Kanpay rejete
Ou di vodouyizan pa toleran ak kretyen, konbyen fwa ou tande vodouyizan atake kretyen pandan yo menm fè kanpay rejte kont vodouyizan pandan 33 fwa, yo mache boule peristil nou, touye ougan ak manbo, koupe pye bwa jiskaprezan nou poko ba yo okenn repons.
Konbyen fwa ou wè yon vodouyizan anba yon piblikasyon yon kretyen fè n ap di asepte lwa lwa yo pi bon, pandan chak jou y ap fè sa.
Konbyen fwa ou tande nan seremoni n ap fè lwa yo n ap site non levanjil ladan l, m kwè se tanbou, touye bèt, bay manje manje nou fè pandan y ap mache fè kwazad tout kote y ap di nou se Djab.
Si w anvi defann kretyen yo fè sa pi byen.Map swi konvèzasyon yo ak anpil atansyon, menm gen 3 bagay mw remake oubyen dekouvri lakay majorite nan nou ki ap entèraji la.
1) Mw remake nou manke toleran.
M leve nan lakou, mw te gen chans wè kijan grann mw te konn sèvi ak moun.
Kay grann mw se te kay tout moun, li pa konn fè diferans ant moun ki vodwizan ak moun ki kretyen, li te konn sèvi yo ak menm lanmou an.
2) Nou obsede de kretyen yo.
Nou telman (pa vle wè) kretyen yo, nou pase plus tan ap pale de yo ke nou pale de vodou.
3) Nou gen pwoblèm ak bib.
Wi m fè remak sa, men gran paran nou yo pat konsa.
Comentarios
Publicar un comentario