Inisyasyon
Kisa ki inisyason an?
Inisyasyon se mwayen ki pou rann ou antre nan on mouvman, on sèk oubyen yon ekip.
Anndan inisyasyon nou jwenn mo inisye.
Inisye ya se moun ki sibi inisyasyon an.
Nan vodou, moun inisye nan plizyè sèk, ezanp kouche kanzo pouw ougan, manbo ak plizyè lot plas ki ka gen nan on lakou oubyen bitasyon, Ou ka inisye nan sosyete sekrè yo tou
Kilè on moun ka inisye?
On moun ka inisye lèl jwenn apèl oubyen demand pou sa.
Sa vle di se pa nenpot moun ki ka annik rete epil chwazi ougan oubyen manbo, fòk ou jwenn apèl pou sa.
Pouw inisye
1- fòk ou an amoni ak bitasyonw e fòk bitasyonw dakò.
2- fòk ou chache konn plas ou paske yo ka chwaziw men se pa pou ougan.
3- chache konn misyonw.
4- ranje kozew ak lwa nan bitasyonw yo (marasa, mò elatriye ).
5-konsilte on konnen ki pou pale ak ou e baw kèk konsèy.
6-amonizasyon an dwe fèt sou bitasyon bò manmanw ak papaw siw ka tcheke bitasyon gran paranw yo lap bon tou.
7- evite ekspoze move imaj de ou de vodou epi chache sajès ak limyè
Rès la sou kont ginen yo.
Pa bliye sa, gen moun ki met fè tout sal vle, li paka kouche kanzo paske li pa jwenn apel pou sa bitasyon li pa aksepte.
Comentarios
Publicar un comentario