Ki jan pou nou chwazi lwa

 Kijan nap konnen ki Lwa pou nou chwazi ? 


Chak moun gen Lwa pa li ki deja la pou li.

Ou gen dwa chwazi tou nenpòt lòt Lwa ou renmen.

•Chèche pami Lwa yo sa ki pi sanble avè ou epi di li ou vle zanmi li.

•Ou gen dwa mande pou Lwa ki renmen ou pou li manifeste.

Gen de lè tou se Lwa ki chwazi yon moun pou travay avè li. Lè sa yo di li reklame li. 


Kijan Lwa reklame moun ?

Lwa pa reklame moun konsa konsa. Gen plizyè rezon ki fè yon Lwa reklame moun.

•Dabò lè Lwa reklame ou se pi gwo benediksyon ou te ka jwenn

•Lwa reklame ou lè li wè lakay ou, yon moun ki ka ede li fè travay Bondye lavi a.

•Lwa reklame ou tou lè lavi dirije li pou li ede ou fè travay ou te vini pou fè sou latè.

•Ou gen dwa refize men lè konsa ou ka rate misyon ou te vini fè sou latè a.

•Oswa li ap vini nan rèv ou.

•Oswa li ap vini pale avè ou nan bouch yon

Lè Lwa ap reklame ou, li vini pale avè ou kare kare.

lòt moun.

•Li pap voye komisyonè pou fè travay sa. 


Eske nou oblije mande Lwa yo ede nou ? 


Non, nap di sa ankò pa gen oblije nan Vodou. Bondye lavi a kite nou lib e libè pou nou mennen vi nou e akonpli misyon nou. Sèlman kòm li konnen travay la pa fasil, li mete èd disponib pou nou. 


Eske yo konn volè Lwa? 


Pa gen nesesite pou sa. Lwa gen pouvwa pou li separe tèt li pou li itil tout sa ki bezwen, kèlkeswa valè a. Lwa pa pou peson e poutan li pou tout moun. Pesòn pa ka posede yo, e poutan tout moun ka sèvi ak yo. 


Kijan pou mwen rekonekte ak Lwa ki te nan fanmi m ? 


Eskòt Lwa ki mache avèk yon fanmi toujou la, yo pa janm fè wonn pòt. Lè ou chwazi pa okipe yo, yo fè silans. Si yon fanmi pèdi kontak ak Lwa li paske yon jenerasyon te chwazi rejete, nenpòt kiyès nan fanmi a ki vle ka reprann relasyon ak Lwa yo. 


envite yo vini manje ak ou. Sa ka fèt an prive, konsa tou si gen mwayen ou ka fè yon dans.

•Dabò fòk ou chèche konnen kiyes Lwa ki mache ak fanmi ou

• Ou ka mande yon ansyen nan fanmi a enfòmasyon sa

• Ou ka mande Lwa yo pou yo manifeste : o Limen yon balèn blan chak swa pandan 9 jou bò kote yon kivèt blan plen dlo. Avan ou domi, wap mande pou yo vini visite ou. Domi pou kont ou ak kivèt la bò tèt ou. Depi 9h fòk ou deja benyen epi kouche, Lwa pa mache ta jan nou konprann lan. 


• Ou ka tou ale kay yon gid k ap ede ou

idantifye Lwa fanmi ou

•Lè ou fini refè konesans ak Lwa ou yo, ou ka


•Komanse pa envite Lwa ou renmen vini lakay

Epi tou, ou ka komanse fanmi pa w ak eskòt Lwa pa w.

ou. • Limen lanp li

• Sèvi manje pou li

• Mete koulè li renmen sou ou 


Pa envite yon pakèt Lwa ansanm tout swit,

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka