Nan djakout zaka u jwenn kasav,pistach mayi griye u met sirop kann u met kann u met kasav u met bobori u mete anana u mete pip u k mete yon boutey zo devan nan djakout. 

Li bon pou ge djakout kouzen ak kouzin sitou u menm kap fe komes lap edew grandi komes u paske li responsab ministè ekonomi ak ledikasyon .


C yon lwa u k fe kontra avèl poul bow komes poul edew chache travay 
U menm ki fe gadinay u k fe kontra ak kouzen 

Men depiw pa respekte kontra minis ka fe zaka krib kriblew. 

Mw konseye mete nu an amoni ak zaka moun pap rale lajanw ni kraze komes u.

Pou Kominike ak Kouzen Zakah,  wap monte yon lanp ak Lwil Olive ou Lwil yo fè manje,  nan yon kwiy ak mèch koton,  Wap reprezantel Bay 4 fasad,  Wap mande Legbah bitasyonw pou ouvri wout pou w jwenn kominikasyon an,  Answit wap Adrese Minis la selon Saw bezwen atann de li an.




Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka