Kafou nan vodou

 MAJI NAN KAFOU


Vodou se yon kilti, rasin nan soti an afrik pandan epòk esklavajis la kolonizatè yo te vin avèk afriken nan tout koloni nan amerik la, esklav sa yo te tou vini avèk kilti yo.

Anpil ayisyen ki vodouyizan konnen kisa ki rele: (Kafou, kafou 3, kafou 4).

Manje nan lari, boutèy kleren nan lari nan yon kafou, pratik sa w'ap jwenn li nan plizyè lòt peyi tankou nan antiy yo, brezil, cuba...

Daprè yon gran pwofesè istoryen nan brezil ki rele Leandro Brulhoes, li rakonte ki kote orijin mete manje nan kafou a soti;
"manje nan kafou a se te yon fason esklav yo te kreye pou alimante lòt esklav ki t'ap sove yo".

Nan plizyè kafou yo kite manje chak sa ki vini ki pote yon bagay, yo manje yo kite sa yo pote a pou lòt ki ap vini yo ak yon boutèy kleren pou soulaje doulè yo epi yon moso chandèl pou bèt pa't apwoche manje yo.

Pou jis kounyè a ansyen esklav yo, de jenerasyon an jenerasyon yo toujou kenbe koutim sa yon fason pou onore zansèt yo, pou remèsiman, pwosperite, pou fè demand pwoteksyon.

Nòmalman jan anpil moun konnen li, legliz katolik ki te e toujou jwe yon gwo wòl nan kolonizasyon deklare ke pratik sa se yon bagay satanik, se te yon fason pou yo dekouraje lòt esklav yo, pou yo ka konvèti yo.

Comentarios

Entradas populares de este blog

Ki sa ki lwa nan vodou?

Leson

Lanp kouzen zaka