Klou jiwòf
Klou jiwòf
Pou gaz: Yon vè dlo ou mete 12 klou jiwòf ladan depi nan aswè nan demen maten bwè li kou li fin bwose dan l.
Si nou pa fè te ak li, nou ka mete l tranpe tou, ou fè enfizyon, nou ka mete l nan epis nou prepare pou kwit manje. Nou ka mete l nan boutèy rasin nou tou. Nou ka itilize poud la oswa klou jiwòf la menm.
Lém di nou Fé resét yo se pa pou plezi se pou rezoud pwoblem nou.
Pwoblém sante pwoblém malchans.
Pwoblém anvoutman.
Tout pwoblèm ou ka genyen depi li gen pote mistik lakay li depim di nou lap rezoud lap rezoud.
Se pou sa si nou relem mande yon bagay sil merite yon bagy ki plis ke resét mw tou diw li paske se pa tout bagay resét ka Fé sa m klé sou li gen bagay ki mande gwo bout espedisyon danble🤔
Fé sa 256 grenn Jiróf wap pran 16 chak lé ou pwal kouche kraze anba bouch byen kraze pandan nan kéw wap Fé vew ou, apre bwé yon vé dlo depiw finn fél pa pale ak pesonn tank wap masel fé vew sou li tout saw vle reyalize si se pou maladi palel di tout saw vle
Atis, atreprené, komésan nan Kélkeswa doméne ou yé a fél wap wé ki evolisyon kap vini
Dire jou wap Fé l la se 16 jou fél nan dim.
siw malad nan kè encore reset sa pa fel li ka bloke kèw.
Fé sa pouw devlope intuisyonw fé sa
Wap bezwen 101 grenn Jiróf
Wap pran 41 vé dlo mete nan yon gwo veso, Fók li ka pran 41 vé dlo a
Pile jiróf la byen pile mete nan dlo a
Kitel tranpe pandan 7 jou nan frigidé w
Apre 7 jou a bwé yon vé chak swa pou rive 41 jou a
Pafwa ou konn rete ou vle tande yon vwa ap pale avéw men ou pa tande byen vréman e ou paka vréman konprann
Fé sa pandan 41 jou mezanmi se nou ki pou gide tét nou bagay yo la se nou ki pou chache yo
Rését nou se nou kwayans konsantrasyon
Te jiwòf pwòpte anndan w, li jere vant lan, li amelyore dijesyon, li fè prevansyon kont kansè poumon. Li ede w jere dyabèt, li pa vle wè bakteri.
Jiwòf pwòpte ak pwoteje fwa w.
Li bon pou dan fè mal epi l trete kèk maladi bouch.
Pou Ti Nana (kowona) lè w bouyi jiwòf la dlo cho sa ou ka itilize l pou fè enfizyon ak fèy amwaz (toufe fèy yo ak dlo jiwòf la). 👉 Li fòtifye sistèm defans kò a ak tout zo nou tou.
Si w ta wè ou gen okèt oswa yon moun ta gen okèt, ou bouyi jiwòf la, ou ka pile l, epi mete de twa ti priz nan 4 tas dlo epi pase l nan paswa e lese l repoze pou de twa minit.
Si w ta bwè 1 tas épi apre kèk minit oswa yon ti tan, li pa kanpe konnen se chalè ki lakoz li sinon jiwòf la ta elimine okèt la ploplop. ��
Pou gaz:
Yon vè dlo ou mete 12 klou jiwòf ladan depi nan aswè nan demen maten bwè li kou li fin bwose dan l.
Si nou pa fè te ak li, nou ka mete l tranpe tou, ou fè enfizyon, nou ka mete l nan epis nou prepare pou kwit manje. Nou ka mete l nan boutèy rasin nou tou. Nou ka itilize poud la oswa klou jiwòf la menm.
Yon ti priz poud jiwòf, si w pa gen poud la jis pile jiwòf la, epi ajoute yon ti priz nan yon vè dlo cho, lese l byen melanje (enfizyon) apre sa bwè vè dlo sa yon moman anvan randevou a, ayayay se chapo ba.
W ap danse anpil bann rara nan defile sa.
Sa bon pou nèg mòlòlò yo.
men si w sibi maladi kè, pa ale la poze w.
Li ede w elimine tèt fè mal, ou ka fè dekoksyon ak li ou mete l nan vapè w ap pran rale nan nen w, nan menm tan an, ou ka fè konprès ak fèy ave pile mare sou fwon w pou tèt fè mal la. Oswa ou ka toujou bouyi jiwòf ak fèy lougawou pou elimine mal tèt la rapid vit, ou ka ajoute de twa bout jenjanm graje ou pile.
Pou maladi enfeksyon irinè Pran yon ti korosol ki pa fin mi, mete'l bouyi ajoute sik ak 2 tas dlo apresa filtre l bwe l.
Comentarios
Publicar un comentario