Kansè nan bouch
Jodia nou vin fon palavèw de kansè nan bouch :
Eske nou konnen nou ka fè kansè nan bouch nan fè tibèf ?
Kijanw ka fè arive fè kansè nan bouch pa tibèf?
Kòmanw ka évite fè maladi sa?
komanw ka arive fè kansè nan fè tibèf, kijanw ka évite pou pa fèl?
ki kalite moun ki pi riske fas a kansè nan bouch ?
Kisa ki tibèf la ?
lè fiya ap souse peni gason an, oubyen lè gason an ap souse bouboune yon fi.
Kansè ?
miltiplikatyon de plizyè selil ki anormal.
Kisa ki ka koze yon moun arive fè Kansè nan bouch a lèd de tibèf ?
se a koz yon viris ki rele *VPH* ki signifi virus papillome humains, ou souvan pran li nan fè bagay San kapot, oubyen ak plizyè patenè.
Viris sa lew genyenl nan bouboune ou ak nan peniw epi wal fè tibef, ebyen Viris sa ale direkteman nan bouch ou ki pral koze dega.
Lè Viris sa antre nan bouch ou li endomage tout selil ki nan bouch ou yo. E nou konnen selil se inite anatomik tout èt vivan.
Depi Viris la tombe se katastwof sitou siw se yon moun kipa renmen ale lopital.
E se Viris sa ki tombe nan bouch la ki pral koze Kansè à.
Siy ak symptom Kansè nan bouch ki koze pa VPH :
-Yon malad nan bouch kipap janm geri.
-Pâti à anfle
-Yon tach blanch ou roug
35% moun ki fè Kansè nan gòg se Viris sa ki kozel.
VPH la se youn nan faktè ki riskew fè Kansè nan gòg ak nan bouch lèw nan fè tibèf, Kansè sa rele, cancer oropharyngé.
Infection an pa koze direkteman Kansè nan bouch, men se virus la ki ap koze changman nan selil ki déjà enfekte yo eki pral Bay selil kansere yo, e la pral gen miltiplikatyon selil kansere yo.
Yon moun ki fimen pagen anpil pouvwa pou VPH ta trete lakay li, paske tabak la detwi selil iminitè po li. E gen 15%moun kifè Kansè bouch la pa VPH se moun ki fimen e kigen plizyè patenè seksyel.
Moun ki riske yo :
-moun ki fimen ki pran tabak
-moun ki bwè kleren anpil yo
-moun kifè VPH
Tretman :
-tretman depann de ki nivo Kansè à ye gen nivo se chiriji yap fè, gen nivo se radyoterapi, e gen nivo kiss chimyoterapi.
Gen nivo yo pap kafè anyen pou ou.
Prevantyon:
-Se genyen yon sèl patenè seksyèl
-toujou ale lopital lèw santi bouboune ou oubyen peniw ap gratew ou ap brulew lew ap pipi, oubyen ap Bay likid, pa pran medikaman poukow.
-Siw gen plizyè patenè sèvi ak kapot, e évite fè tibèf pou pa pran nan Viris sa
-men siw gen yon sel se ale lopital al fè tès pouw konnin si youn nan nou pa genyn VPH la.
fè anpil atansyon pouw pa pran nan VPH, mwen konseye nou tout ale lopital pou yo wè si nou pagen Viris sa nan San nou.
Comentarios
Publicar un comentario